Return   Facebook   Zip File

Obligatory

RESITE PRIYÈ SA A CHAK JOU A MIDI.

Mwen pote temwayaj, O Bondye mwen, Ou te kreye mwen pou mwen konnen Ou ak pou mwen adore Ou. Mwen temwen, kounyeya, mwen pa gen pouvwa, se Ou menm Ki gen pisans, mwen pòv, Ou rich.

Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.

#7611
- Bahá'u'lláh

 

RESITE PRIYÈ SA A YON FWA CHAK VENKATRÈ

Si yon moun vle resite priyè sa a, se pou li kanpe e vire bò kote Bondye , e pandan li kanpe se pou li gade adwat e agoch, tankou li t’ap tann mizèrikòd Senyè li a, Li menm Ki Pi Mizèrikòdye a, Ki Gen Konpasyon. Epi, se pou li di:

O Ou menm, Senyè tout non yo ak Kreyatè syèl la! Mwen priye Ou poutèt Yo menm Ki se Sous Lespri kache Ou a, Ou menm Ki Pi Egzalte a, Ki Pi Gloriye a, mwen priye Ou pou fè priyè mwen vin tankou yon dife ki pral boule vwal yo ki te anpeche mwen wè bèlte Ou, e yon limyè ki ap mennen mwen bò kote lanmè Prezans Ou.

Epi, se pou li leve men li yo pou sipliye Bondye - Ki beni e egzalte - e di:

O Ou menm Dezi lemonn ak Byeneme nasyon yo! Ou wè mwen ap vire bò kote Ou, san okenn atachman pou pèsonn sof Ou menm, e m’ap kenbe fèm nan kòd Ou a, yon kòd ki mete lavi nan tout kreyasyon an lè li fè mouvman. Mwen se sèvitè Ou, O Senyè mwen, ak pitit sèvitè Ou. Gade mwen kanpe byen dispoze pou fè volonte Ou ak dezi Ou, avèk sèl objektif pou mwen fè Ou kontan. Mwen sipliye Ou avèk Oseyan mizèrikòd Ou ak Solèy gras Ou pou sèvi ak sèvitè Ou yo daprè volonte Ou ak dezi Ou. Ak pisans Ou ki konplètman depase tout pawòl ak lwanj! Tout sa Ou revele, se sa ki dezi kè mwen ak byeneme nanm mwen. O Dye, Bondye Mwen! Pa gade atant mwen yo ak tout sa m’ap fè, okontrè, pito Ou gade volonte Ou ki te antoure syèl la ak tè a. O Ou menm Senyè tout nasyon yo! Avèk Pi Gran Non Ou, mwen te dezire sèlman sa Ou te dezire, e mwen renmen sèlman sa Ou renmen.

Epi, se pou li mete li ajenou, e pandan li bese fon li atè, di:

Ou egzalte pi wo pase esplikasyon nenpòt moun ta kapab bay, e pa gen anyen ki kapab konprann Ou sof Ou Menm menm.

Se pou li kanpe e di:

O Senyè mwen, fè lapriyè mwen tankou yon fontèn dlo k’ap bay lavi k’ap fè mwen viv toutotan pouvwa Ou ap kontinye, e k’ap fè mwen site Non Ou nan chak mond pami tout mond Ou yo.

Se pou li leve men li yo ankò nan lapriyè, e di:

O Ou menm ki te fè kè ak nanm yo fonn lè yo separe ak Ou! Lemonn antye te pran dife poutèt lanmou li genyen pou Ou! Akoz Non Ou ki te pèmèt Ou domine tout kreyasyon an, mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn sa ki nan men Ou, O Ou menm ki dirije tout lèzòm! O Senyè mwen! Ou wè moun enkoni sa a k’ap prese pou rive lakay li ki pi egzalte, ki la anba pwoteksyon majeste Ou e ki rete anndan lakou mizèrikòd Ou; Ou wè pechè sa a k’ap chèche oseyan padon Ou an; Ou wè mwen menm ki piti k’ap chèche lakou glwa Ou; e Ou wè kreyati pòv sa a k’ap chèche syèl richès Ou a. Ou genyen otorite pou kòmande tout sa Ou vle. Mwen temwen Ou merite lwanj pou tout sa Ou fè, Ou merite obeyisans nan tout sa Ou kòmande, epi Ou dwe kontinye san okenn anpechman nan tout sa Ou ap deside.

Epi, se pou li leve men li yo, e repete twa fwa Pi Gran Non an . Answit, se pou li bese do li e mete men li yo sou jenou li devan Bondye - benediksyon ak lwanj pou Li - e di:

Ou wè, O Bondye mwen, jan lespri mwen te vin resisite nan tout kò mwen, avèk dezi pou li adore Ou, e nan bi pou li sonje Ou ak ba Ou lwanj; Ou wè jan lespri mwen bay temwayaj sou tout sa Lang Kòmandman Ou te temwaye nan wayòm pawòl Ou yo ak nan syèl konesans Ou an. Jan lespri mwen ye la a, O Senyè mwen, mwen ta renmen mande Ou tout sa Ou posede, pou pèmèt mwen montre povrete mwen, e bay lwanj pou bonte Ou ak richès Ou yo, e pou mwen deklare mwen pa gen pouvwa, epi fè pouvwa Ou ak pisans Ou parèt.

Answit, se pou li kanpe e leve men li yo 2 fwa nan siplikasyon, epi di:

Pa gen lòt Bondye pase Ou, Toupisan an, Sila a Ki Gen Tout Bonte a. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Bay Lòd depi okòmansman jiska lafen. O Bondye, Bondye mwen! Padon Ou te ban mwen kouraj, e mizèrikòd Ou te soutni mwen, e apèl Ou te reveye mwen, e gras Ou te leve mwen epi mennen mwen nan direksyon Ou. Si se pa t’ pou sa, kiyès mwen ye pou mwen ta genyen kouraj pou kanpe devan baryè vil prezans Ou an? Oubyen, kijan mwen ta kapab fikse je mwen bò limyè yo k’ap klere nan syèl volonte Ou a? Ou wè, O Senyè mwen, kreyati malere sa a k’ap frape nan pòt gras Ou, ak nanm frajil sa a k’ap chèche rivyè lavi ki san fen an k’ap koule nan men bonte Ou yo. Se Ou menm ki kòmande nan chak moman, O Ou menm Senyè tout non yo; e se mwen menm ki dwe reziye m’, kite volonte mwen, e swiv ak tout kè mwen volonte Ou, O Kreyatè syèl la!

Epi pou li leve men li yo twa fwa, e di:

Bondye pi gran pase tout gran yo!

Se pou li mete li ajenou, e pandan l’ap bese fon li atè, di:

Ou tèlman wo, menm lwanj moun ki pre Ou pa ta kapab rive monte nan syèl prezans Ou an, ni zwazo kè moun ki adore Ou yo pa kapab rive jwenn ti pòt ki nan baryè Ou a. Mwen temwen, O Bondye, Ou sanntifye pi wo pase tout kalite, e Ou pi sen pase tout non yo. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Ou menm Ki Pi Egzalte, Ki Pi Gloriye.

Epi pou li chita e di:

Mwen bay temwayaj sou sa tout bagay ki kreye te bay temwayaj, e sou sa Lame Selès la ak abitan nan Paradi ki pi wo a te bay temwayaj, e anplis, mwen temwen sou sa Lang Grandè a li menm tou te bay temwayaj nan Syèl ki pi gloriye a: mwen temwen se Ou menm Ki Bondye, pa genyen lòt Bondye pase Ou, e Li menm Ki te manifeste a se Li Ki Mistè Kache a, Siyn Ki Gen Plis Valè a, Sila a Ki te mete ansanm lèt P, A, R, È, e T pou bay lòd ‘Parèt.’ Mwen temwen se Plim Ki Pi Wo a ki te ekri non Sila a Ki te manifeste a, e Non Li te site nan tout Liv Bondye, Senyè Twòn anwo a ak Senyè sou tè a.

Epi pou li kanpe dwat e di:

O Senyè tout egzistans lan! O Ou menm Ki Posede tout bagay vizib e envizib! Ou wè dlo k’ap soti nan je mwen e Ou konnen soupi mwen yo, Ou tande lè m’ap jemi, e lè m’ap kriye, ak soufrans ki nan kè mwen. Avèk pisans Ou! Erè mwen yo te anpeche mwen vin pi pre Ou; e peche mwen yo te kenbe mwen lwen lakou sentete Ou. O Senyè mwen, lanmou Ou te anrichi mwen, e separasyon mwen ak Ou te detwi mwen, distans mwen avèk Ou te fini ak kò mwen. Mwen priye Ou poutèt prezans Ou nan lemonn sovaj sa a, e poutèt pawòl sa yo “Men mwen. Men mwen,” moun Ou te chwazi yo te di nan gran kreyasyon sa a, e mwen priye Ou poutèt souf Revelasyon Ou an, ak dous van nan Douvanjou Manifestasyon Ou an, pou bay lòd pou pèmèt mwen gade sou bèlte Ou e swiv tout sa ki ekri nan Liv Ou a.

Se pou li repete Pi Gran Non an twa fwa, epi bese do li, mete men li yo sou jenou li, e di:

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, poutèt Ou te ede mwen sonje Ou ak ba Ou lwanj, e Ou te fè mwen konnen Sila a Ki se Sous siyn Ou yo, e Ou te fè mwen koube devan Otòrite Ou epi bese mwen devan Lespri Diven Ou an, e asepte tout sa Lang grandè Ou a te di.

Li dwe leve epi di:

O Bondye, Bondye mwen! Do mwen koube akoz chay peche mwen yo, epi pwòp neglijans mwen te kraze mwen. Nenpòt lè mwen reflechi sou erè mwen yo ak gras Ou, kè mwen ap kase, e san mwen ap bouyi nan venn mwen yo. Nan Bèlte Ou, O Ou menm Dezi lemonn! Mwen jennen pou mwen vire figi mwen bò kote Ou, e malgre men mwen yo anvi adore Ou, mwen santi m’ wont pou leve yo nan direksyon syèl bonte Ou. Ou wè, O Bondye mwen, jan dlo ki soti nan je mwen ap anpeche mwen sonje Ou, e jan li fè mwen pa kapab glorifye kalite Ou yo, O Ou menm Ki Senyè Twòn anwo a ak Senyè sou tè a! Mwen priye Ou ak tout kè m’ poutèt tout siyn Wayòm Ou an ak mistè Souverènte Ou, pou Ou aji avèk byeneme Ou yo daprè bonte Ou, O Senyè tout egzistans lan, e trete yo daprè gras Ou ta merite, O Ou menm Ki Wa tout sa ki vizib ak tout sa ki envizib!

Se pou li repete Pi Gran Non an twa fwa, epi mete li ajenou, e pandan li bese fon li atè, di:

Lwanj pou Ou, O Bondye nou, poutèt Ou te fè desann sou nou sa k’ap atire nou bò kote Ou, epi Ou ban nou tout bon bagay Ou te voye nan Liv Ou yo ak Ekri Ou yo. Nou sipliye Ou, O Senyè mwen, pou pwoteje nou kont tout panse ki san valè ak imajinasyon initil. An verite, Ou Pisan, Ou Konnen Tout Bagay.

Se pou li leve tèt li, chita, epi di:

Mwen temwen, O Bondye mwen, sa Sila yo Ou te chwazi yo te temwen, e mwen admèt sa abitan nan Paradi ki pi wo a ak yo menm ki te antoure Twòn pisan Ou an te admèt. Wayòm tè a ak wayòm syèl la se pou Ou, O Senyè tout mond yo!

#7613
- Bahá'u'lláh

 

RESITE PRIYÈ SA A CHAK JOU, NAN MATEN, MIDI E ALANJELIS.

Nenpòt moun ki vle priye, se pou li lave men li, e pandan l’ap lave men li, di:

Ranfòse men mwen, O Bondye mwen, pou li kapab kenbe Liv Ou a avèk yon fidelite ki tèlman fèm sa pral anpeche pèp yo ki nan lemonn gen pouvwa sou li. Pwoteje li, tou, pou li pa melanje nan bagay ki pa regade li. An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Genyen Plis Pouvwa.

E pandan l’ap lave figi li, se pou li di:

Mwen te vire figi mwen nan direksyon Ou, O Senyè mwen! Klere li ak limyè vizaj Ou. Pwoteje li, anplis, pou li pa tounen nan direksyon yon lòt ki pa Ou menm.

Epi li dwe kanpe, e vire figi li nan direksyon Qiblih a , e di:

Bondye temwen pa gen lòt Bondye esepte Li menm. Wayòm Revelasyon an ak wayòm kreyasyon an se pou Li. An verite, se Li Ki te voye Sila a Ki se Sous Revelasyon an, Li menm Ki te pale sou Mòn Sinayi a, Ki te fè Syèl Siprèm nan klere, Ki te fè Pyebwa Selès la ki pa kapab depase a leve vwa li, e se Li menm Ki te lanse apèl sa a pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a: “Tande Mwen byen, Sila a Ki Posede Tout Bagay gen tan vini. Tè a ak syèl la, glwa ak otorite yo se pou Bondye, Senyè a pou tout lèzòm, Sila a Ki Posede Twòn ki nan syèl la ak Twòn ki sou tè a!”

Epi, se pou li koube do li, epi mete men li sou jenou li, e di:

Se Ou menm Ki egzalte pi wo pase lwanj mwen ak lwanj tout lòt moun; Ou pi wo pase sa mwen kapab esplike ak tout sa sila yo ki nan syèl la e sou latè kapab esplike!

Epi, se pou li kanpe epi leve e ouvri de plamen li anlè nan direksyon vizaj li, e di:

O Bondye mwen, O Ou menm Ki Pi Mizerikòdye pami tout sila yo ki gen mizerikòd! Pa kite moun ki te kenbe fèm ak dwèt fidèl li yo sou ke wòb mizerikòd ak gras Ou pèdi espwa.

Epi, se pou li chita e di:

Mwen sèten gen yon sèl Bondye e Ou pa gen parèy, se Ou menm Ki Bondye, e pa gen lòt Bondye pase Ou. An verite, Ou te revele Koz Ou a, Ou te respekte angajman Alyans Ou, e Ou te ouvri pòt gras Ou byen laj devan tout sa ki abite nan syèl la e sou tè a. Benediksyon ak lapè, salitasyon ak glwa, rete sou byeneme Ou yo, yo menm ki pa te kite chanjman ak chans ki genyen nan lemonn anpeche yo vire nandireksyon Ou, e ki te abandone tout sa yo te genyen, avèk espwa yo t’ap jwenn sa Ou posede a. An verite, se Ou menm K’ap Toujou Padone, Ki Gen Tout Bonte a.

Nan plas vèsè long lan, sa t’ap sifi si yon moun ta deside resite mo sa yo: “Bondye temwen pa gen lòt Bondye esepte Li menm, Sila a Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.” E menm jan an, li t’ap sifi, pandan l’ap chita, si li ta deside resite mo sa yo: “Mwen sèten gen yon sèl Bondye e Ou pa gen parèy, se Ou menm Ki Bondye, e pa gen lòt Bondye pase Ou.”

#7612
- Bahá'u'lláh

 

General

Ansèyman

Glwa pou Ou, O Senyè tout mond la e Dezi tout nasyon yo, O Ou menm Ki te vin manifeste nan Pi Gran Non an, kote bijou sajès ak pawòl yo te parèt nan koki ki soti nan gran lanmè konesans Ou an, epi syèl revelasyon diven an te vin bèl lè limyè vizaj Ou te parèt tankou yon solèy.

Mwen sipliye Ou, avèk Pawòl sa a ki te fè prèv Ou yo vin pafè pami kreyati Ou yo epi ki te fè temwayaj Ou vin akonpli pami sèvitè Ou yo, pou ranfòse pèp Ou yo nan sa ki pral pèmèt imaj Koz la klere nan wayòm Ou an, epi ki pral plante drapo pouvwa Ou yo pami sèvitè Ou yo, e ki pral leve bandwòl direksyon Ou toupatou nan teritwa Ou yo.

O Senyè mwen! Ou wè y’ap kenbe fèm nan kòd gras Ou epi y’ap rale ke wòb benediksyon Ou an. Chwazi pou yo sa ki pral atire yo vin pi pre Ou, e ki pral anpeche yo melanje nan tout lòt bagay ki pa Ou menm.

Mwen sipliye Ou, O Ou menm Ki Wa egzistans lan ak Pwotektè pou tout sa ki vizib ak tout sa ki envizib, pou fè nenpòt moun ki leve pou sèvi Koz Ou a vin tankou yon lanmè k’ap avanse daprè dezi Ou, tankou yon dife k’ap boule avèk dife Pyebwa Sakre Ou a k’ap klere depi nan syèl volonte Ou a. An verite, se Ou menm Ki pisan, Ki pa afebli akoz pouvwa ki genyen nan lemonn ni akoz tout fòs nasyon yo genyen. Pa gen yon lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Rete Sèl, Ki Pa Gen Parèy, Pwotèktè a, Ki Egziste Pou Kont Li.

#7620
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou, poutèt Non Ou pèsonn moun pa te rekonèt nan fason li ta merite a, yon Non okenn nanm pa te vrèman konprann siyifikasyon li; mwen sipliye Ou poutèt Li menm Ki se Tèt Sous Revelasyon Ou an ak Solèy siyn Ou yo, pou fè kè mwen vin yon vèso pou kenbe lanmou Ou ak souvni Ou. Fè kè mwen vin atache ak pi gran Oseyan Ou an, pou fè dlo sajès Ou yo k’ap bay lavi ansanm ak sous klè yo k’ap ba Ou glwa ak lwanj koule soti nan li.

Manm kò mwen temwaye sou linite Ou, epi cheve nan tèt mwen deklare pouvwa otorite Ou ak pisans Ou. Mwen te kanpe devan pòt gras Ou kote mwen te konplètman bliye tèt mwen e mwen te konplètman elimine volonte mwen, kote mwen te kenbe fèm ke wòb bonte Ou, e mwen te fikse je mwen nan syèl favè Ou yo.

Chwazi yon desten pou mwen, O Bondye mwen, ki t’ap diyn pou grandè majeste Ou, epi ede mwen, avèk gras Ou k’ap ranfòse a, pou mwen anseye Koz Ou a tèlman byen l’ap fè mò yo ta prese soti nan kav yo, epi avanse pou jwenn Ou, kote yo ta mete tout konfyans yo nan Ou menm, e fikse figi yo sou richès Koz Ou a, e sou kote limyè Revelasyon Ou an ap leve.

An verite, se Ou menm Ki Gen Plis Pouvwa, Ki Pi Wo, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

#7621
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, Ou menm Ki Pa Gen Parèy! O Ou menm Senyè Wayòm nan! Se nanm sa yo ki fòme lame selès Ou a. Ba yo èd Ou, epi fè yo jwenn viktwa avèk sipò twoup ki nan Fòs Siprèm nan, pou yo chak ta vin tankou yon rejiman solda k’ap pote viktwa sou peyi sa yo akoz lanmou yo gen pou Bondye ak limyè ki nan ansèyman diven yo.

O Bondye! Ranfòse yo epi soutni yo, asosye Ou ak yo nan teren kote moun pa viv yo, nan mòn yo ak nan vale yo, nan forè yo, nan plèn yo e nan lanmè yo pou yo kapab lanse apèl la avèk èd pouvwa Wayòm nan ak souf Lespri Sen an.

An verite, se Ou menm Ki Fò, Ki Pisan, Ki Gen Tout Otorite, se Ou menm Ki Saj, Ki Tande e Ki Wè.

#7622
- `Abdu'l-Bahá

 

Zanmi yo k’ap gaye pafen Bondye ta dwe resite priyè sa a chak maten:

O Bondye, Bondye mwen! Ou wè kreyati fèb sa a k’ap mande pouvwa selès, yon malere ki anvi jwenn trezò Ou yo ki soti nan syèl la, yon moun ki swaf ki ta renmen jwenn fontèn lavi etènèl la, yon malad k’ap chèche gerizon Ou te pwomèt la daprè mizèrikòd Ou ki p’ap janm fini - yon mizèrikòd Ou te chwazi pou sèvitè Ou yo ki nan Wayòm Ou anwo a.

O Senyè! Mwen pa gen okenn sekou sof Ou menm, okenn pwoteksyon aprè Ou menm, okenn sipò esepte Ou menm. Ede mwen avèk zanj Ou yo pou gaye pafen sakre Ou yo e pataje ansèyman Ou yo toupatou pami pèp Ou te chwazi yo.

O Senyè mwen! Pèmèt mwen detache ak tout lòt bagay sof Ou menm, ede mwen kenbe byen ke wòb bonte Ou a, fè mwen konplètman devwe nan Relijyon Ou, rete fèm e fidèl nan lanmou Ou e fè m’ viv annakò ak sa Ou te kòmande nan Liv Ou a.

An verite, se Ou menm Ki Gen Pouvwa, Ki Pisan, Ki Gen Tout Otorite.

#7623
- `Abdu'l-Bahá

 

Chak nanm k’ap travèse vil yo, vilaj yo ak bouk yo ki nan Eta sa yo e ki angaje nan gaye pafen Bondye, ta dwe fè lekti priyè sa a chak maten:

O Bondye mwen! O Bondye mwen! Ou wè mwen piti e fèb, men mwen okipe nan pi gran travay la, avèk fèm desizyon pou egzalte pawòl Ou pami mas pèp yo e pou gaye ansèyman Ou pami sèvitè Ou yo. Kòman mwen kapab reyisi si Ou pa pote èd pou mwen avèk souf Lespri Sen an? - si Ou pa ede mwen jwenn viktwa a avèk sipò lame selès nan wayòm glwa Ou, e si Ou pa voye ranfòsman sou mwen tankou lapli? Se ranfòsman Ou sèlman ki kapab fè yon bigay tounen yon malfini, ki kapab fè yon gout dlo tounen plizyè rivyè ak lanmè, e ki kapab fè yon ti pousyè tounen yon kantite limyè ak solèy. O Senyè mwen! Ede mwen avèk pouvwa Ou ki pisan k’ap bay viktwa a, pou pèmèt lang mwen chante lwanj pou Ou epi rakonte kalite Ou yo pami tout pèp yo, pou pèmèt nanm mwen debòde avèk bwason diven lanmou ak konesans Ou.

Se Ou menm Ki Gen Pisans sou tout bagay, Ki Fè tout sa Ou deside.

#7624
- `Abdu'l-Bahá

 

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen! Sa yo se sèvitè Ou ki atire avèk pafen mizèrikòd Ou, ki chofe akoz dife k’ap boule nan pyebwa linite Ou, e ki gen je k’ap klere akoz y’ap gade ekla limyè k’ap briye nan Sinayi linite Ou.

O Senyè! Libere lang yo pou yo kapab site Non Ou pami pèp Ou yo. Pèmèt yo louwe Ou akoz gras Ou ak jantiyès Ou ki plen lanmou, ede yo avèk lame zanj Ou yo, ranfòse kouraj yo nan sèvis Ou, epi fè yo tounen siyn direksyon Ou pami kreyati Ou yo.

An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Pi Egzalte a, K’ap Toujou Padone, Ki Gen Tout Mizèrikòd la.

#7625
- `Abdu'l-Bahá

 

Nenpòt moun k’ap vwayaje nan divès kote pou anseye, se pou li resite priyè sa a sou mòn yo, nan dezè yo, sou tè a ak sou lanmè a.

O Bondye! O Bondye! Ou wè feblès mwen, jan mwen manke enpòtans, jan mwen mete mwen ba devan kreyati Ou yo; malgre sa, mwen te mete konfyans mwen nan Ou e mwen te leve pou fè avanse ansèyman Ou yo pami sèvitè Ou yo ki fò, epi mwen depann sou pouvwa Ou ak pisans Ou.

O Senyè! Mwen se yon zwazo avèk zèl li ki kase, men mwen vle vole nan syèl Ou ki san limit la. Kòman sa ta kapab posib pou mwen si se pa avèk pwoteksyon ak gras Ou, sipò ak èd Ou?

O Senyè! Gen pitye pou feblès mwen; ranfòse mwen ak pouvwa Ou. O Senyè! Gen pitye pou mwen ki pa kapab la, epi pote èd pou mwen avèk fòs ak majeste Ou.

O Senyè! Si souf Lespri Sen an ta bay sipò pou kreyati Ou ki pi fèb la, li t’ap akonpli tout sa li ap chèche fè, e li ta rive posede nenpòt bagay li vle. Vrèman, Ou te ede sèvitè Ou yo nan tan pase yo, e menm si se te yo menm ki te pi fèb pami kreyati Ou yo, pi ba pami sèvitè Ou yo ak moun ki te gen mwens enpòtans pami tout sa ki te viv sou tè a, men, akoz pèmisyon Ou ak fòs pouvwa Ou, yo te vin gen priyorite pase pèp Ou yo ki te pi gloriye ak moun ki te pi egzalte nan tout limanite. Malgre anvan yo te tankou papiyon, men aprè yo te vin tankou gwo malfini, malgre anvan yo te tankou ti sous dlo yo, men aprè yo te vin tankou lanmè a, poutèt gras Ou ak mizèrikòd Ou. Akoz pi gran favè Ou, yo te vin zetwal k’ap klere nan syèl direksyon an, zwazo k’ap chante nan jaden woz lavi ki p’ap janm fini an, lyon k’ap gonde nan forè konesans ak sajès yo, ak labalèn k’ap naje nan oseyan lavi a.

An verite, se Ou menm Ki Padone, Ki Gen Pouvwa, Ki Pisan, Ki Pi Mizèrikòdye pami mizèrikòdye yo.

#7626
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye! O Bondye! Sa a se yon zwazo ki gen yon zèl kase, epi vòl li ralanti - ede li monte anlè nan direksyon richès yo ak delivrans lan, fè li vole avèk pi gran jwa ak kontantman toupatou nan espas ki pa gen fen an, kite li chante melodi li pou Pi Gran Non Ou an nan tout rejyon yo, pèmèt li fè zòrèy yo rejwi akoz apèl sa a, epi fè je yo klere paske y’ap gade siyn pawòl Ou yo.

O Senyè! Mwen sèl, mwen pou kont mwen, e ba. Pou mwen menm, pa gen okenn sipò sof Ou menm, okenn èd esepte Ou menm, mwen pa gen pèsonn pou soutni mwen, si se pa Ou menm. Fè mwen rete fèm nan sèvis Ou, ede mwen avèk lame zanj Ou yo, fè mwen jwenn viktwa nan gaye Pawòl Ou epi kite mwen pale sajès Ou pami kreyati Ou yo. An verite, se Ou menm Ki ede fèb yo, Ki defann sila yo ki ba, e an verite se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Pisan an, Sila a Ki pa sibi okenn kontrent.

#7627
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye mwen, voye èd Ou pou sèvitè Ou a kapab simaye Pawòl la, pou li kapab rejte sa ki manke valè e ki fo, pou li kapab etabli laverite, gaye vèsè sakre yo nan lòt rejyon yo, devwale glwa yo, epi fè limyè maten an klere nan kè moun ki mache nan ladwati.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Sila a Ki Padone.

#7628
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye, Bondye mwen! Ede sèvitè Ou yo Ou fè konfyans gen kè ki plen lanmou e ki dou. Asiste yo pami tout nasyon yo ki sou latè pou yo kapab gaye limyè direksyon an ki soti nan Lame zanj ki anwo a. An verite, se Ou menm Ki Fò, Ki Gen Pouvwa, Ki Pisan, K’ap Domine Tout Bagay, Ki Toujou ap Bay. An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Dou, Ki Plen Afeksyon, Sila a Ki Gen Plis Bonte a.

#7629
- `Abdu'l-Bahá

 

Nenpòt moun ki kite lakay li pou ale nenpòt kote nan yon vwayaj ansèyman, se pou li resite priyè sa a jou e nwit pandan li nan peyi etranje yo.

O Bondye, Bondye mwen! Ou wè jan mwen pèdi nan afeksyon mwen pou Ou, jan mwen atire nan direksyon wayòm gloriye Ou a, mwen chofe ak dife lanmou Ou nan mitan limanite, m’ap anonse wayòm Ou an nan peyi ki gwo e gran sa yo, mwen detache ak tout bagay esepte Ou menm, mwen konte sou Ou, mwen abandone repo ak konfò, mwen lwen peyi mwen, yon vwayajè nan rejyon sa yo, yon etranje ki tonbe sou tè a, mwen mete mwen piti devan Papòt egzalte Ou a, mwen koube mwen byen ba devan syèl glwa toupisan Ou a, m’ap sipliye Ou nan mitan lannwit ak nan kòmansman douvanjou a, m’ap rele Ou epi m’ap priye Ou maten e swa pou ede mwen sèvi Koz Ou poutèt gras Ou, pou mwen ta kapab gaye Ansèyman Ou yo toupatou epi egzalte pawòl Ou nan tout direksyon nan Lès ak nan Lwès.

O Senyè! Ranfòse do mwen, pèmèt mwen sèvi Ou avèk pi gran efò a, pa lage mwen sou pwòp responsabilite mwen, pou kont mwen, san okenn èd, nan rejyon sa yo.

O Senyè! Pèmèt mwen kominike avèk Ou lè mwen santi m’ pou kont mwen, epi vin yon konpayon pou mwen nan peyi etranje sa yo.

An verite, se Ou menm Ki bay sipò ak nenpòt moun Ou chwazi nan tout sa Ou vle, e, an verite, se Ou menm Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Toupisan an.

#7630
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye, Bondye mwen! Bay èd Ou pou sèvitè fidèl Ou yo kapab genyen kè ki plen lanmou e ki dou. Ede yo gaye pami tout nasyon yo ki sou latè limyè direksyon an ki soti nan Lame anwo a. An verite, se Ou menm Ki Fò, Ki Plen Pouvwa a, Pisan an, Sila a K’ap Domine Tout Bagay, K’ap Toujou Padone. An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Ale Dousman, Ki Gen Kè Sansib, Sila a Ki Gen Plis Bonte.

#7631
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye mwen, ede sèvitè Ou yo pou yo leve onè Pawòl la, epi rejte sa ki san valè ak fo, pou yo rive etabli laverite, gaye vèsè sakre yo toupatou, devwale limyè yo, e fè ekla maten an parèt nan kè moun ki mache nan ladwati.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Padone.

#7632
- `Abdu'l-Bahá

 

Asanble Espirityèl yo

Nenpòt lè nou antre nan sal konsèy la, se pou nou resite priyè sa a avèk yon kè k’ap bat fò avèk lanmou pou Bondye ak yon lang ki pwòpte kont tout bagay sof souvni Bondye, pou pèmèt Sila a Ki Gen Tout Pouvwa a ede nou avèk gras Li pou jwenn viktwa siprèm nan.

O Bondye, Bondye mwen! Nou se sèvitè Ou ki te vire avèk devouman nan direksyon Figi Sakre Ou a, nou te detache nou ak tout bagay esepte Ou menm nan Jou gloriye sa a. Nou reyini nan Asanble Espirityèl sa a, ini nan opinyon ak nan panse nou yo, epi nou pataje yon sèl objektif pou egzalte Pawòl Ou pami limanite. O Senyè, Bondye nou! Fè nou vin siyn ki montre Direksyon Diven Ou an, Drapo pou Fwa Egzalte Ou a pami lèzòm, sèvitè pou Alyans pisan Ou an, O Ou menm Senyè Ki Pi Wo a, egzanp pou Linite Diven Ou an nan Wayòm Abhá Ou a, ak zetwal k’ap klere sou tout rejyon yo. Senyè! Ede nou tounen tankou lanmè yo k’ap monte anba gwo van Gras mèveye Ou yo, sous k’ap koule desann soti nan Otè tout gloriye Ou yo, bon fwi ki nan Pyebwa Koz diven Ou a, pyebwa k’ap balanse anba dous briz Bonte Ou nan Jaden Rezen selès Ou a. O Bondye! Fè nanm nou swaf Vèsè yo ki soti nan Linite Diven Ou an, fè kè nou rejwi akoz inondasyon Gras Ou yo, pou pèmèt nou ini tankou vag nan yon sèl lanmè e vin kole ansanm tankou reyon Limyè briyan Ou an; pou pèmèt panse nou, opinyon nou, santiman nou vin yon sèl reyalite, k’ap montre lespri linite a toupatou nan mond la. Se Ou menm Ki Plen Gras, Ki Plen Bonte, Ki Bay san rete, Toupisan an, Mizèrikòdye a, Sila a Ki Gen Yon Kè Sansib.

#7633
- `Abdu'l-Bahá

 

Reyini nou ansanm avèk yon jwa ki pa gen tach, e nan kòmansman reyinyon an, resite priyè sa a:

O Ou menm Senyè Wayòm nan! Menm si kò nou rasanble isi a ansanm, men fòs lanmou Ou ap lemante kè nou pote yo ale, epi reyon limyè figi Ou genyen ap transpòte lespri nou ale. Menm si nou fèb, n’ap tann revelasyon pisans ak pouvwa Ou. Menm si nou pòv, e nou pa gen byen materyèl ni mwayen, kanmenm nou pran richès nan trezò Wayòm Ou an. Menm si nou tankou gout dlo yo, men nou toujou ap pran nan pwofondè Oseyan Ou yo. Malgre se lonbraj nou ye, kanmenm nou klere nan glwa Solèy briyan Ou an.

O Ou menm Ki okipe bezwen nou! Voye desann èd Ou, pou pèmèt nou chak ki reyini isi a kapab tounen yon bouji ki limen, nou chak kapab vin yon leman k’ap atire lòt moun, nou chak kapab envite pèp yo rantre nan wayòm selès Ou a, jiskaske alafen nou fè mond materyèl sa a reflete imaj Paradi Ou a.

#7634
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou di nan fen reyinyon Asanble Espirityèl la.

O Bondye! O Bondye! Depi nan wayòm linite Ou a ki envizib, voye yon rega sou nou menm ki reyini nan rankont espirityèl sa a - nou kwè nan Ou, nou gen konfyans nan siyn Ou yo, nou fèm nan Alyans ak Testaman Ou, atire nan direksyon Ou, limen ak dife lanmou Ou epi nou sensè nan Koz Ou a. Nou se sèvitè nan jaden rezen Ou an, kwayan k’ap gaye relijyon Ou, fidèl devwe ki adore bèlte Ou, ki mete nou ba devan byeneme Ou yo e piti devan pòt Ou a; n’ap sipliye Ou pou ranfòse nou nan sèvis moun Ou te chwazi yo, pou ban nou sipò lame envizib Ou yo, pou mare senti nou nan sèvis Ou, pou fè nou tounen sèvitè ki soumèt yo ak otorite Ou, ki zele nan adore Ou, k’ap toujou lapriyè Ou.

O Senyè nou! Nou fèb, se Ou menm Ki Pisan, Ki Plen Pouvwa. Nou manke lavi, se Ou menm Ki gran Lespri a, K’ap bay lavi. Nou nan nesesite, se Ou menm Ki Soutni tout bagay, Ki Plen Pouvwa.

O Senyè nou! Fè nou vire figi nou nan direksyon vizaj mizèrikòdye Ou a, nouri nou nan tab selès Ou a avèk gras Ou k’ap debòde a, ede nou avèk lame zanj siprèm Ou yo epi fè nou fèm avèk sipò sen Ou yo ki nan Wayòm Abhá a.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Mizèrikòdye. Se Ou menm Ki Posede gran bonte a, e, an verite, se Ou menm Ki Padone, Ki Plen Gras.

#7635
- `Abdu'l-Bahá

 

Aswè

O Bondye mwen, Mèt mwen, Bi dezi mwen yo! Men sèvitè Ou, ki ta renmen dòmi nan lonbraj mizèrikòd Ou a, epi repoze anba tonèl gras Ou a, k’ap sipliye Ou pou jwenn swen Ou ak pwoteksyon Ou.

Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, poutèt je Ou ki pa janm fèmen, pou pwoteje je mwen, anpeche yo gade lòt bagay esepte Ou menm. Epi, ranfòse kapasite yo pou wè, pou pèmèt yo rekonèt siyn Ou yo, e wè lwen nan Syèl Revelasyon Ou an. Se Ou menm, Sila a Ki te fè pi gwo egzanp pouvwa yo tranble devan siyn pisans Li yo.

Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Toupisan an, Li menm Ki Domine Tout Bagay, Ki pa depann sou anyen.

#7636
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, Bondye mwen! Kòman mwen kapab chwazi dòmi, lè sila yo ki anvi jwenn Ou gen je klè akoz separasyon yo ak Ou; epi kòman mwen kapab kouche pou repoze pandan nanm amoure Ou yo boulvèse poutèt distans yo genyen ak prezans Ou?

Mwen kite lespri mwen ak tout egzistans mwen nan men dwat pisans Ou ak pwoteksyon Ou, O Senyè mwen, e mwen mete tèt sou zoreye mwen akoz pouvwa Ou, epi mwen leve li ankò daprè volonte Ou ak bon plezi Ou. Se Ou menm, vrèman, Ki Pwotektè a, Ki Sere nou lwen danje, Toupisan an, Ki Gen Plis Pouvwa.

Ak pisans Ou! Pandan m’ap dòmi oubyen pandan mwen reveye, mwen mande Ou sèlman sa Ou dezire. Mwen se sèvitè Ou e mwen nan men Ou. Ede mwen avèk gras Ou pou mwen fè sa ki pral gaye pafen bon plezi Ou toupatou. An verite, sa a se espwa mwen ak espwa moun ki jwenn privilèj rete pre Ou. Lwanj pou Ou menm, O Senyè tout mond yo!

#7637
- Bahá'u'lláh

 

Bebe

Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Avèk gras Ou, pèmèt ti bebe sa a bwè nan tete dous mizèrikòd Ou ak nan pwoteksyon Ou konn bay avèk lanmou, epi pèmèt li nouri avèk fwi ki nan pyebwa selès Ou yo. Pa kite li anba swen yon lòt ki pa Ou menm, paske Ou menm, pou kont Ou, te kreye li e rele li pou li egziste avèk pisans volonte Ou ak pouvwa souveren Ou. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Toupisan an, Sila a Ki Konnen Tout Bagay.

Se Ou Ki louwe, O Pi Byeneme mwen! Soufle sou li dous pafen bonte selès Ou yo ak odè agreyab ki nan benediksyon sakre Ou yo. Pèmèt li jwenn pwoteksyon anba lonbraj Non Ou ki pi egzalte a, O Ou menm Ki kenbe nan men Ou wayòm tout non ak kalite yo. An verite, Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou deside, e se Ou menm vrèman Ki Pisan, Egzalte a, K’ap Toujou Padone, Sila a Ki Plen Gras la, Ki Renmen Bay, Li menm Ki Plen Mizèrikòd.

#7763
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye! Elve ti bebe sa a nan kè lanmou Ou, ba li lèt nan tete Pwovidans Ou an. Pran swen nouvo plant sa a nan jaden woz afeksyon Ou epi ede li grandi nan lapli bonte Ou yo. Fè li tounen yon timoun nan wayòm nan, e mennen li jwenn paradi selès Ou a. Se Ou menm Ki plen pouvwa e byenveyan, Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Bay an kantite, Senyè a Ki gen yon bonte ki depase tout bagay.

#7764
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè Ki pa gen parèy! Pèmèt ti bebe nourison sa a nouri nan tete jantiyès Ou an ki plen lanmou, veye li pandan li nan bèso sekirite ak pwoteksyon Ou epi asepte pou li grandi nan bra dous afeksyon Ou yo.

#7765
- `Abdu'l-Bahá

 

Desizyon

Mwen priye Bondye pou Li voye glwa Mwen sou Sín Mím nan [Samandar], ki te toujou ap jwenn favè diven yo, se sèl konesans Bondye ki kapab evalye sa li te soufri nan chemen Bondye. Lè li gen yon desizyon pou pran nan lavi li, se pou li repete diznèf fwa:

Ou wè, O Bondye mwen, jan mwen libere ak tout bagay esepte Ou menm e jan mwen atache ak Ou menm. Poutèt sa, gide mwen nan tout aktivite mwen yo sou sa ki pral ede mwen bay Koz Ou a glwa epi monte ran byeneme Ou yo.

Aprè sa, se pou li reflechi sou kesyon an epi aji daprè sa ki vin nan lespri li. Gwo opozisyon amè sa a enmi yo ap fè pral sede plas pou pi gran richès la.

#7643
- Bahá'u'lláh

 

Detache ou ak Lavi a

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen! Mwen se youn nan sèvitè Ou yo ki te kwè nan Ou ak nan siyn Ou yo. Ou wè jan mwen te apwoche mwen bò pòt mizèrikòd Ou, e mwen te vire figi mwen nan direksyon dous jantiyès lanmou Ou. Mwen sipliye Ou, poutèt tit Ou yo ki pi bon yo ak kalite Ou yo ki pi egzalte, pou ouvri devan figi mwen baryè bonte Ou yo. Epi, ede mwen fè sa ki bon, O Ou menm Ki posede tout non ak tout kalite yo!

Mwen pòv, O Senyè mwen, se Ou menm Ki Rich. Mwen te fikse figi mwen sou Ou, epi mwen te detache mwen ak tout bagay esepte Ou menm. Mwen priye Ou pou pa anpeche mwen jwenn ti briz dous mizèrikòd Ou yo, epi pa kenbe mwen lwen sa Ou te sere pou sèvitè Ou te chwazi yo.

O Senyè mwen, retire vwal ki sou je mwen yo pou pèmèt mwen rekonèt sa Ou te chwazi pou kreyati Ou yo, epi reyisi dekouvri siyn pouvwa toupisan Ou yo ki nan tout kreyasyon Ou. Chame nanm mwen, O Senyè mwen, avèk pi pisan siyn Ou yo, epi retire mwen nan pwofondè dezi move ak mechan mwen yo. Alò, ekri pou mwen sa ki bon nan lemonn sa a ak nan mond k’ap vini an. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Tout-Gloriye a, Sila a tout moun ap chèche èd Li a.

Mwen remèsye Ou, O Senyè mwen, paske Ou te reveye mwen nan dòmi, ak resisite mwen, epi Ou te kreye dezi a nan mwen pou rekonèt sa pi fò nan sèvitè Ou yo pa te kapab konprann. Poutèt sa, O Senyè mwen, fè mwen kapab wè tout sa Ou vle, akoz lanmou mwen genyen pou Ou e poutèt mwen vle fè Ou plezi. Se Ou menm, Sila a tout bagay ap temwaye pouvwa pisans Ou ak fòs otorite Ou.

Pa gen okenn lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Toupisan, K’ap Toujou Fè Byen.

#7639
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye mwen! Pèmèt mwen avanse bò kote Ou, epi rete nan vwazinaj lakou Ou, paske distans mwen avèk Ou preske fini avèk mwen. Fè mwen repoze anba lonbraj zèl gras Ou yo, paske dife separasyon mwen ak Ou te fonn kè mwen. Atire mwen pi pre rivyè a ki se vrè lavi a, paske nanm mwen vrèman swaf nan rechèch l’ap fè san relach pou jwenn Ou. O Bondye mwen, soupi mwen yo montre kòman chagren mwen amè, epi dlo k’ap koule nan je mwen bay temwayaj sou lanmou mwen genyen pou Ou.

Mwen sipliye Ou, poutèt lwanj Ou sèvi pou louwe pwòp tèt Ou, ak glwa Ou sèvi pou glorifye pwòp Lespri pa Ou, mwen sipliye Ou pou asepte konte nou pami moun ki te rekonèt Ou e ki te admèt souverènte Ou pandan jou Ou yo. Answit, O Bondye mwen, ede nou avèk dwèt mizèrikòd Ou yo, pou nou ta byen bwè nan dlo dous jantiyès Ou yo k’ap bay lavi a, pou pèmèt nou konplètman bliye tout lòt bagay esepte Ou menm, pou nou okipe nou avèk Ou menm sèlman. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen okenn Bondye espete Ou, Pisan an, Sekou nan Danje a, Sila a Ki Egziste Pou Kont Li.

Glorifye se non Ou, O Ou menm Ki se Wa a pou tout Wa yo!

#7640
- Bahá'u'lláh

 

Nan Non Senyè Ou a, Kreyatè a, Souveren an, Sila a Ki gen kapasite pou reponn bezwen tout moun, Ki Pi Egzalte, Li menm K’ap bay sekou tout moun ap priye pou yo jwenn.

Se pou nou di: O Bondye mwen! O Ou menm Ki Kreyatè syèl la ak tè a, O Senyè Wayòm nan! Ou konnen byen sekrè yo ki nan kè mwen, poutan Lespri Ou rete yon mistè pou tout bagay esepte Ou menm. Ou wè tout sa ki anndan mwen, men pa gen yon lòt ki gen kapasite sa a sof Ou menm. Voye pou mwen, avèk gras Ou, sa ki pral pèmèt mwen detache ak tout bagay esepte Ou menm, epi chwazi pou mwen sa ki pral fè mwen endepandan ak tout bagay sof Ou menm. Pèmèt mwen kapab rekòlte fwi lavi mwen nan mond sa a ak nan lòt mond la tou. Ouvri devan figi mwen pòt gras Ou yo, e voye sou mwen, avèk bonte Ou, dous mizèrikòd ak favè Ou yo.

O Ou menm Senyè gras k’ap debòde a! Fè èd selès Ou a antoure moun ki renmen Ou, epi voye sou nou kado ak bonte Ou posede yo. Pami tout kreyasyon an, fè nou jwenn satisfaksyon nan men Ou menm sèl, padone peche nou yo epi gen mizèrikòd pou nou. Se Ou Ki Senyè nou ak Senyè a pou tout bagay ki te kreye. Aprè Ou menm, pa gen yon lòt pou nou sipliye, e nou pa priye pou anyen esepte pou favè Ou yo. Se Ou Ki Senyè bonte ak gras la, Ki gen yon pouvwa ki p’ap janm echwe, Ki gen pi gran kapasite pou reyalize plan Ou. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Sila a Ki Posede Tout Bagay, Ki Pi Egzalte a.

O Senyè mwen! Voye benediksyon Ou yo sou Mesaje Ou yo, sou sen yo, ak sou moun ki mache nan ladwati. An verite, se Ou Ki Bondye, Ki Pa Gen Parèy, Ki Gen Pouvwa Sou Tout Bagay.

#7641
- The Báb

 

O Senyè! Bò kote Ou mwen chèche refij, e mwen fikse kè mwen nan direksyon tout siyn Ou yo.

O Senyè! Menm si mwen nan vwayaj oubyen mwen lakay, si mwen nan okipasyon mwen ak nan travay, mwen mete tout konfyans mwen nan Ou.

Ban mwen sipò Ou k’ap sifi pou fè mwen vin endepandan ak tout bagay, O Ou menm Ki san parèy nan mizèrikòd Ou!

O Senyè! Voye pou mwen pòsyon pa mwen daprè plezi Ou, epi fè mwen kontan ak tout sa Ou te chwazi pou mwen.

Se Ou menm Ki gen tout otorite pou kòmande.

#7642
- The Báb

 

Douvanjou

O Bondye mwen, Mèt mwen! Mwen se sèvitè Ou ak pitit sèvitè Ou. Mwen kite kabann mwen nan douvanjou sa a pandan Solèy inite Ou a te klere depi nan Syèl volonte Ou, e gaye limyè li sou tout latè, daprè sa ki te ekri nan Liv Desizyon Ou yo.

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, poutèt nou te reveye pou jwenn glwa ki nan limyè konesans Ou an. Poutèt sa, voye desann sou nou, O Senyè mwen, sa ki pral pèmèt nou endepandan ak tout bagay esepte Ou menm, e ki pral elimine nan nou atachman yo ak tout bagay esepte Ou menm. Ekri pou mwen, ak pou tout moun ki enpòtan pou mwen, ak pou tout fanmi mwen, gason menm jan ak fi, sa ki bon nan mond sa a e nan lemonn k’ap vini an. O Ou menm Ki Byeneme pou tout kreyasyon an ak Dezi tout linivè a, kenbe nou nan sekirite, avèk pwoteksyon Ou ki p’ap janm echwe, pwoteje nou kont sila yo Ou te fè montre siyn Lespri Mechan an, k’ap mimire nan kè lèzòm. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. An verite, se Ou menm, Toupisan an, Sila a Ki Bay Sekou nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.

O Senyè Bondye mwen! Beni Sila a Ou te fè domine tout Tit Ou yo ki pi bon, Li menm Ou te sèvi pou separe fidèl yo ak mechan yo, epi, avèk gras Ou, ede nou fè sa Ou renmen ak sa Ou vle. Beni anplis, O Bondye mwen, Yo menm Ki se Pawòl Ou yo ak Lèt Ou yo, ansanm ak yo menm ki te fikse figi yo nan direksyon Ou, e ki te vire pou wè vizaj Ou, e ki te chèche tande Apèl Ou a.

An verite, se Ou menm Ki Senyè a ak Wa pou tout lèzòm, Li menm Ki gen pouvwa sou tout bagay.

#7709
- Bahá'u'lláh

 

Èd avèk Eprèv yo

Chase chagren mwen avèk fòs bonte Ou ak gran favè Ou yo, O Bondye, Bondye mwen, epi fè soufrans mwen disparèt avèk souverènte Ou ak pisans Ou. Ou wè mwen, O Bondye mwen, avèk figi mwen ki vire bò kote Ou nan yon moman kote tristès antoure mwen nan tout direksyon. O Ou menm Ki se Senyè tout sa ki egziste, Ki domine tout bagay vizib ak envizib, mwen sipliye Ou, poutèt Non Ou ki te fè Ou kapte kè ak nanm lèzòm, poutèt gran vag yo ki nan Oseyan mizèrikòd Ou a e poutèt limyè Solèy bonte ou, mwen sipliye Ou pou konte mwen pami moun ki pa te kite anyen ditou anpeche yo vire figi yo nan direksyon Ou, O Ou menm Senyè tout non yo ak Kreyatè Syèl la!

O Senyè mwen! Ou wè tout bagay ki te rive mwen nan jou Ou yo. Mwen priye Ou, poutèt Sila a Ki se Sous non Ou yo ak Rasin kalite Ou yo, pou chwazi pou mwen sa ki pral pèmèt mwen leve pou sèvi Ou e bay lwanj pou kalite Ou yo. An verite, Se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Gen Plis Pouvwa a, Sila a Ki renmen reponn priyè tout moun!

Epi, finalman, mwen sipliye Ou, poutèt limyè figi Ou, pou beni aktivite mwen yo, pou libere mwen anba dèt mwen yo, ak satisfè bezwen mwen yo. Se sou pouvwa Ou ak otorite Ou chak lang te bay temwayaj, epi chak kè ki konprann te admèt grandè Ou ak souverènte Ou. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Ou menm Ki tande e Ki pare pou reponn.

#7644
- Bahá'u'lláh

 

Nou ba Ou lwanj ak glwa, O Bondye mwen! Mwen sipliye Ou, poutèt soupi amoure Ou yo e poutèt dlo k’ap koule nan je moun ki anvi wè Ou, pou pa anpeche mwen jwenn dous mizèrikòd Ou yo nan Jou Ou a, ni pou pa anpeche mwen tande melodi zwazo Kolonb la k’ap chante lwanj sou linite Ou devan limyè a k’ap klere nan figi Ou. Mwen se yon moun ki nan soufrans, O Bondye! Gade jan m’ap kenbe fèm ak Non Ou, Sila a Ki Posede Tout Bagay. Mwen konnen mwen pral peri; gade jan mwen kenbe fèm ak Non Ou, Sila a Ki p’ap janm peri a. Poutèt sa, mwen sipliye Ou poutèt Ou menm, Egzalte a, Ki Pi Wo a, pou pa abandone mwen pou kont mwen ni pa kite mwen tonbe nan dezi ki soti nan yon move anvi. Kenbe men mwen avèk men pouvwa Ou, sove mwen anba tout panse lejè ak imajinasyon initil mwen yo, epi pwòpte mwen kont tout sa Ou rayi.

Kidonk, fè mwen tounen konplètman nan direksyon Ou, fè mwen mete tout konfyans mwen nan Ou, chèche Ou kòm Refij mwen, epi kouri nan direksyon figi Ou. An verite, se Ou menm Ki fè tout sa Li vle avèk pouvwa pisans Li, e Ki kòmande kèlkeswa sa Li chwazi poutèt fòs volonte Li. Pèsonn pa kapab anpeche Ou akonpli lòd Ou; pèsonn pa kapab detounen Ou nan chemen desizyon Ou. Vrèman, se Ou Ki Toupisan an, Sila a Ki Gen Tout Glwa a, Ki Gen Tout Bonte a.

#7645
- Bahá'u'lláh

 

Elimine nan ou menm tout atachman ak tout bagay esepte Bondye, anrichi ou nan Bondye pandan ou ap abandone tout bagay sof Li, epi resite priyè ki swiv la:

Se pou nou di: Bondye kapab satisfè tout bagay pi byen pase tout lòt bagay, e pa gen anyen ki nan syèl la ni sou tè a oubyen nan tout sa ki nan mitan yo ki kapab satisfè ou sof Bondye, Senyè ou. An verite, se Li, nan Li menm, Ki Konnen, Ki Reyisi Soutni, Ki Gen Tout Otorite.

#7646
- The Báb

 

O Senyè! Se Ou menm Ki fè chak doulè disparèt e Ki elimine tout soufrans. Se Ou menm Ki chase chak tristès e Ki libere chak esklav, Sovè a pou chak nanm. O Senyè! Voye delivrans pou mwen avèk mizèrikòd Ou, epi konte mwen pami sèvitè Ou yo ki te jwenn Wayòm nan.

#7647
- The Báb

 

O Bondye mwen! Ak tout kè m’, mwen mande Ou, avèk pisans Ou, pou pa kite okenn mal rive jwenn mwen nan lè eprèv yo, epi nan moman neglijans yo gide pa mwen yo nan bon direksyon an avèk lespri selès Ou. Se Ou menm Ki Bondye, Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen moun ki kapab opoze ak Volonte Ou oubyen detounen Plan Ou.

#7648
- The Báb

 

Se Li Ki Gen Konpasyon, Ki Gen Tout Bonte a! O Bondye, Bondye mwen! Ou wè mwen, Ou konnen mwen; se Ou menm Ki Azil mwen ak Abri mwen. Mwen pa te chèche pèsonn ni mwen pa pral chèche okenn moun, mwen chèche Ou menm sèl; mwen pa te mache sou okenn chemen ni mwen pa pral mache sou okenn chemen sof nan chemen lanmou Ou. Nan gran fènwa lanwit dezespwa a, je mwen ap gade avèk anvi e plen espwa pou wè maten favè Ou ki pa gen limit epi, nan lè douvanjou a, nanm fane mwen an vin rafrechi e li ranfòse nan sonje bèlte Ou ak pèfeksyon Ou. Nenpòt moun Ou deside ede avèk gras mizèrikòd Ou, menm si se te yon sèl gout li te ye, pral tounen yon oseyan ki pa gen fen, e menm yon ti grenn pousyè tou piti ki jwenn èd nan inondasyon jantiyès Ou ki plen lanmou, pral klere menm jan an ak yon zetwal briyan.

O Ou menm Lespri Ki san tach, Ou menm Ki Bay avèk Tout Bonte, ofri azil pwoteksyon Ou pou sèvitè Ou sa a ki soule e ki anflame akoz bèlte Ou. Ede li nan mond materyèl sa a pou li kapab rete fidèl ak fèm nan lanmou Ou e asepte pou zwazo sa a ki gen zèl li kase kapab rive jwenn azil ak pwoteksyon nan nich diven Ou an ki chita nan pyebwa selès la.

#7649
- `Abdu'l-Bahá

 

Eprèv ak Difikilte

O Ou menm Ki voye eprèv yo - moun ki rete pre Ou konsidere difikilte sa yo tankou yon remèd, O Ou menm Ki voye kout epe a ki se pi gran dezi pou tout moun ki renmen Ou, O Ou menm Ki voye flèch la ki se pi gwo espwa nan kè sila yo ki anvi jwenn Ou, O Ou menm Ki voye kòmandman Ou yo - kòmandman sa yo se sèl anbisyon moun ki rekonèt verite Ou! Mwen sipliye Ou, poutèt dousè selès Ou e poutèt grandè glwa ki nan figi Ou, pou voye desann sou nou, soti nan abitasyon Ou anwo a, sa ki pral pèmèt nou avanse bò prezans Ou. Epi, mete pye nou fèm nan Koz Ou, O Bondye mwen, limen kè nou avèk limyè konesans Ou, epi klere nanm nou yo avèk ekla non Ou yo.

#7650
- Bahá'u'lláh

 

Se Ou menm Ki Glorifye, O Senyè Bondye mwen! Chak moun ki konprann ap deklare souverènte Ou ak otorite Ou, chak je ki kapab wè ap rekonèt grandè majeste Ou ak fòs pouvwa pisans Ou. Gwo van eprèv yo pa gen pouvwa pou anpeche moun ki pre Ou fikse figi yo nan direksyon syèl glwa Ou, epi, pou moun ki dedye tèt yo avèk tout kè yo nan volonte Ou, tanpèt difikilte yo pa kapab detounen yo ak anpeche yo nan pwogrè y’ap fè pou jwenn lakou prezans Ou.

Daprè mwen menm, lanp lanmou Ou ap boule nan kè yo, epi limyè jantiyès Ou limen nan nanm yo. Difikilte grav yo sibi pa gen kapasite pou separe yo ak Koz Ou a, e move chans ki genyen nan lavi a p’ap janm kapab fè yo kite chemen bon plezi Ou.

Mwen priye Ou anpil, O Bondye mwen, poutèt yo menm, e poutèt soupi ki soti nan kè yo akoz separasyon yo genyen ak Ou menm, pou pwoteje yo kont mechanste moun ki opoze avèk Ou, epi nouri nanm yo avèk sa Ou te sere pou byeneme Ou yo - yo menm ki pa pral tonbe nan okenn perèz, ki pa pral jwenn chagren.

#7651
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye mwen, kè moun ki debòde ak dezi pou antre nan prezans Ou boule poutèt dife anvi yo genyen pou jwenn Ou, e je moun ki renmen Ou koule anpil dlo poutèt yo kraze avèk chay separasyon yo ak lakou Ou, epi vwa soufrans lan pou moun ki fikse espwa yo sou Ou leve patou nan wayòm Ou yo.

Se Ou menm, O Bondye mwen, avèk pisans siprèm Ou an, Ki te pwoteje sila yo kont de danje sa yo. Si se pa t’ pou dife nanm yo ak soupi kè yo, yo t’ap nwaye nan mitan dlo k’ap koule nan je yo. Si se pa t’ pou gwo dlo k’ap koule nan je yo, yo t’ap boule nan dife kè yo e nan chalè nanm yo genyen. Mwen panse yo tankou zanj Ou te kreye avèk nèj ak dife. O Bondye mwen! Èske Ou ap anpeche yo rive nan prezans Ou, malgre yo debòde ak dezi pou jwenn Ou? Oubyen, malgre tout pasyon yo genyen pou Ou, èske Ou ap fòse yo kite pòt mizèrikòd Ou a? Tout espwa preske fin elimine nan kè moun Ou te chwazi yo, O Bondye mwen! Kote dous briz gras Ou a? Enmi yo antoure yo nan tout direksyon; kote drapo viktwa Ou te pwomèt nan Epit Ou yo?

Glwa Ou se temwen mwen! Chak douvanjou, moun ki renmen Ou reveye pou jwenn tas lamizè devan figi yo, poutèt yo te kwè nan Ou, e yo te rekonèt siyn Ou yo. Mwen kwè ak tout fòs mwen, Ou genyen yon pi gran pitye pou yo pase sa yo genyen pou pwòp tèt pa yo. Mwen rekonèt Ou fè yo soufri pou gaye Koz Ou a epi pou yo ta monte nan syèl etènite Ou a ak nan lakou prezans Ou an. Malgre sa, Ou konnen trè byen feblès kèk pami yo genyen, e Ou rekonèt enpasyans yo lè y’ap soufri.

Mwen priye Ou, O Bondye mwen, pou pwoteje yo avèk gras Ou ki ban nou fòs, pou yo kapab soufri avèk pasyans poutèt lanmou yo genyen pou Ou; devwale devan je yo sa Ou te chwazi pou yo dèyè Tabènak pwoteksyon Ou an ki pa janm echwe, pou pèmèt yo prese jwenn sa Ou te sere pou yo nan chemen Ou an, e pou yo chak ta tante pran premye plas nan chèche tribilasyon poutèt lanmou yo genyen pou Ou. Oubyen, si non, revele banyè otorite Ou, e fè yo jwenn laviktwa devan enmi Ou yo, pou pouvwa Ou kapab parèt klè devan je tout abitan wayòm Ou an, e pou montre fòs pisans Ou pami tout kreyati Ou yo. Ou genyen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Ou menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la.

O Bondye mwen! Fè sèvitè Ou ki te kwè nan Ou rete fidèl pou li kapab ede Koz Ou a, e pwoteje li nan fòterès swen Ou ak pwoteksyon Ou kont tout danje ki genyen ni nan lavi sa a ni nan lòt lavi k’ap vini an. An verite, Ou dirije daprè bon plezi Ou. Pa genyen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

#7652
- Bahá'u'lláh

 

Kiyès aprè Bondye ki kapab fè difikilte yo disparèt? Se pou nou di: Louwe Bondye! Se Li menm sèl Ki Bondye! Nou tout se sèvitè Li, epi nou tout ap viv daprè volonte Li.

#7653
- The Báb

 

O Bondye mwen, Ou konnen trè byen jan tribilasyon te soti nan tout direksyon pou tonbe sou mwen epi pèsonn moun pa kapab fè yo disparèt oubyen chanje yo si se pa Ou menm. Akoz lanmou mwen gen pou Ou, mwen sèten Ou p’ap janm voye tribilasyon sou okenn nanm sof lè Ou vle monte ran li nan Paradi selès Ou epi ranfòse kè li nan lavi tèrès sa a avèk fòs pouvwa Ou k’ap domine tout bagay; Ou fè sa pou anpeche kè li vin atire avèk bagay ki san valè nan mond sa a. An verite Ou konnen byen kòman nan tout sikonstans mwen ta pito sonje Ou pase pou mwen rive posede tout sa ki nan syèl la ak sou tè a.

Ranfòse kè mwen, O Bondye mwen, pou li obeyi Ou e rete fèm nan lanmou Ou, epi pèmèt mwen debarase ak tout bann enmi Ou yo. An verite, mwen jire, poutèt glwa Ou, mwen pa anvi anyen esepte Ou menm, ni mwen pa gen dezi pou anyen esepte mizèrikòd Ou, ni mwen pa pè anyen sof jistis Ou. Mwen sipliye Ou pou padone mwen ansanm ak tout moun Ou renmen yo nan fason an k’ap fè Ou plezi. An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Plen Bonte a.

O Senyè syèl la ak tè a, Ou konplètman egzalte pi wo pase lwanj tout lèzòm. Voye lapè sou sèvitè fidèl Ou yo. Glwa pou Bondye, Senyè tout mond yo.

#7654
- The Báb

 

Fèmte nan Alyans lan

Se Li Ki Pisan an, Ki Padone, Ki Gen Kè Sansib!

O Bondye, Bondye mwen! Ou wè sèvitè Ou yo nan falèz lanfè ak erè; O Ou menm Dezi mond la, ki kote limyè direksyon diven Ou? Ou konnen kòman yo pa kapab ede tèt yo e jan yo fèb; ki kote siyn pouvwa Ou, O Ou menm Ki kenbe nan men Ou tout pouvwa syèl la ak tè a?

Mwen mande Ou, O Senyè Bondye mwen, poutèt ekla limyè ki soti nan dous jantiyès Ou ak gran vag ki monte nan oseyan konesans ak sajès Ou e poutèt Pawòl Ou te sèvi pou dirije pèp yo nan wayòm Ou an, mwen mande Ou pou konte mwen pami moun ki te swiv kòmandman Ou yo nan Liv Ou a. Epi chwazi pou desten mwen sa Ou te chwazi kòm desten pou moun ki te gen konfyans Ou, yo menm ki te vrèman bwè nan kalis bonte Ou bwason diven ki bay lespri selès la, ki te prese pou fè sa Ou te vle e ki te swiv Alyans ak Testaman Ou. Ou gen Pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

O Senyè, chwazi pou mwen, avèk bonte Ou, sa ki pral mennen mwen jwenn richès ni nan mond sa a ni nan mond aprè a e sa ki pral atire mwen nan prezans Ou, O Ou menm Ki se Senyè tout lèzòm. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Rete Pou Kont Li, Pisan an, Li menm Ki Glorifye a.

#7655
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Ou, O Senyè, Byeneme mwen an! Fè mwen fèm nan Koz Ou a, e pa kite mwen konte pami sila yo ki te vyole Alyans Ou e ki te swiv idòl ki soti nan imajinasyon initil yo. Alò, pèmèt mwen jwenn yon syèj laverite nan prezans Ou, voye sou mwen yon siyn mizèrikòd Ou e asepte pou mwen rasanble avèk yo menm pami sèvitè Ou yo ki pa pral gen perèz e ki pa pral tonbe nan chagren. Pa abandone mwen pou kont mwen, O Senyè mwen, e pa anpeche mwen rekonèt Sila a Ki se Manifestasyon Pwòp Lespri Ou, ni pa konte mwen pami yo menm ki te vire do bay prezans sakre Ou a. Konte mwen, O Bondye mwen, pami moun ki jwenn privilèj pou fikse rega yo sou Bote Ou e ki tèlman jwenn kontantman nan Bote sa a yo pa t’ap chanje yon sèl moman ladann li pou souverènte syèl la ak tè a ni pou tout wayòm kreyasyon an. Gen mizèrikòd pou mwen, O Senyè, nan jou sa yo kote pèp ki viv sou tè Ou a te plonje nan erè; epi voye pou mwen, O Bondye mwen, sa ki bon e kòrèk daprè Ou menm. An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Plen Gras, Ki Plen Bonte, K’ap Toujou Padone.

Asepte, O Bondye mwen, pou mwen pa t’ap konte pami yo menm ki gen zòrèy men ki pa kapab tande, ki gen je ki avèg, ki gen lang men ki pa kapab pale e ki gen kè ki manke konprann. Delivre mwen, O Senyè, anba dife inyorans ak dezi egoyis, pèmèt mwen jwenn chans antre nan lakou mizèrikòd Ou ki depase tout bagay e voye desann sou mwen sa Ou te sere pou moun Ou te chwazi yo. Ou gen pisans pou fè tout sa Ou vle. An verite, se Ou menm Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste Pou Kont Ou.

#7656
- The Báb

 

O Senyè Bondye mwen! Ede moun Ou renmen yo pou yo rete fèm nan Relijyon Ou, pou yo mache nan chemen Ou, pou yo fidèl nan Koz Ou a. Ba yo gras Ou pou yo reziste kont atak egoyis ak pasyon yo, pou yo swiv limyè direksyon diven an. Se Ou menm Ki Gen Pouvwa, Ki Plen Gras, Ki Egziste Pou Kont Ou, Sila a Ki Bay, Ki Gen Yon Kè Sansib, Toupisan an, Li menm Ki Gen Tout Bonte a.

#7657
- `Abdu'l-Bahá

 

Fè nou mache avèk fèmte nan chemen Ou, O Senyè, e ranfòse kè nou nan obeyisans nou pou Ou. Vire figi nou nan direksyon bèlte ki chita nan Ou se sèl Bondye ki egziste, epi rejwi kè nou avèk siyn linite diven Ou yo. Abiye kò nou avèk bèl wòb bonte Ou, retire vwal peche a ki devan je nou, e ban nou bwè nan kalis gras ou; pou pèmèt kè tout kreyati yo kapab chante lwanj pou Ou devan siyn grandè Ou a. Poutèt sa, O Senyè, devwale Ou menm, avèk diskou mizèrikòdye Ou a ak sekrè lespri diven Ou an, pou lajwa sakre ki soti nan priyè a kapab ranpli nanm nou - yon priyè ki pral monte pi wo pase mo ak lèt yo e ki pral depase ti bwi silab ak son yo konn fè - pou tout bagay kapab disparèt ansanm devan revelasyon glwa Ou a.

Senyè! Sila yo se sèvitè ki te rete fèm e fidèl nan Alyans Ou ak Testaman Ou, ki te kenbe ak tout fòs yo kòd fidelite nan Koz Ou e ki te atache yo san relache ak ke wòb grandè Ou. Ede yo, O Senyè, avèk gras Ou, kore yo avèk pouvwa Ou epi ranfòse ren yo nan obeyisans pou Ou.

Se Ou menm Ki Padone, Ki Plen Gras.

#7658
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè mwen, Espwa mwen! Voye èd Ou pou byeneme Ou yo kapab fèm nan Alyans pisan Ou an, pou yo rete fidèl nan Koz Ou ki revele byen klè, e swiv kòmandman yo Ou te ekri pou yo nan Liv Glwa Ou a; pou yo kapab vin drapo k’ap bay direksyon, ak lanp Asanble Selès la, sous sajès Ou ki pa gen limit, ak zetwal k’ap montre bon chemen an pandan y’ap klere depi nan syèl diven an.

An verite, se Ou menm Ki Toujou Gen Viktwa, Toupisan an, Ki Gen Tout Pouvwa.

#7659
- `Abdu'l-Bahá

 

Fèt 19 Jou

An verite, Mwen ban nou lòd pou fè yon fèt youn fwa chak mwa, menm si se dlo sèlman nou sèvi patisipan yo; paske Bondye te bay tèt Li objektif pou nou mare kè yo ansanm, ranfòse lyen zanmitay, malgre se avèk ni mwayen materyèl, ni mwayen espirityèl nou dwe sèvi.

Nou dwe kontinye kenbe Fèt 19 Jou a. Se trè enpòtan; se trè bon. Men lè nou prezante nan rankont yo, anvan nou antre, libere nou ak tout sa nou genyen nan kè nou, libere panse nou ak lespri nou ak tout bagay esepte Bondye, epi pale avèk kè nou. Se pou tout moun fè fèt sa a tounen yon rankont lanmou, fè li yon koz ekleraj, fè li yon rankont k’ap atire kè yo, antoure rankont sa a avèk Limyè Lame Siprèm nan pou pèmèt nou rankontre ansanm avèk pi gran lanmou an.

O Bondye! Elimine tout bagay ki koz dezakò, epi prepare pou nou tout bagay ki koz linite ak antant! O Bondye! Fè desann sou nou Pafen Selès yo e fè rankont sa a tounen yon rankont Syèl la! Voye pou nou tout sa ki bon ak tout kalite manje. Prepare pou nou Manje Lanmou! Ban nou Manje Konesans lan! Voye pou nou Manje Limyè Selès la!

Sonje bagay sa yo nan kè nou, epi answit antre nan Fèt Linite a.

#7660
- `Abdu'l-Bahá

 

Fidelite

Lwanj pou non Ou, O Senyè, Bondye mwen! Mwen sipliye Ou poutèt pouvwa Ou ki te antoure tout bagay ki kreye, poutèt souverènte Ou ki te depase tout kreyasyon an, poutèt Pawòl Ou ki te kache nan sajès Ou e ki te sèvi pou kreye syèl Ou ak tè Ou, mwen sipliye Ou pou pèmèt nou rete fèm nan lanmou nou pou Ou, pou nou rete obeyisan anvè bon plezi Ou, ni pou nou fikse rega nou sou figi Ou, epi selebre glwa Ou. Ban nou kapasite, O Bondye mwen, pou nou kapab gaye pawòl Ou yo toupatou pami kreyati Ou yo, pou nou pwoteje Fwa Ou nan wayòm Ou an. Ou te toujou egziste endepandan ak pawòl nenpòt nan kreyati Ou yo, epi Ou pral toujou rete menm jan an pandan tout etènite.

Nan Ou menm, mwen te mete tout konfyans mwen, e nan direksyon Ou, mwen te vire figi mwen; sou kòd swen diven Ou, mwen te kenbe, e mwen te prese pou jwenn lonbraj mizèrikòd Ou. O Bondye mwen, pa repouse mwen nan pòt Ou a fè m’ dekouraje, e pa anpeche mwen jwenn gras Ou, paske se Ou menm sèl m’ap chèche. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a K’ap Toujou Padone, Ki Gen Plis Bonte.

Lwanj pou Ou, O Ou menm Ki Byeneme a pou tout moun ki te rekonèt Ou!

- Bahá’u’lláh

#7661
- Bahá'u'lláh

 

O Senyè! Vwazinaj Ou se espwa mwen, prezans Ou se rèv mwen, souvni Ou se dezi mwen, lakou glwa Ou se bi mwen, abitasyon Ou se objektif mwen, non Ou se gerizon mwen, lanmou Ou se limyè kè mwen, epi reyisi sèvi Ou se pi gran entansyon mwen! Mwen sipliye Ou poutèt Non Ou, ki te pèmèt moun ki te rekonèt Ou vole nan pi wo otè konesans Ou yo, e ki te fè Ou bay moun ki adore ou avèk devouman pouvwa pou monte bò lakou sen favè Ou yo, mwen sipliye Ou pou ede mwen vire figi mwen nan direksyon figi Ou, pou mwen fikse je mwen sou Ou, epi pale sou glwa Ou.

Se mwen, O Senyè mwen, ki te bliye tout lòt bagay esepte Ou menm, ki te vire bò Sous gras Ou, ki te abandone tout bagay sof Ou menm avèk espwa mwen ta kapab apwoche pre lakou Ou. Gade mwen, Senyè, avèk je mwen leve nan direksyon Syèj la k’ap klere avèk ekla limyè Figi Ou. Epi, voye desann sou mwen, O Byeneme mwen, sa ki pral pèmèt mwen rete fidèl nan Koz Ou, pou dout enkredil yo pa reyisi anpeche mwen vire nan direksyon Ou.

An verite, Se Ou menm Bondye Pouvwa a, Ou menm Ki Bay Sekou nan Danje, Tout Gloriye a, Toupisan an.

#7662
- Bahá'u'lláh

 

Glwa pou Ou, O Wa etènite a, Kreyatè nasyon yo, ak Mèt Ki fòme chak zo k’ap dekonpoze! Mwen priye Ou, nan Non Ou, Non an Ou te sèvi pou rele tout limanite vin jwenn syèl grandè Ou ak glwa Ou, Non an Ou te sèvi pou gide sèvitè Ou yo nan lakou gras Ou ak favè Ou yo, mwen priye Ou pou konte mwen pami sila yo ki te libere yo ak tout bagay esepte Ou menm, ki te mete yo nan direksyon Ou, e ki pa t’ kite difikilte Ou te voye reyisi anpeche yo vire nan direksyon benediksyon Ou yo.

O Senyè mwen! Mwen te mete men mwen sou manch bonte Ou, epi mwen te kenbe fèm ak ke wòb favè Ou. Poutèt sa, voye desann sou mwen, soti nan nyaj charite Ou yo, sa ki pral elimine nan mwen souvni tout sa ki pa Ou menm, sa ki pral pèmèt mwen vire pou jwenn Sila a Ki se Bi adorasyon tout limanite. Se Li menm Ki te genyen rasanble kont Li tout moun ki te simen twoub, sila yo ki te brize alyans Ou, e ki pa te kwè nan Ou ak nan siyn Ou yo.

O Senyè mwen! Pa refize kite mwen pran nan pafen ki soti nan vètman Ou nan jou Ou yo, e pa anpeche mwen jwenn souf Revelasyon Ou nan douvanjou a ki klere nan limyè figi Ou. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen anyen ki kapab reziste kont volonte Ou, ni detounen sa Ou te deside avèk pouvwa Ou.

Pa genyen lòt Bondye aprè Ou, Toupisan an, Li menm Ki Gen Tout Sajès la.

#7663
- Bahá'u'lláh

 

Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen priye Ou fò poutèt Li menm Ki se Pi Gran Non Ou an, Ki te soufri anpil nan men kreyati Ou yo ki te rejte verite Ou, Sila a Ki te antoure ak anpil chagren okenn lang pa kapab esplike, mwen priye Ou pou pèmèt mwen sonje Ou ak selebre lwanj Ou, nan jou sa yo kote tout moun te vire kite bèlte Ou, te diskite avèk Ou menm, epi vire do avèk ògèy bay Li menm K’ap Revele Koz Ou a. Pa gen yon moun, O Senyè mwen, ki kapab ede Ou, se sèl Ou menm, e pa gen okenn pouvwa ki kapab soutni Ou sof pwòp pouvwa pa Ou.

Mwen sipliye Ou pou pèmèt mwen kenbe fèm ak lanmou Ou e ak souvni Ou. An verite, li posib pou mwen fè sa, e se Ou menm sèl Ki konnen tout sa ki anndan mwen. An verite, Ou konnen, epi Ou konprann tout bagay. Pa anpeche mwen wè, O Senyè mwen, glwa a ki nan limyè figi Ou, yon limyè ki tèlman briyan li te klere tout mond la. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Gen Plis Pouvwa, Tout Gloriye a, Li menm Ki Toujou Padone.

#7664
- Bahá'u'lláh

 

Se Ou menm Ki louwe ak glorifye, O Bondye! Fè jou kote n’ap jwenn sen prezans Ou an rive vit. Rejwi kè nou avèk pisans lanmou Ou ak bon plezi Ou, epi voye fidelite sou nou pou pèmèt nou swiv Volonte Ou ak Lòd Ou avèk tout kè nou. An verite, konesans Ou anbrase tout bagay Ou te kreye nan tan pase yo ak tout bagay Ou pral kreye nan lavni, epi pouvwa selès Ou depase pouvwa tout sa Ou te fè egziste ak tout sa Ou pral fè egziste. Pa gen anyen lòt pou nou ta adore esepte Ou menm, pa gen anyen lòt pou nou ta vle jwenn esepte Ou menm, pa gen anyen lòt pou nou ta onore esepte Ou menm, e pa gen anyen pou nou ta renmen sof bon plezi Ou.

An verite, se Ou menm Ki Dirijan siprèm nan, Verite Souveren an, Sila a Ki Bay Sekou nan Danje, Ki Egziste Pou Kont Li.

#7665
- The Báb

 

O Bondye Ki Gen Yon Kè Ki Sansib! Mwen remèsye Ou poutèt Ou te reveye mwen, fè mwen konsyan. Ou te ban mwen yon je ki wè e Ou te ban mwen favè yon zòrèy ki tande, Ou te mennen mwen nan wayòm Ou e Ou te gide mwen nan chemen Ou. Ou te montre mwen bon direksyon an e Ou te fè mwen antre nan lach delivrans lan. O Bondye! Kenbe mwen fidèl e fè mwen fèm ak solid. Pwoteje mwen kont eprèv feròs yo epi defann mwen, ban mwen abri anndan fòterès trè pisan an ki se Alyans ak Testaman Ou. Se Ou menm Ki Gen Pouvwa. Se Ou menm Ki Wè. Se Ou menm Ki Tande.

O Ou menm Bondye Ki Gen Pitye. Mete nan mwen yon kè ki ap limen tankou yon vè lanp avèk limyè lanmou Ou, epi voye sou mwen panse ki ta kapab chanje mond sa a nan yon jaden woz avèk gras selès yo k’ap debòde.

Se Ou menm Ki Gen Kè Sansib, Ki Mizèrikòdye a. Se Ou menm Bondye Ki Gen Gran Bonte a.

#7666
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm, Bondye mwen, Ou menm K’ap gide chèchè a pou li jwenn chemen k’ap mennen li kòrèkteman, Ou menm K’ap delivre nanm nan ki pèdi, ki avèg, pou li soti nan dezè destriksyon an, Ou menm K’ap voye sou sensè yo gran bonte ak favè Ou yo, K’ap pwoteje moun ki nan perèz anndan refij solid Ou a, Ou menm Ki rete nan pi wo paradi Ou, Ki reponn kri moun ki lanse apèl pou Ou. Lwanj pou Ou menm, O Senyè mwen! Ou te gide moun ki kite chemen an fè yo soti nan lamò manke kwayans, epi Ou te mennen moun ki vle apwoche Ou fè yo jwenn objektif vwayaj la, Ou te rejwi sila yo pami sèvitè Ou yo ki gen konfyans paske Ou te pèmèt yo jwenn dezi yo ki te pi chè a, epi, depi nan Wayòm bèlte Ou a, Ou te ouvri baryè rankont lan devan figi moun ki anvi jwenn Ou, e Ou te retire yo nan dife dezespwa ak peche - pou fè yo prese pou avanse nan direksyon Ou, jwenn prezans Ou, rive nan pòt Ou k’ap ofri akèy, epi resevwa yon bon pòsyon nan kado Ou yo.

O Senyè mwen, yo te swaf, Ou te bay bouch sèch yo dlo rankont lan. O Ou menm Ki Dou, Sila a K’ap Bay Favè yo, Ou te kalme doulè yo avèk remèd bonte ak gras Ou, e Ou te geri maladi yo avèk medikaman siprèm nan ki se mizèrikòd Ou. O Senyè, kenbe pye yo fèm nan chemen dwat Ou a, fè je zegwi a laj pou yo, e fè yo mache nan glwa pandan tout tan, byen abiye ak rad fanmi wa yo.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, K’ap Toujou Bay, Ki Gen Anpil Valè, Ki Gen Plis Bonte. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Pisan an, Ki Plen Pouvwa, Egzalte a, Sila a K’ap Pote Viktwa.

#7667
- `Abdu'l-Bahá

 

Gerison Bebe

Se Ou menm, O Bondye mwen, Li menm Ki sèvi ak non Li yo pou geri malad yo ak retabli sila yo ki nan move sante, non ki fè yo menm ki swaf bwè e ki kalme yo menm ki byen ajite, ki gide moun ki pèdi yo, ki leve yo menm ki byen ba, ki anrichi pòv yo, ki edike inyoran yo, ki klere yo menm ki nan fènwa, ki pote lajwa pou moun ki nan tristès, ki rechofe sila a yo ki fwèt, ki leve moun sa yo ki oprese. O Bondye mwen, avèk non Ou, tout bagay ki te kreye te jwenn lavi, epi syèl la te fòme, lemonn te etabli, nyaj yo te monte epi yo te jwenn lòd pou voye lapli sou latè. An verite, sa a se youn nan siyn gras Ou genyen pou tout kreyati Ou yo.

Poutèt sa, mwen sipliye Ou, avèk non Ou te sèvi pou devwale Divinite Ou, e pou egzalte Koz Ou a pi wo pase tout kreyasyon an, e poutèt chak nan pi bon tit Ou yo ak pi wo fòs Ou yo, ansanm ak tout bèl kalite kreyati Ou yo konn sèvi pou louwe Lespri egzalte Ou a ki depase tout bagay, mwen sipliye Ou pou voye desann lapli gerizon Ou nan nwit sa a soti nan nyaj mizèrikòd Ou yo sou ti bebe sa a - se yon bebe Ou te mare avèk Lespri tout-gloriye Ou nan wayòm kreyasyon Ou an. Poutèt sa, O Bondye mwen, avèk gras Ou, abiye li avèk wòb byenèt ak sante, epi pwoteje li, O Byeneme mwen, kont tout maladi ak soufrans, e kont tout sa Ou rayi. An verite, pisans Ou egal ak tout bagay. Vrèman, se Ou menm Ki Gen Plis Pouvwa, Sila a Ki Egziste pou kont Li. Voye desann sou li, O Bondye mwen, sa ki bon nan mond sa a ak nan lòt mond la tou, ak sa ki bon nan sa Ou te voye desann sou ansyen jenerasyon yo ak sou jenerasyon sa a. An verite, pisans Ou ak sajès Ou gen pouvwa pou fè sa.

#7671
- Bahá'u'lláh

 

Gerizon

Non Ou se gerizon mwen, O Bondye, lè mwen sonje Ou mwen jwenn remèd mwen. Vwazinaj Ou se vrè espwa mwen, e lanmou mwen pou Ou se konpayon mwen. Mizèrikòd Ou se gerizon mwen ak sipò mwen nan lemonn sa a ak nan lòt mond la tou. An verite, Ou se Bondye Ki Gen Tout Bonte a, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

- Bahá’u’lláh

#7668
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, Bondye mwen! Mwen sipliye Ou poutèt oseyan gerizon Ou ak gran limyè ki soti nan Solèy gras Ou a, e poutèt Non Ou - yon non Ou te sèvi pou domine tout sèvitè Ou yo, e poutèt pouvwa Pawòl egzalte Ou a ki antoure tout bagay, ak pisans Plim Ou an ki pi wo, ak mizèrikòd Ou ki te egziste anvan kreyasyon tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a, mwen sipliye Ou pou byen pwòpte mwen ak dlo bonte Ou yo kont tout maladi ak dezòd, kont tout feblès ak enkapasite.

Ou wè, O Senyè mwen, sèvitè Ou sa a k’ap sipliye Ou nan pòt favè Ou, li menm ki te mete espwa li nan Ou, k’ap kenbe fèm kòd bonte Ou a. Mwen priye Ou, pou pa refize li, men fè li jwenn bagay l’ap chèche nan oseyan gras Ou e nan Solèy jantiyès Ou a.

Ou gen pouvwa pou fè tout sa k’ap fè Ou kontan. Pa genyen lòt Bondye pase Ou, Sila a K’ap Toujou Padone, Ki renmen bay pase tout moun.

#7669
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou, poutèt Pi Gran Non Ou an Ou te sèvi pou resisite sèvitè Ou yo epi konstwi vil Ou yo, poutèt tit Ou yo ki pi bon, ak pi wo kalite Ou yo, mwen sipliye Ou pou ede pèp Ou yo vire nan direksyon tout bonte Ou yo, e fikse figi yo bò Tabènak sajès Ou. Tanpri, geri tout maladi ki te atake nanm yo nan tout direksyon, maladi sa yo ki te anpeche yo vire je yo bò Paradi Ou ki rete anba pwoteksyon lonbraj Non Ou - yon non Ou te pibliye kòm Wa tout non yo pou tout sa ki nan syèl la e sou tè a. Ou gen pisans pou fè tout sa k’ap fè Ou kontan. Ou kenbe nan men Ou pouvwa sou tout non yo. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Pisan an, Saj la.

Mwen se yon kreyati pòv, O Senyè mwen; mwen te kenbe ke wòb richès Ou. Mwen byen malad; mwen pa te lage kòd gerizon Ou. Delivre mwen anba maladi yo ki te antoure mwen, lave mwen konplètman avèk dlo gras ak mizèrikòd Ou, epi, avèk padon ak bonte Ou, abiye mwen avèk rad bon sante a. Fè mwen fikse je mwen sou Ou, epi elimine nan mwen tout atachman ak tout sa ki pa Ou menm. Ede mwen fè tout sa Ou chwazi, epi akonpli sa k’ap fè Ou kontan.

Vrèman, se Ou menm Ki Senyè lavi sa a ak lòt lavi a. An verite, se Ou menm K’ap Toujou Padone, Ki Pi Mizèrikòdye a.

#7783
- Bahá'u'lláh

 

Gerizon Fanm

Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou poutèt Non Ou, Non Ou te sèvi pou leve drapo direksyon Ou yo, pou klere limyè jantiyès Ou a ki plen lanmou, e pou revele souverènte Otorite Ou; Non Ou te sèvi pou fè lanp non Ou yo parèt nan etajè kalite Ou yo, pou fè Li menm Ki se Tabènak linite Ou ak Lespri detachman an vin klere; Non Ou te sèvi pou pibliye chemen direksyon Ou yo, e pou trase wout bon plezi Ou yo; Non Ou te sèvi pou sekwe fondasyon erè yo, e pou elimine siyn mechanste yo; Non Ou te sèvi pou demare fontèn sajès Ou yo, e voye desann tab selès la; Non Ou te sèvi pou pwoteje sèvitè Ou yo e voye gerizon Ou sou yo; Non Ou te sèvi pou montre sèvitè Ou yo dous mizèrikòd Ou a e devwale padon Ou pami kreyati Ou yo - mwen sipliye Ou pou pwoteje li menm ki te rete fidèl e ki te retounen jwenn Ou, ki te kenbe fèm ak mizèrikòd Ou, e ki te rale ke wòb pwovidans Ou an ki plen lanmou. Tanpri, voye desann gerizon Ou sou li, fè li retabli, anrichi li avèk yon fidelite ki soti nan Ou menm, ak yon kal ki soti nan grandè Ou.

An verite, se Ou menm Ki Geri, Ki Pwoteje, Ki Bay Èd, Toupisan an, Ki Plen Pouvwa, Tout Gloriye a, Ki Konnen Tout Bagay.

#7670
- Bahá'u'lláh

 

Huqúqu’lláh

Vrèman, Huqúqu’lláh se yon gran lwa. Se yon obligasyon pou tout moun swiv li, paske li se yon sous gras, e richès, ak tout sa ki bon. Se yon bonte ki pral rete ak chak nanm nan chak mond pami tout mond Bondye genyen, Li menm Ki Posede Tout Bagay, Ki Gen Tout Bonte.

Ou glorifye, O Senyè tout kreyasyon an, Sila a tout bagay oblije vire jwenn nan. Mwen temwaye, ak lang espirityèl mwen e lang materyèl mwen an, Ou te parèt epi revele pwòp tèt pa Ou, Ou te voye desann siyn Ou yo, e Ou te pibliye temwayaj Ou yo. Mwen temwen Ou rete endepandan ak tout bagay, epi Ou sanntifye pi wo pase tout bagay sou tè a. Mwen sipliye Ou avèk glwa Koz Ou a ki pi wo pase tout bagay, e avèk pisans siprèm Pawòl Ou, pou asepte kore li menm ki gen dezi pou ofri sa Ou te bay lòd nan Liv Ou a pou li fè, epi pèmèt li swiv sa ki pral gaye pafen desizyon Ou an lè Ou asepte sa li fè. An verite, se Ou menm Ki Toupisan, Ki Gen Tout Gras, Ki Toujou Padone, Ki Toujou Renmen Bay.

#7672
- Bahá'u'lláh

 

Se Ou menm Ki glorifye, O Senyè Ki Gen Yon Kè Sansib! Mwen sipliye Ou avèk boulvès oseyan diskou sakre Ou te fè, e avèk tout siyn souverènte siprèm Ou an, avèk prèv Divinite Ou yo ki pa kapab diskite, e avèk mistè kache yo ki rete dèyè vwal anndan konesans Ou, pou ban mwen gras reyisi gen chans sèvi Ou e sèvi sila a yo Ou te chwazi yo, e pou pèmèt mwen ofri avèk devouman ak disiplin Huqúq Ou a, sa Ou te bay kòmandman sou li nan Liv Ou a.

Se mwen menm, O Senyè mwen, ki te mete tout espwa li sou wayòm glwa Ou a, e ki te kenbe avèk anpil fòs woulo wòb gran favè Ou a. O Ou menm Ki se Senyè tout egzistans lan e Dirijan wayòm non yo, mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn bagay Ou posede yo, ni pou pa anpeche mwen jwenn tout sa ou te deside pou sila a yo Ou te chwazi yo.

Mwen priyè Ou fò, O Senyè tout non yo ak Kreyatè syèl yo, pou ede mwen rete tèlman fèm nan Koz Ou a, avèk gras Ou k’ap bay fòs, l’ap anpeche vanite mond la rive separe mwen avèk Ou tankou gen yon vwal, ni pa kite mwen bloke akoz boulvès ki plen vyolans ki soti bò kote mechan yo k’ap chèche fè pèp Ou yo kite chemen an nan jou Ou yo. Poutèt sa, O Dezi kè mwen, chwazi pou desten mwen tout sa ki bon nan mond sa a ak nan lòt mond k’ap vini an. Vrèman, Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen okenn Bondye esepete Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

#7673
- Bahá'u'lláh

 

Jèn Fi yo

O Ou menm Senyè Ki janti! Voye fèmte selès la sou pitit fi wayòm sa a, ede li avèk gras Ou pou li kapab rete fèm ak fidèl nan Koz Ou a epi, menm jan ak yon wosinyòl ki nan jaden woz mistè yo, pèmèt li chante melodi nan Wayòm Abhá a nan ton ki pi mèveye yo, e konsa fè li pote kontantman pou tout moun. Fè li egzalte pami ti fi wayòm nan epi pèmèt li rive jwenn lavi etènèl.

Se Ou menm Ki Bay Favè yo, Ki Toujou Gen Lanmou.

#7777
- `Abdu'l-Bahá

 

Jèn yo

Se Ou menm Ki glorifye, O Senyè Bondye mwen! Mwen remèsye Ou paske Ou te kreye mwen nan jou Ou yo, e Ou te ranpli mwen avèk lanmou Ou ak konesans Ou. Mwen sipliye Ou, poutèt non Ou ki te fè tout bèl bijou sajès ak pawòl Ou yo soti nan trezò ki anndan kè sèvitè Ou yo ki pre Ou, e ki te fè Solèy non Ou, Sila a Ki Gen Konpasyon, klere limyè li sou tout sa ki nan syèl Ou e sou tè Ou, mwen sipliye Ou, poutèt gras ak favè Ou, pou voye pou mwen tout bonte mèveye Ou yo ki rete kache.

O Bondye mwen! Jou sa yo se jou kòmansman lavi mwen - jou Ou te fè tonbe menm lè ak jou pa Ou yo. Pliske Ou te voye sou mwen yon gran onè konsa, tanpri pa anpeche mwen jwenn tout bagay Ou te sere pou moun Ou te chwazi yo.

O Bondye mwen! Mwen se yon ti semans Ou te simen nan tè lanmou Ou, epi Ou te leve avèk men bonte Ou. Poutèt sa, semans sa a gen gwo anvi, ki soti nan fon lespri li, pou li jwenn dlo mizèrikòd Ou ak fontèn gras Ou k’ap bay lavi. Voye desann sou li, soti nan syèl afeksyon Ou, sa ki pral pèmèt li fleri anba lonbraj Ou e nan vwazinaj lakou Ou. Se Ou menm Ki wouze kè tout moun ki te rekonèt Ou ak gwo dlo sous Ou a ak dlo fontèn Ou an k’ap bay lavi.

Lwanj pou Bondye, Senyè pou tout mond yo.

#7782
- Bahá'u'lláh

 

O Senyè! Fè jèn sa a klere, e voye bonte Ou yo sou kreyati pòv sa a. Fè li jwenn konesans, ba li pi plis fòs chak douvanjou epi pwoteje li anndan abri pwoteksyon Ou pou pèmèt li evite erè, e dedye tèt li nan sèvis Koz Ou a, pou li kapab gide sila yo ki te pèdi chemen an, epi mennen malere yo, libere prizonye yo e reveye neglijan yo, pou tout moun ta jwenn benediksyon nan sonje Ou ak nan ba Ou lwanj. Se Ou menm Ki Pisan, Ki Plen Pouvwa.

#7674
- `Abdu'l-Bahá

 

Lwanj ak glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Sa a se yon jèn pyebwa espesyal Ou te plante nan plèn lanmou Ou epi Ou te ba li swen avèk dwèt Otorite Ou. Ou te wouze li avèk sous lavi etènèl la ki koule nan jaden linite Ou yo e Ou te fè nyaj dous mizèrikòd Ou yo voye favè Ou yo desann sou li. Kounyeya li gen tan pouse ak devlope anba pwoteksyon benediksyon Ou yo ki soti nan Sous lespri diven Ou. Li kouvri ak fèy ak flè, li chaje ak fwi akoz pwoteksyon Ou ki soti nan kado ak bonte mèveye Ou yo e li balanse nan dous briz pafime ki soti nan direksyon jantiyès Ou a ki plen lanmou.

O Senyè! Fè jèn pyebwa sa vin vèt, frèch e flerisan avèk grandè bonte ak favè espesyal Ou yo - yon bonte ak favè Ou te sèvi pou abiye tabènak sentete yo nan Wayòm Ou an ki p’ap janm fini e pou dekore manifestasyon linite yo nan chan rankont lan.

O Senyè! Ede li avèk gras Ou k’ap bay fòs ki soti nan Wayòm envizib Ou a, ba li sipò avèk lame zanj yo ki kache devan je sèvitè Ou yo, pèmèt pye li kenbe fèm nan prezans Ou. Libere lang li pou site Non Ou epi fè kè li jwenn kontantman nan selebre lwanj Ou. Limen figi li nan Wayòm Ou, fè li jwenn richès nan syèl la epi ba li fòs, avèk gras Ou, pou li sèvi Koz Ou a.

Se Ou menm Ki Toupisan an, Tout Gloriye a, Sila a Ki Gen Tout Pouvwa a.

#7675
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè Ki janti! Avèk gras Ou, fè chak nan ti zwazo sa yo jwenn yon pè zèl selès, epi ba yo pouvwa espirityèl la pou yo kapab vole nan espas sa a ki pa gen limit e plane nan otè Wayòm Abhá a.

O Senyè! Ranfòse grenn sa yo ki frajil pou chak nan yo kapab tounen yon pyebwa, vèt e flerisan, ki chaje ak fwi. Rann nanm sa yo viktoriye avèk pisans lame selès Ou yo, pou pèmèt yo kraze fòs erè ak inyorans lan epi monte drapo zanmitay ak direksyon pami tout pèp yo. O Senyè! Menm jan avèk souf prentan an k’ap bay lavi, pèmèt nanm sa yo fè pyebwa nanm imen yo vin rafrechi e jwenn lavi; pèmèt yo vin tankou lapli prentan yo pou fè vale ki nan rejyon sa a vin vèt ak fètil.

Se Ou menm Ki Pisan, Sila a Ki Plen Pouvwa; se Ou menm Ki Bay Favè yo, Ki Toujou Gen Lanmou.

#7676
- `Abdu'l-Bahá

 

Kalite Espirityèl

O Bondye mwen, Bondye Ki gen bonte ak mizèrikòd! Se Ou menm Ki Wa a Ki te rele tout kreyasyon an pou li egziste daprè fòs pawòl Ou k’ap kòmande, e se Ou menm Sila a Ki Gen Tout Bonte a, Ki pa janm pèmèt aksyon sèvitè Li yo anpeche Li voye gras Li, ni Li pa kite yo detounen revelasyon bonte Li yo.

Mwen sipliye Ou pou pèmèt sèvitè sa a rive jwenn sa k’ap koz delivrans li nan chak mond pami tout mond Ou yo. An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

#7677
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Non Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen se sèvitè Ou ki te rale Kòd dous mizèrikòd Ou yo, e ki te kenbe fèm sou ke wòb gran bonte Ou a. Mwen priye Ou poutèt non Ou ki fè Ou domine tout bagay ki te kreye, ni sa ki vizib ni sa ki envizib, e ki te fè Ou soufle vrè souf lavi a sou tout kreyasyon an, pou ranfòse mwen avèk pouvwa Ou ki te antoure syèl la ak tè a, e pou pwoteje mwen kont tout maladi ak tribilasyon. Mwen bay temwayaj se Ou menm Ki Senyè tout non yo, e se Ou menm Ki Bay Lòd pou akonpli tout sa ki ta kapab fè Ou kontan. Pa gen okenn lòt Bondye pase Ou, Toupisan an, Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

O Senyè mwen! Chwazi pou mwen sa ki pral bon pou mwen nan chak mond pami tout mond Ou yo. Epi, voye desann pou mwen sa Ou te ekri pou moun Ou te chwazi pami kreyati Ou yo - yo menm ki pa te kite kritik moun k’ap kritike yo, ni bwi enkredil yo, ni separasyon moun ki elwanye tèt yo ak Ou, anpeche yo vire nan direksyon Ou.

Vrèman, se Ou menm Ki Pote Sekou nan Danje avèk pouvwa souverènte Ou. Pa gen okenn Bondye Ki egziste esepte Ou menm, Toupisan an, Sila a Ki Gen Plis Pouvwa a.

#7678
- Bahá'u'lláh

 

Fè mwen bwè, O Bondye mwen, nan sous lavi Ou ki p’ap janm fini an e ki chaje ak dous pafen, epi pèmèt mwen goute nan fwi ki nan pyebwa lavi Ou, O Espwa mwen! Asepte pou mwen byen bwè nan dlo klè lanmou Ou, O Glwa mwen, e kite mwen poze anba lonbraj pwovidans Ou ki la pou tout tan an, O Limyè mwen! Pèmèt mwen mache devan prezans Ou anndan espas vèt la ki nan vwazinaj Ou, O Byeneme mwen, e fè mwen chita nan men dwat twòn mizèrikòd Ou, O Dezi mwen! Kite yon souf pafen pase sou mwen soti nan dous briz jwa Ou, O Bi mwen, e asepte pou mwen antre nan otè yo ki nan paradi reyalite Ou, O Ou menm mwen adore a! Pèmèt mwen koute melodi zwazo linite Ou, O Ou menm Ki Eklere, e resisite mwen avèk lespri pouvwa Ou ak pisans Ou, O Ou menm Ki okipe mwen! Fè mwen fidèl nan lespri lanmou Ou, O Ou menm Ki soutni mwen, e kenbe pye m’ byen fèm nan chemen bon plezi Ou, O Kreyatè mwen! Kite mwen viv pou tout tan devan vizaj Ou nan jaden lavi Ou ki p’ap janm fini an, O Ou menm Ki gen mizèrikòd pou mwen, epi etabli mwen nan syèj glwa Ou, O Ou menm Ki posede mwen! Leve mwen fè m’ monte nan syèl jantiyès Ou a ki plen lanmou, O Ou menm Ki ban mwen lavi, e mennen mwen jwenn Solèy direksyon Ou, O Ou menm Ki atire mwen! Konvoke mwen devan revelasyon lespri envizib Ou a, O Ou menm Ki Orijin mwen e Pi Gran Anvi mwen, e fè mwen retounen jwenn pafen konsantre bèlte Ou a Ou pral fè parèt, O Ou menm Ki Bondye mwen!

Ou gen pisans pou fè sa k’ap fè Ou plezi. An verite, se Ou menm Ki Pi Egzalte, Tout Gloriye a, Pi Wo a.

#7679
- Bahá'u'lláh

 

Kreye nan mwen yon kè ki san tach, O Bondye mwen, e remete anndan mwen yon konsyans ki pezib, O Espwa mwen! Avèk lespri pouvwa a, fè mwen fèm nan Koz Ou, O Pi Byeneme Mwen an, e avèk limyè glwa Ou, devwale pou mwen chemen Ou, O Ou menm Ki Bi dezi mwen yo! Avèk pouvwa pisans Ou ki depase tout bagay, leve mwen jis nan syèl sentete Ou, O Sous egzistans mwen, e avèk souf lavi etènèl Ou, fè mwen kontan, O Ou menm Ki Bondye mwen! Kite melodi Ou yo k’ap kontinye pou tout tan soufle sou mwen voye trankilite, O Konpayon mwen, e fè richès ki nan vizaj ansyen Ou an delivre mwen anba tout bagay esepte Ou menm, O Mèt mwen, epi asepte pou nouvèl sou revelasyon Lespri Ou ki pa janm chanje a pote lajwa pou mwen, O Ou menm Ki pi vizib pase sila yo ki vizib e ki pi kache pase yo menm ki kache yo!

#7680
- Bahá'u'lláh

 

O Senyè mwen! Fè bèlte Ou tounen sa m’ap manje a, e prezans Ou sa a m’ap bwè, fè kontantman Ou tounen espwa mwen, lwanj pou Ou aksyon mwen, souvni Ou konpayon mwen, pouvwa otorite Ou sa k’ap soutni mwen, abitasyon Ou lakay mwen, epi kote m’ rete a syèj Ou te libere ak feblès Ou te chwazi voye sou moun k’ap separe tèt yo ak Ou menm kòm si genyen yon vwal.

An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Tout Gloriye a, Sila a Ki Gen Plis Pouvwa a.

#7681
- Bahá'u'lláh

 

Se pou nou di: O Bondye, Bondye mwen! Kouwone tèt mwen avèk kouwòn jistis la, epi dekore fon mwen avèk bijou yon lespri ekilibre. An verite, se Ou menm Ki Posede tout favè ak bonte yo.

#7682
- Bahá'u'lláh

 

Se Li menm Ki Plen Gras, Ki Gen Tout Bonte a!

O Dye, Bondye mwen! Apèl Ou te atire mwen, e vwa ki soti nan Plim Glwa Ou te reveye mwen. Sous pawòl sakre Ou a te pote kè mwen ale, epi bwason diven ki nan panse selès Ou te voye ban mwen te fè m’ soule. Ou wè mwen, O Senyè, libere ak tout bagay esepte Ou menm, m’ap kenbe fèm nan kòd bonte Ou, e mwen swaf mèvèy gras Ou yo. Mwen mande Ou, poutèt gwo vag jantiyès Ou yo ki plen lanmou e k’ap kontinye pou tout tan, epi poutèt ekla limyè yo k’ap klere nou avèk swen Ou ak favè Ou yo, pou voye pou mwen sa ki pral atire mwen vin jwenn Ou e ki pral fè mwen rich avèk trezò pa Ou a. Lang mwen, ekri mwen yo, ak tout egzistans mwen bay temwayaj sou pouvwa Ou, pisans Ou, gras Ou ak bonte Ou - yo di se Ou menm Ki Bondye, e pa gen okenn lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Plen Pouvwa a, Ki Pisan an.

Mwen temwen nan moman sa a, O Bondye mwen, sou jan mwen manke fòs e sou otorite Ou, sou jan mwen fèb e sou pouvwa Ou. Mwen pa konnen sa ki ap yon avantaj pou mwen ni sa ki yon danje pou mwen; an verite, se Ou menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la. Chwazi pou mwen, O Senyè, Bondye mwen, ak Mèt mwen, sa ki pral fè m’ santi mwen kontan avèk kòmandman Ou ki p’ap janm fini an e ki pral ban mwen richès nan chak mond pami tout mond Ou yo. Se Ou menm vrèman Ki Plen Gras, Ki Plen Bonte.

Senyè! Pa voye mwen ale kite oseyan richès Ou ak syèl mizèrikòd Ou, epi ede mwen pou mwen ta jwenn sa ki bon nan lemonn sa a ak nan lavi aprè a. An verite, se Ou menm Ki Senyè syèj mizèrikòd la, e Ou chita sou twòn ki pi wo a; pa genyen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Rete Pou Kont Li, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

#7683
- Bahá'u'lláh

 

Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, poutèt tout glwa a ki nan Non Ou ki pi wo pase tout bagay, pou abiye byeneme Ou yo avèk wòb jistis la epi limen nanm yo avèk limyè a ki soti nan merite konfyans. Se Ou menm Sila a Ki gen pouvwa pou fè tout sa Li vle e Ki kenbe nan men Li kòd yo k’ap dirije tout bagay, ni sa ki vizib, ni sa ki envizib.

#7684
- Bahá'u'lláh

 

Asepte voye pou mwen, O Bondye mwen, tout pòsyon pa mwen nan lanmou Ou ak bon volonte Ou, epi pote kè nou ale avèk leman ki anndan bèl limyè Ou a, O Ou menm Ki Pi Gran Prèv la ak Tout Gloriye a. O Senyè bonte a, kòm yon siyn gras Ou, voye desann sou mwen, pandan tout jounen an e pandan lanwit, souf Ou yo k’ap bay lavi.

Mwen pa te akonpli okenn aksyon, O Bondye mwen, ki ta fè mwen merite gade vizaj Ou, e mwen sèten menm si mwen ta viv toutotan lemonn t’ap kontinye, mwen pa t’ap kapab akonpli yon zèv ki ta fè mwen merite favè sa a, paske ran yon sèvitè pral toujou two ba pou li merite antre nan lakou sakre Ou a, sof si bonte Ou ta rive jwenn mwen epi dous mizèrikòd Ou ta ranpli mwen, epi jantiyès Ou ki plen lanmou a ta antoure mwen.

Tout lwanj pou Ou, O Ou menm Ki sèl Bondye Ki genyen. Avèk gras Ou, ede mwen monte vin jwenn Ou, e fè m’ jwenn onè abite tou pre Ou e fè mwen rankontre Ou pou kont mwen. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm.

An verite, si Ou ta vle voye benediksyon sou yon sèvitè, lè sa a Ou t’ap elimine nan wayòm kè li tout lòt pawòl oubyen anvi ki pa pawòl sou Ou menm; e si ou ta vle voye mechanste pou yon sèvitè poutèt enjistis li te fè devan figi Ou avèk pwòp men pa li, lè sa a Ou t’ap voye kòm eprèv pou li tout avantaj ki genyen nan lemonn sa a ak nan lòt mond la tou pou li ta kapab vin pèdi nan yo epi bliye souvni Ou.

#7685
- The Báb

 

O Bondye mwen! O Bondye mwen! Sa a se sèvitè Ou ki te avanse nan direksyon Ou, l’ap mache avèk anpil devouman nan dezè lanmou Ou, l’ap avanse nan chemen sèvis Ou, l’ap konte sou sipò Ou, li gen espwa pou jwenn bonte Ou, li depann sou Wayòm Ou, e li vin soule avèk bwason diven favè Ou a. O Bondye mwen! Ogmante chalè afeksyon li pou Ou, ogmante fidelite lwanj li pou Ou ansanm ak devouman lanmou li gen pou Ou.

An verite, se Ou menm Ki Plis Renmen Bay, Senyè a Ki gen gras k’ap debòde. Pa gen lòt Bondye aprè Ou, Sila a K’ap Padone, Mizèrikòdye a!

#7686
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè mwen! O Senyè mwen! Sa a se yon lanp ki limen ak dife lanmou Ou e ki anflame avèk flanm k’ap pran dife nan pyebwa mizèrikòd Ou. O Senyè mwen! Ogmante limyè, chalè ak flanm li avèk pouvwa dife a ki limen sou Sinayi Manifestasyon Ou an. An verite, Se Ou menm Ki Ranfòse, Sila a K’ap Bay Èd, Ki Plen Pouvwa, Ki Renmen Bay, K’ap Toujou Bay Lanmou.

#7687
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye, Bondye mwen! Sila a yo se sèvitè Ou yo ki fèb; yo se sèvitè fidèl Ou ak sèvant Ou yo ki te bese tèt yo devan Pawòl egzalte Ou e ki te mete yo piti nan Papòt limyè Ou a, yo te bay temwayaj sou linite Ou Ki te fè Solèy Manifestasyon Ou klere avèk glwa limyè midi a. Yo te tande konvokasyon Ou te lanse depi nan Wayòm kache Ou a, epi yo te reponn apèl Ou avèk kè k’ap tranble avèk lanmou e avèk gran kontantman k’ap debòde.

O Senyè, voye desann sou yo inondasyon mizèrikòd Ou yo, fè tout dlo gras Ou yo tonbe sou yo tankou lapli. Fè yo pouse tankou bèl plant nan jaden flè paradi a, e fè jaden sa a fleri avèk nyaj ki ranpli avèk benediksyon Ou yo k’ap ranvèsè, epi, avèk gran letan favè Ou yo ki trè fon, kenbe jaden an toujou vèt e gloriye, toujou fre epi plen limyè e bèl.

An verite, se Ou menm Ki Pisan, Ki Egzalte, Ki Plen Pouvwa, Sila a sèl, nan tout syèl la ak tè a, Ki pa janm chanje. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Senyè prèv ak siyn klè yo.

#7688
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè! Nou fèb; ban nou fòs. O Bondye! Nou inyoran; fè nou konprann. O Senyè! Nou pòv; fè nou rich. O Bondyè! Nou tankou mò yo; resisite nou. O Senyè! Nou imilye; fè nou jwenn glwa nan Wayòm Ou an. Si Ou ede nou, O Senyè, nou pral vin tankou zetwal k’ap klere nan syèl la. Si Ou pa ban nou èd Ou, nou pral tonbe pi ba pase tè a. O Senyè! Ranfòse nou. O Bondye! Rann nou viktoriye. O Bondye! Pèmèt nou gen viktwa sou santiman egoyis la epi domine dezi terès yo. O Senyè! Delivre nou anba chenn mond materyèl la. O Senyè! Soufle nan nou souf Lespri Sen an pou nou kapab leve pou sèvi Ou, okipe nou nan ba Ou lwanj e dedye efò nou yo avèk pi gran serye nan travay Wayòm Ou an. O Senyè, Ou plen pouvwa. O Bondye, Ou toujou padone. O Senyè, Ou gen yon kè ki sansib.

#7689
- `Abdu'l-Bahá

 

Kontribisyon nan Fon yo

Tout zanmi Bondye yo … fèt pou kontribye daprè posibilite yo genyen, menm si kontribisyon yo ofri a ta piti. Bondye pa chaje yon nanm pi plis pase kapasite li. Kontribisyon sa yo dwe soti nan tout sant yo e nan men tout kwayan yo. … O Zanmi Bondye yo! Nou dwe gen konfyans, akoz kontribisyon nou bay yo, jaden nou, izin nou, ak kòmès nou pral jwenn benediksyon pou yo miltipliye, vin beni avèk bonte ak favè diven yo. Sila a ki vini ak yon sèl bon zak ap jwenn yon rekonpans ki dis fwa pi plis. Pa gen dout, Senyè vivan an pral bay jarèt ak moun ki depanse richès yo nan chemen Li.

O Bondye, Bondye mwen! Limen fon vrè amoure Ou yo, e ba yo sipò Ou ak asanble zanj Ou yo ki toujou gen viktwa. Fè pye yo fèm nan chemen dwat Ou a, epi ouvri devan yo pòt benediksyon Ou yo ki soti nan ansyen bonte Ou; paske y’ap depanse nan chemen Ou sa Ou te fè yo jwenn, y’ap pwoteje Fwa Ou, y’ap mete konfyans yo nan souvni Ou, y’ap ofri kè yo kòm sakrifis poutèt lanmou yo gen pou Ou, epi yo p’ap sere sa yo posede poutèt yo adore Bèlte Ou e akoz efò y’ap fè pou jwenn fason pou fè Ou kontan.

O Senyè mwen! Sere pou yo yon bon pòsyon, yon rekonpans solid ak yon benefis sèten.

An verite, se Ou menm Ki Soutni, Èd la, Sila a Ki Renmen Bay, Ki Plen Bonte, K’ap Toujou Bay.

#7690
- `Abdu'l-Bahá

 

Limanite

O Ou menm Senyè Ki gen kè sansib, Ou menm Ki gen men ki renmen bay e Ki gen pouvwa! Nou se sèvitè Ou ki mete nou anba pwoteksyon Ou. Voye je bonte Ou sou nou. Bay limyè pou je nou kapab wè, bay zòrèy nou kapasite pou tande, bay kè nou kapasite pou konprann ak renmen. Ranpli nanm nou ak lajwa epi fè kè nou kontan poutèt bòn nouvèl Ou yo. O Senyè! Montre nou chemen wayòm Ou an epi resisite nou tout avèk souf Lespri Sen an. Fè nou jwenn lavi etènèl e voye sou nou yon onè ki p’ap janm fini. Ini limanite e klere lemonn imen an. Pèmèt nou tout gen kapasite pou swiv chemen Ou, pou swaf bon plezi Ou ak chèche mistè wayòm Ou. O Bondye! Ini nou epi kole kè nou ansanm avèk koneksyon Ou ki pa kapab koupe. An verite, se Ou menm Ki Bay, se Ou menm Ki Janti, se Ou menm Ki Toupisan.

#7691
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè a Ki bon! O Ou menm Ki renmen bay e Ki plen mizèrikòd! Nou se sèvitè ki kanpe devan papòt Ou e nou reyini anba pwoteksyon lonbraj ki soti nan linite diven Ou an. Solèy mizèrikòd Ou a ap klere sou tout moun, e nyaj bonte Ou yo ap voye favè sou tout moun tankou lapli. Kado Ou yo antoure tout moun, swen Ou ki plen lanmou ap soutni tout moun, pwoteksyon Ou kouvri tout moun, e rega favè Ou yo tonbe sou tout moun. O Senyè! Voye benediksyon Ou yo ki pa gen limit, e pèmèt limyè direksyon Ou klere. Limen je yo, rejwi kè yo avèk yon jwa ki p’ap janm fini. Bay yon nouvo lespri pou tout pèp yo, epi fè yo jwenn lavi etènèl la. Detake pòt vrè konprann yo e pèmèt limyè kwayans lan klere avèk anpil ekla. Ramase tout pèp anba lonbraj bonte Ou e fè yo ini avèk yon gran akò, pou pèmèt yo vin tankou reyon yon sèl solèy, tankou vag yon sèl lanmè, tankou fwi yon sèl pyebwa. Pèmèt yo bwè nan menm fontèn nan. Pèmèt yo rafrechi avèk menm briz la. Pèmèt yo vin klere avèk menm sous limyè a. Se Ou menm Ki Bay, Ki Plen Mizèrikòd, Ki Gen Tout Otorite.

#7692
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè a Ki bon! Ou te kreye tout limanite, fè yo soti nan menm rasin nan. Ou te bay lòd pou tout moun fè pati menm fanmi an. Nan Sen Prezans Ou, yo tout se sèvitè Ou, epi tout limanite jwenn pwoteksyon anba Tabènak Ou; tout te reyini ansanm bò Tab Bonte Ou; tout te limen ak limyè Pwoteksyon Ou.

O Bondye! Ou bon avèk tout moun, Ou te okipe bezwen tout moun, Ou bay tout moun abri, Ou bay tout moun lavi. Ou te bay chak moun pami nou talan ak kapasite, e nou tout plonje nan Oseyan Mizèrikòd Ou a.

O Ou menm Senyè a Ki bon! Ini nou tout. Mete tout relijyon yo annakò e fè tout nasyon yo yon sèl, pou pèmèt chak pèp wè tout lòt yo tankou yon sèl fanmi e tout latè tankou yon sèl kay. Pèmèt yo tout viv ansanm nan yon antant ki pafè.

O Bondye! Leve drapo linite limanite a.

O Bondye! Etabli Pi Gran Lapè a.

Kole kè yo ansanm, O Bondye.

O Ou menm Papa Ki bon! O Bondye! Rejwi kè nou avèk pafen lanmou Ou. Limen je nou avèk Limyè Volonte Ou. Fè zòrèy nou anchante avèk melodi Pawòl Ou a, pwoteje nou tout nan Fòterès Pwovidans Ou.

Se Ou menm Ki Pisan an, Ki Plen Pouvwa, se Ou menm Ki Padone e se Ou menm Sila a Ki pa gade sou defo lèzòm.

#7693
- `Abdu'l-Bahá

 

Linite

O Bondye mwen! O Bondye mwen! Ini kè sèvitè Ou yo, revele pou yo gran plan Ou an. Pèmèt yo swiv kòmandman Ou yo e rete nan lwa Ou. Ede yo, O Bondye, nan efò y’ap fè, ba yo fòs pou yo sèvi Ou. O Bondye! Pa lage yo pou kont yo, okontrè gide pa yo avèk limyè konesans Ou, e rejwi kè yo avèk lanmou Ou. An verite, se Ou Ki Èd yo ak Senyè yo.

#7694
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye mwen! O Bondye mwen! An verite, m’ap envoke Ou e m’ap sipliye devan papòt Ou, m’ap mande Ou pou voye tout mizèrikòd Ou yo desann sou nanm sa yo. Prepare yo espesyalman pou resevwa favè Ou ak verite Ou.

O Senyè! Ini kè yo epi mare yo ansanm, fè tout nanm yo atache nan yon gran antant, e rejwi lespri yo avèk siyn sentete Ou yo ki montre gen yon sèl Bondye. O Senyè! Limen figi sa yo ak limyè linite Ou. Ranfòse kouraj sèvitè Ou yo nan sèvis pou wayòm Ou an.

O Senyè, Ou menm Ki posede yon mizèrikòd ki san limit! O Senyè gras ak padon an! Padone peche nou yo, pa gade defo nou yo, epi fè nou vire nan direksyon wayòm konpasyon Ou an pandan n’ap priye wayòm pisans ak pouvwa a; fè nou piti devan tonbo Ou a e fè nou soumèt nou devan prèv glwa Ou yo.

O Senyè Bondye! Fè nou vin tankou vag nan lanmè, tankou flè nan jaden an, ini, annakò poutèt tout bonte lanmou Ou. O Senyè! Fè kè nou yo grandi avèk siyn linite Ou yo, e fè tout limanite tankou zetwal k’ap klere depi nan menm otè glwa a, tankou fwi pafè k’ap pouse sou pyebwa lavi Ou a.

An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Sila a Ki Egziste Pou Kont Li, Ki Bay, K’ap Anile Peche yo, Ki Padone, Ki Konnen Tout Bagay, Sèl Kreyatè a

#7695
- `Abdu'l-Bahá

 

Long Priyè pou Gerizon

Se Li menm Ki Konn Geri, Ki Sifi pou tout moun, Ki Toujou Ede, K’ap Toujou Padone, Ki Gen Tout Mizèrikòd.

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Egzalte, O Sila a Ki Fidèl, O Sila a Ki Gloriye! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Dirijan Siprèm, O Ou menm Ki leve ran moun, O Jij! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Pa Gen Parèy, O Sila a K’ap Toujou Egziste, O Sila a Ki Rete pou kont Li! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Jwenn Plis Lwanj, O Sila a Ki Sen, O Sila a Ki Ede! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Gen Konesans sou Tout Bagay, O Ou menm Ki Pi Saj la, O Sila a Ki Pi Gran! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Dou avèk moun, O Sila a Ki Plen Glwa, O Sila a K’ap Bay Lòd! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Byeneme a, O Ou menm tout moun adore a, O Sila a Ki Kontan Anpil! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Pi Pisan, O Sila a K’ap Bay Sipò, O Sila a Ki Gen Fòs! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a K’ap Dirije, O Ou menm Ki Egziste Pou Kont Ou, O Sila a Ki Konnen Tout Bagay! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Lespri, O Limyè, O Sila a Ki Pi Vizib! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm tout moun ap vizite a, O Ou menm tout moun konnen, O Ou menm Ki Kache Lwen tout moun! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a nou pa kapab wè, O Sila a Ki Viktorye, O Ou menm Ki Renmen Bay! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Toupisan, O Sila a K’ap Pote Sekou, O Sila a K’ap Kenbe Bagay yo Sekrè! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm K’ap Fabrike, O Ou menm Ki Okipe Bezwen yo, O Ou menm Ki Dechouke! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Leve, O Sila a Ki Ranmase, O Sila a K’ap Egzalte! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a K’ap Pèfeksyone, O Sila a Ki Lib, O Sila a Ki Plen Bonte! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Byenfezan, O Sila a Ki Refize Bay, O Sila a Kreyatè a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Pi Wo, O Sila a Ki Plen Bèlte, O Sila a Ki Bay an Gran Kantite! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Jis, O Sila a Ki Plen Gras, O Sila a Ki Renmen Bay! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Kòmande, O Ou menm K’ap Kontinye Pandan Tout Letènite, O Sila a Ki Pi Konnen! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a Ki Pi Merite Lwanj, O Ansyen nan Jou yo, O Sila a Ki Gen Yon Lespri Ki Renmen Bay! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila a K’ap Veye Byen, O Senyè Ki Bay Lajwa, O Ou menm tout moun ap chèche a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Janti ak tout moun, O Ou menm Ki Gen Bon Kè ak tout moun, O Sila a Ki Dispoze Pou Fè Byen! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Refij pou tout moun, O Abri pou tout moun, O Li menm K’ap Pwoteje a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Sekoure tout moun, O Ou menm tout moun ap sipliye, O Sila a Ki Limen Lavi Lespri yo! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm K’ap Devwale, O Ou menm K’ap Detwi, O Sila a Ki Pi Mizèrikòdye a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Nanm mwen, O Ou menm Byeneme mwen an, O Ou menm Kwayans mwen! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm K’ap Elimine Swaf yo, O Senyè Ki Pi Wo a, O Ou menm Ki Gen Plis Valè a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Souvni Ki Pi Gran an, O Non Ki Pi Wo a, O Chemen Ki Pi Ansyen an! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Pi Louwe a, O Ou menm Ki Pi Sen an, O Sila a Ki Sanntifye a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Libere, O Konseye, O Ou menm Ki Sovè a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Zanmi, O Doktè a, O Sila a Ki Atire Kè yo! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Glwa a, O Bèlte a, O Sila a Ki Plen Bonte! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Merite Plis Konfyans, O Pi Bon Amoure a, O Senyè Douvanjou a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Mete Dife, O Ou menm Ki Bay Limyè, O Ou menm Ki Pote Lajwa! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Senyè Bonte a, O Ou menm Ki Gen Kè Ki Pi Sansib, O Sila a Ki Gen Plis Mizèrikòd! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Sila Ki Pa Janm Chanje, O Ou menm K’ap Bay Lavi, O Sous Tout Sa Ki Egziste! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Gen Pouvwa sou Tout Bagay, O Bondye Ki Wè Tout Bagay, O Senyè Pawòl la! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm Ki Vizib e ki an menm tan Kache, O Envizib Ki Gen Anpil Renome a, O Temwen tout moun ap chèche a! Ou menm K’ap Sifi pou tout moun, Ou menm Ki Geri, Ou menm Ki Toujou la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Mwen sipliye Ou O Ou menm K’ap matirize Amoure yo, O Bondye Ki Padone mechan yo!

O Ou menm Ki Sifi pou tout moun, mwen sipliye Ou, O Ou menm Ki Sifi pou tout moun!

O Ou menm Ki Geri, mwen sipliye Ou, O Ou menm Ki Geri!

O Ou menm Ki Toujou la, mwen sipliye Ou, O Ou menm Ki Toujou la!

Ou menm Ki p’ap janm pa la, O Ou menm Sila a K’ap Toujou la!

Ou sanntifye, O Bondye mwen! Mwen priye Ou poutèt jenewozite Ou, ki te fè pòt bonte ak gras Ou ouvri byen laj, kote Tanp Sentente Ou a te etabli sou twòn etènite a; e mwen priye Ou poutèt mizèrikòd Ou ki te fè Ou envite tout bagay ki te kreye sou tab bonte ak favè Ou yo; e poutèt gras Ou ki te fè Ou te reponn “Wi!” nan non tout sa ki nan syèl la ak sou tè a, nan moman kote souverènte Ou ak grandè Ou te devwale, nan douvanjou a kote pisans otorite Ou te vin manifeste. E ankò mwen priye Ou, poutèt pi bèl non sa yo, poutèt kalite sa yo ki pi gloriye ak pi wo, e poutèt Souvni Ou Ki pi Egzalte a, e poutèt Bèlte Ou ki pafè e san tach, e poutèt Limyè Ou ki kache nan tabènak ki pi kache a, e poutèt Non Ou, ki abiye ak rad soufrans chak maten ak chak swa, mwen priye Ou pou pwoteje moun ki pote Priyè beni sa a, pou pwoteje nenpòt moun ki resite li, ak nenpòt moun ki rive pase tou pre li, nenpòt moun ki menm pase nan alantou kay kote li ye. Sèvi ak Priyè sa a, O Bondye, pou geri sila a ki malad, k’ap soufri e ki nan bezwen, pou li elimine chak difikilte ak soufrans, tout move maladi ak tristès, e pèmèt Priyè sakre sa a sèvi kòm yon gid pou ede nenpòt moun ki gen anvi antre nan wout konsèy Ou yo, ak chemen padon ak gras Ou.

An verite, se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Sila a K’ap Sifi pou tout moun, Li menm K’ap Geri, Pwotektè a, Ki Byenfezan an, Sila a Ki Gen Konpasyon, Sila a Ki Toujou Renmen Bay, Ki Gen Plis Mizèrikòd la.

#7617
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj ak Rekonesans

Nenpòt moun ki vin soule nan gran lajwa ki soti nan adore Non Mwen, Sila Ki Gen Kè Ki Pi Sansib la, pral resite vèsè Bondye yo yon jan pou kapte kè sila yo ki toujou andòmi.

O Bondye mwen! Tout lwanj se pou Ou menm Ki se Sous tout glwa ak majeste, tout grandè ak onè, souverènte ak otorite, siperyorite ak gras, respè ak pouvwa. Ou dirije moun Ou vle nan direksyon Pi Gran Oseyan an, e Ou chwazi nenpòt moun Ou vle pou ba li onè rekonèt Pi Ansyen Non Ou an. Pami tout sa ki nan syèl la ak sou tè a, pa gen anyen ki kapab reziste devan fòs Volonte siprèm Ou an. Depi tout etènite Ou te dirije tout kreyasyon an, epi Ou pral kontinye pandan tout tan montre otorite Ou sou tout bagay ki kreye. Pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Toupisan an, Pi Egzalte a, Sila a Ki Genyen Tout Pouvwa a, Ki Gen Tout Sajès la.

O Senyè, limen figi sèvitè Ou yo pou pèmèt yo wè Ou; pwòpte kè yo pou pèmèt yo vire nan direksyon lakou favè selès Ou yo, e rekonèt Sila a Ki se Manifestasyon Ou Menm menm ak Sous Lespri Ou. An verite, se Ou menm Ki Senyè tout mond yo. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Sila a Ki Pa Gen Limit la, Ki Domine Tout Bagay.

#7696
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou non Ou, O Senyè Bondye mwen! Se Ou menm tout bagay adore men Ou menm Ou pa adore anyen, Ou menm Ki Senyè tout bagay men Ou pa depann sou pèsonn, Ou menm Ki konnen tout bagay men pa gen anyen ki konnen Ou. Ou te vle fè lèzom rekonèt Ou; poutèt sa, avèk yon sèl mo ki te soti nan bouch Ou, Ou te fè kreyasyon an parèt e Ou te bay linivè a fòm li. Pa gen okenn lòt Bondye esepte Ou, Atizan an, Kreyatè a, Toupisan an, Li menm Ki Gen Plis Pouvwa.

Mwen sipliye Ou, poutèt menm mo sa a ki te klere nan syèl volonte Ou, pou pèmèt mwen byen bwè nan dlo ki bay lavi a - dlo Ou te sèvi pou fè kè moun Ou te chwazi yo bat pi fò epi ajoute sou angouman nanm moun ki renmen Ou - mwen sipliye Ou pou fè mwen vire figi mwen konplètman nan direksyon Ou nan tout moman e nan tout sikonstans.

Se Ou menm Bondye Ki gen pouvwa a, Ki gen glwa ak bonte. Pa gen lòt Bondye aprè Ou menm, Dirijan Siprèm nan, Sila a Ki Gen Tout Glwa a, Ki Konprann Tout Bagay.

#7697
- Bahá'u'lláh

 

Nan Non Bondye, Pi Wo a! Se Ou menm Ki louwe ak glorifye, Senyè a, Bondye Toupisan an! Devan sajès Ou, sajès moun ki saj la rate bi a e li echwe, devan konesans Ou, moun ki edike a oblije admèt inyorans li, devan pisans Ou, moun ki fò a parèt fèb, devan richès Ou, moun ki rich la bay temwayaj sou povrete li, devan limyè Ou, moun ki eklere a pèdi nan fènwa. Vrè nati tout konprann vire li nan direksyon tanp konesans Ou epi nanm tout limanite antoure tabènak prezans Ou.

O Bondye, kòman pou mwen ta kapab chante ak pale sou Lespri Ou, malgre sajès moun ki te gen anpil lespri yo ansanm ak konesans moun ki te edike yo pa t’ janm kapab konprann Ou, paske, an reyalite, pèsonn moun pa kapab chante sa li pa konprann, ni li pa kapab rakonte sa lespri li pa kapab wè, poutan Ou te rete depi tout etènite Sila a Ki nan otè yo pèsonn pa kapab rive jwenn nan, Li menm pèsonn moun pa kapab konprann. Menm si mwen manke pouvwa pou monte nan syèl glwa Ou ak vole nan wayòm konesans Ou yo, sa ki rete posib pou mwen se pale sou siyn Ou te revele yo, ki montre travay gloriye Ou a.

Mwen jire sou Glwa Ou! O Byeneme tout kè yo, Ou menm sèl Ki kapab kalme doulè ki soti nan gran dezi moun genyen pou jwenn Ou! Menm si tout abitan ki nan syèl la ak sou tè a t’ap mete ansanm pou glorifye pi piti siyn nan pami tout sa Ou te revele yo - yon siyn Ou sèvi pou revele pwòp nati Ou - kanmenm yo t’ap echwe. Sa t’ap menm pi enposib toujou pou yo ta reyisi bay lwanj pou Pawòl sakre Ou a - Pawòl ki te kreye tout siyn Ou yo.

Tout lwanj ak glwa pou Ou, O Ou menm Ki te fè tout bagay temwaye pou di Ou se yon sèl e pa gen lòt Bondye espete Ou, Ou menm Ki depi tout tan te egzalte pi wo pase tout sa ki egziste ak tout sa ki ta vle konpare avèk Ou menm e Ou pral rete menm jan an pandan tout tan ki pral egziste. Tout wa yo se sèvitè Ou yo ye, epi tout kreyati yo, ni sa ki vizib ni sa ki envizib yo, pa sanble anyen devan Ou. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Plen Gras la, Ki Plen Pouvwa a, Ki Pi Wo a.

#7698
- Bahá'u'lláh

 

Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen remèsye Ou paske Ou te ede mwen rekonèt Manifestasyon Ou Menm menm, e paske Ou te retire mwen nan men enmi Ou yo, e Ou te pèmèt mwen vin wè klè move zak ak mechanste enmi sa yo te fè nan jou Ou yo, e paske Ou te elimine nan mwen tout atachman pou yo, e Ou te fè mwen vire konplètman nan direksyon gras ak gran favè Ou yo. Anplis, mwen remèsye Ou poutèt Ou te voye desann sou mwen, depi nan nyaj volonte Ou yo, sa ki te tèlman sanntifye mwen kont sijèsyon enkredil yo e kont pawòl moun ki pa kwayan yo sa te fè mwen byen fikse kè mwen sou Ou, e mwen te kouri kite tout moun ki te rejte limyè ki klere nan vizaj Ou. Yon lòt fwa ankò mwen remèsye Ou poutèt Ou te ban mwen kapasite pou mwen rete fidèl nan lanmou Ou, e deklare lwanj Ou ak glorifye kalite Ou yo, e poutèt Ou te ban mwen bwè nan tas mizèrikòd Ou a - yon mizèrikòd ki te depase tout sa nou kapab wè ak tout sa nou pa kapab wè.

Se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Pi Egzalte a, Ki Gen Tout Glwa a, K’ap Toujou Bay Lanmou.

#7699
- Bahá'u'lláh

 

Beni se kote a, kay la, zòn nan, vil la, kè a, montay la, refij la, gwòt la, vale a, peyi a, lanmè a, zile a ak savann nan kote non Bondye te site, e kote yo te chante lwanj pou Li.

#7700
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye mwen, tout majeste ak glwa, tout otorite ak limyè, tout grandè ak bèlte se pou Ou.Ou voye souverènte sou moun Ou vle, e moun Ou pa vle, Ou anpeche yo jwenn li. Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Ki Posede Tout Bagay, Ki Pi Egzalte a. Se Ou menm Sila a Ki te pran kote ki pa te genyen anyen an pou kreye linivè a ak tout sa ki abite ladann li. Pa gen anyen ki diyn pou rive jwenn Ou sof Ou Menm menm, pandan nan sen prezans Ou an tout bagay esepte Ou menm rete tankou moun ki egzile epi yo parèt tankou yo pa anyen lè nou konpare yo ak glwa Pwòp Lespri pa Ou.

Sa depase kapasite mwen pou louwe kalite Ou yo sof si mwen sèvi ak jan Ou te louwe pwòp tèt pa Ou nan pisan Liv Sen Ou an, kote Ou di: “Pa gen okenn je ki kapab wè Li, men Li wè tout sila yo ki kapab wè. Se Li menm Ki Konprann, Sila a Ki Okouran Tout Bagay.” Glwa pou Ou, O Senyè mwen, vrèman okenn lespri oubyen je, kèlkeswa jan li fò oubyen jan li gen kapasite pou wè byen, p’ap janm kapab konprann vrè nati pi piti siyn pami tout siyn Ou te revele yo. An verite, se Ou menm Ki Bondye, pa gen okenn Bondye esepte Ou menm. Mwen temwen se Ou menm pou kont Ou sèlman Ki kapab montre siyn Ou yo; ni pa gen lwanj pèsonn moun ta bay ki kapab jamè rive jwenn lakou sakre Ou a - se lwanj pa Ou sèlman ki kapab rive la, ni pèsonn moun p’ap janm kapab konprann kalite Ou yo - se Ou menm sèlman ki konprann yo.

Glwa pou Ou, se Ou menm Ki egzalte pi wo pase esplikasyon nenpòt moun ta kapab bay, paske sa depase konesans imen an pou pote lwanj sou kalite Ou yo nan yon fason Ou ta merite oubyen pou moun konprann vrè reyalite Lespri Ou. Glwa Ou konplètman depase kapasite kreyati Ou yo pou yo ta esplike Ou oubyen pou yon moun ta jamè konnen Ou, se sèl Ou menm ki kapab fè sa. Mwen te rekonèt Ou, O Bondye mwen, paske Ou te revele egzistans Ou pou mwen; si Ou pa te revele egzistans Ou pou mwen, mwen pa t’ap janm rekonèt Ou. Mwen adore Ou paske Ou te lanse yon apèl pou mwen vin jwenn Ou; si se pa t’ pou apèl Ou te fè a, mwen pa t’ap jamè adore Ou.

#7701
- The Báb

 

Maryaj

“Maryaj Bahá’í se yon angajman ant de moun, youn pou lòt, epi atachman yo, youn pou lòt, lespri ak kè. Kanmenm, chak nan yo ta dwe pote anpil atansyon pou yo chèche rekonèt karaktè lòt la, pou pèmèt angajman fèm ant yo ta tounen yon relasyon ki pral kontinye pou tout tan. Bi yo ta dwe: vin konpayon ki plen lanmou ak bon zanmi, ini ansanm pandan lavi sa a e pou tout tan ….

Vrè maryaj ant Bahá’í yo se lè mari a ak madanm nan ini yo, nan kò e nan lespri, lè yo chak toujou chèche amelyore lavi espirityèl lòt la, pou yo ta jwenn benefis linite pou tout tan e nan tout mond Bondye. Sa a se maryaj Bahá’í.”

Se Li Ki Bay, Ki Plen Bonte!

Lwanj pou Bondye, Ansyen an, Sila a K’ap Toujou la, Ki P’ap Janm Chanje a, Ki P’ap Janm Fini! Se Li menm Ki te temwaye avèk Pwòp Lespri Li pou di se Li vrèman Ki Rete Sèl, Pou Kont Li, Ki Fè Tout Sa Li Deside, Ki Egzalte. Nou temwen, an verite, pa gen okenn Bondye esepte Li menm, nou admèt linite Li, nou konfese Li rete apa. Li te toujou abite nan gran otè yo kote pèsonn moun pa janm kapab rive jwenn Li, nan otè grandè Li, e Li sanntifye pi wo pase lwanj tout bagay ki pa Li menm, enposib pou esplike Li sof si se Li menm Ki fè sa.

E lè Li te vle montre gras ak bonte Li pou lèzòm, pou mete lòd nan mond la, Li te devwale kòmandman Li yo e Li te kreye lwa yo; pami yo, Li te etabli lwa maryaj la, e Li te fè maryaj yon fòterès solid pou byenèt ak delivrans, epi, nan sa Bondye te voye soti nan syèl sentete a nan Liv Ki Pi Sen Li a, Li te ban nou lòd pou nou swiv lwa maryaj la. Li di, e glwa Li gran: “Se pou nou marye, O pèp, pou nou kapab fè soti nan nou menm sila a ki pral pale sou Mwen nan mitan sèvitè Mwen yo. Sa a se lòd Mwen ban nou; kenbe fèm ak li kòm yon èd pou pwòp tèt pa nou.”

#7702
- Bahá'u'lláh

 

O Senyè mwen, O Senyè mwen! De kò selès ki klere sa yo ap marye nan lanmou Ou, y’ap reyini nan sèvis yo devan Papòt Sakre Ou a, yo ini yo nan okipe zafè Koz Ou a. O Senyè mwen, Tout Mizèrikòdye a! Fè maryaj sa a vin tankou très ki fèt avèk reyon limyè yo akoz gras Ou k’ap debòde, fè li tankou reyon benediksyon Ou yo k’ap klere, O Ou menm Ki Renmen Bay, K’ap Toujou Bay, pou pèmèt branch ap soti nan gran pyebwa sa a, pouse tou vèt, tou fre akoz favè Ou yo k’ap desann soti nan nyaj gras Ou yo tankou lapli.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay. An verite, se Ou menm Ki Toupisan. An verite, se Ou menm Ki Gen Konpasyon, Tout-Mizèrikòdye a.

#7703
- `Abdu'l-Bahá

 

Glwa pou Ou, O Bondye mwen! An verite, sèvitè Ou sa a ak sèvant Ou sa a te rasanble anba lonbraj mizèrikòd Ou e yo ini poutèt favè ak bonte Ou. O Senyè! Ede yo nan mond Ou ak wayòm Ou sa a epi voye pou yo tout bon bagay avèk bonte ak gras Ou. O Senyè! Ranfòse yo nan efò y’ap fè pou sèvi Ou epi ede yo nan travay Ou. Pèmèt yo tounen siyn Non Ou nan mond Ou an e pwoteje yo avèk benediksyon Ou yo ki p’ap janm fini. O Senyè! Y’ap sipliye syèl mizèrikòd Ou a e y’ap priye paradi inite Ou. An verite, yo marye nan obeyisans ak kòmandman Ou. Fè yo vin siyn zanmitay ak inite jiskaske tan an fini. An verite, Ou Gen Pouvwa Sou Tout Bagay, Ou Tout Kote, Ou Toupisan!

#7704
- `Abdu'l-Bahá

 

Se Li menm Ki Bondye!

O Senyè Ki pa gen parèy! Nan sajès Ou ki toupisan an, Ou te bay pèp Ou yo direksyon pou yo marye, pou pèmèt yon jenerasyon ranplase yon lòt nan mond materyèl sa a, epi, pou lèzòm ta kapab okipe yo nan Papòt inite Ou a nan sèvis ak devouman, nan salitasyon, nan adore Bondye ak louwe Li toutotan lemonn materyèl la ta egziste. “Mwen te kreye zanj yo ak lèzòm sèlman pou yo kapab adore Mwen.” Poutèt sa, O Senyè, nan paradi mizèrikòd Ou, marye de zwazo sa yo ki soti nan nich lanmou Ou, e fè yo tounen yon leman k’ap atire gras Ou pandan tout tan; pou pèmèt rankont de oseyan lanmou sa yo ta fè yon vag jantiyès k’ap monte parèt epi lage bèl koki ki san tach yo nan bòrivaj lavi a. “Li te kreye de oseyan yo, pou pèmèt yo rankontre: Ant yo gen yon baryè yo pa kapab travèse. Alò, pami tout bonte Senyè ou a, kiyès ou pral rejte? Anndan chak oseyan Li fè soti koki ki pi gran yo ak sa ki pi piti.”

O Ou menm, Senyè mizèrikòdye! Pèmèt maryaj sa a fè kokiyaj ak bijou parèt. An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Pouvwa, Ki Pi Gran, Ki Toujou Padone.

#7705
- `Abdu'l-Bahá

 

Maten

Mwen reveye anba abri Ou, O Bondye mwen, e li ta bon pou sila a ki ap chèche abri Ou t’ap rete anndan Tabènak pwoteksyon Ou ak Fòterès defans Ou an. Limen nanm mwen, O Senyè mwen, avèk glwa Solèy Revelasyon Ou an, menm jan an Ou te klere kò materyèl mwen an avèk limyè maten an ki te soti nan favè Ou yo.

#7706
- Bahá'u'lláh

 

Mwen leve maten an akoz gras Ou, O Bondye mwen, epi mwen te kite lakay mwen ak tout konfyans mwen nan Ou menm, kote mwen te remèt tèt mwen nan men Ou. Poutèt sa, fè desann sou mwen yon benediksyon ki soti kote Ou nan syèl mizèrikòd Ou a, e pèmèt mwen retounen lakay mwen sen e sof menm jan Ou te pèmèt mwen soti maten an anba pwoteksyon Ou avèk panse mwen yo byen fikse sou Ou.

Pa genyen lòt Bondye pase Ou, Ou menm Ki Pou Kont Ou, Ki San Parèy, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.

#7707
- Bahá'u'lláh

 

Mwen ba Ou lwanj, O Bondye mwen, poutèt Ou te reveye mwen fè mwen soti nan dòmi, Ou te fè mwen parèt aprè mwen te disparèt, e Ou te fè mwen leve soti nan somèy mwen. Mwen reveye maten an avèk figi mwen fikse nan direksyon limyè Solèy Revelasyon Ou - yon Revelasyon Ki te limen syèl pouvwa ak majeste Ou - epi mwen rekonèt siyn Ou yo, mwen kwè nan Liv Ou a e mwen kenbe fèm nan Kòd Ou a.

Mwen sipliye Ou, poutèt pisans volonte Ou ak fòs pouvwa ki egziste nan objektif Ou te fikse a, pou fè sa Ou te devwale pou mwen pandan mwen t’ap dòmi an vin tounen fondasyon ki pi solid la pou bèl kay lanmou Ou ki nan kè byeneme Ou yo, e anplis fè li vin zouti ki pi mèveye a pou montre siyn gras ak dous jantiyès Ou yo.

Tanpri, O Senyè mwen, voye pou mwen, avèk Plim Ou ki pi egzalte a, sa ki pi bon nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Mwen temwen Ou gen pouvwa nan men Ou k’ap dirije tout bagay. Ou chanje yo jan Ou vle. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Fò, Ki Fidèl.

Se Ou menm K’ap chanje daprè volonte Ou imilyasyon nan glwa, feblès nan fòs, manke kapasite nan pisans, perèz nan kè kal, ak dout nan kwayans fèm. Pa gen lòt Bondye aprè Ou, Pisan an, Byenfezan an.

Ou toujou satisfè moun ki chèche èd Ou, ni Ou pa janm repouse nenpòt moun Ki gen dezi pou jwenn Ou. Chwazi pou mwen sa k’ap diyn pou syèl jenewozite Ou a, ak oseyan bonte Ou. An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Li menm Ki Gen Plis Pouvwa a.

#7708
- Bahá'u'lláh

 

Minwi

O chèchè Laverite a! Si ou ta vle Bondye ouvri je ou, ou dwe sipliye Li, priye Bondye ak kominike avèk Li nan lè minwi, epi di:

O Senyè, mwen te vire figi mwen nan direksyon wayòm inite Ou a epi mwen plonje nan lanmè mizèrikòd Ou. O Senyè, eklere kapasite mwen pou wè avèk limyè Ou yo nan lanwit fènwa sa a, epi fè kè mwen kontan avèk bwason diven lanmou Ou nan epòk mèveye sa a. O Senyè, fè mwen tande apèl Ou, epi fè pòt syèl Ou a ouvri devan figi mwen pou mwen kapab wè limyè glwa Ou a e vin atire ak bèlte Ou.

An verite, se Ou menm Ki Bay, Ki Gen Men Ki Ouvè, Ki Plen Mizèrikòd, K’ap Toujou Padone.

#7638
- Bahá'u'lláh

 

Padon

O Senyè mwen! Se mwen menm ki te vire figi mwen nan direksyon Ou, ki te fikse espwa mwen sou mèvèy gras Ou yo ak siyn bonte Ou yo. Mwen priye Ou pou Ou pa t’ap pèmèt mwen vire kite pòt mizèrikòd Ou san satisfaksyon, ni pa abandone mwen nan men kreyati sila Ou yo ki te rejte Koz Ou a.

Mwen se sèvitè Ou, O Bondye mwen, ak pitit sèvitè Ou. Mwen te rekonèt verite Ou nan jou Ou yo, e mwen te dirije pa mwen nan direksyon bòrivaj linite Ou; mwen admèt Ou se yon sèl, mwen temwen Ou pa kapab divize, epi mwen konte sou padon ak gras Ou. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle; pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Tout Gloriye a, Sila a K’ap Toujou Padone.

#7710
- Bahá'u'lláh

 

Ou wè mwen, O Senyè mwen, avèk figi mwen vire nan direksyon paradi bonte Ou ak oseyan favè Ou, mwen detache ak tout bagay sof Ou menm. Mwen mande Ou, poutèt ekla Solèy revelasyon Ou ki te klere sou Sinayi a, ak Limyè Selès gras Ou k’ap briye nan syèl Non Ou, Sila a K’ap Toujou Padone a, mwen mande Ou pou padone mwen e pou gen mizèrikòd pou mwen. Epi, ekri pou mwen, avèk plim glwa Ou, sa ki pral egzalte mwen nan mond kreyasyon an akoz Non Ou. Ede mwen, O Senyè, pou mwen vire nan direksyon Ou, epi koute vwa byeneme Ou yo - yo menm pouvwa tèrès yo pa t’ kapab febli, epi otorite nasyon yo pa t’ kapab anpeche yo jwenn prezans Ou, yo menm ki te avanse nan direksyon Ou pandan yo t’ap di: “Bondye se Senyè nou, Senyè tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a.”

#7711
- Bahá'u'lláh

 

Se pou Non Ou louwe, O Bondye mwen ak Bondye tout bagay, Glwa mwen ak Glwa tout bagay, Dezi mwen ak Dezi tout bagay, Sipò mwen ak Sipò tout bagay, Wa mwen ak Wa tout bagay, Mèt mwen ak Mèt tout bagay, Bi mwen ak Bi tout bagay, Fòs mwen ak Fòs tout bagay! Mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn oseyan dous mizèrikòd Ou a, ni rete lwen bòrivaj prezans Ou an.

Pa gen anyen esepte Ou menm, O Senyè mwen, ki kapab ban mwen avantaj, epi, rete bò kote kèlkeswa moun nan p’ap pote mwen okenn pwofi, sèl pwofi ki genyen se nan avanse pi pre Ou. Mwen priye Ou fò poutèt grandè richès Ou, ki te fè Ou endepandan ak tout bagay esepte Ou menm, pou konte mwen pami yo menm ki te vire figi yo nan direksyon Ou an, e ki te leve pou sèvi Ou.

Poutèt sa, O Senyè mwen, padone sèvitè Ou yo ak sèvant Ou yo. Vrèman, se Ou menm Ki Toujou Padone, Ki Gen Plis Konpasyon.

#7712
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Ou, O Senyè. Padone nou poutèt peche nou yo, gen mizèrikòd pou nou e pèmèt nou retounen jwenn Ou. Pa kite nou depann sou okenn lòt esepte Ou menm, epi, avèk bonte Ou, voye pou nou sa Ou renmen ak sa Ou vle pou nou ak sa ki ta diyn pou majeste Ou. Egzalte ran moun ki te vrèman kwè, epi padone yo avèk padon Ou ki plen gras. An verite, se Ou menm Ki Pote Sekou nan Danje, Sila a Ki Egziste Pou Kont Li.

#7713
- The Báb

 

Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, pou padone mwen poutèt tout pawòl mwen di ki neglije Ou, poutèt tout lwanj mwen bay ki pa pou Ou, pou tout kontantman mwen santi ki pa soti nan prezans Ou, pou tout plezi mwen jwenn ki pa soti nan plezi ki genyen lè m’ap priye Ou, pou tout jwa ki pa jwa ki genyen nan lanmou Ou ni nan bon plezi Ou, e pou tout bagay ki lye avèk mwen menm men ki pa gen okenn relasyon avèk Ou, O Ou memn Ki Senyè tout senyè yo, Sila a Ki bay mwayen yo e Ki detake pòt yo.

#7714
- The Báb

 

Mwen mande gras Ou, O Bondye mwen, epi mwen sipliye padon Ou nan fason Ou vle sèvitè Ou yo abòde Ou. Mwen priye Ou fò pou lave peche nou yo epi elimine yo jan Otorite Ou mande l’ la, padone mwen, padone paran mwen yo ak tout moun ki daprè Ou menm te antre nan abitasyon lanmou Ou, padone nou nan yon fason ki diyn pou souverènte Ou - yon souverènte ki depase tout linivè a - e nan yon fason ki kòrèk daprè glwa pouvwa selès Ou a.

O Bondye mwen! Ou te motive nanm mwen pou li te kapab ofri lapriyè li pou Ou, e si se pa t’ avèk èd Ou, mwen pa t’ap rele Ou. Ou louwe epi Ou glorifye; mwen ba Ou lwanj paske Ou te revele kalite Ou yo pou mwen, e mwen sipliye Ou pou padone mwen, paske mwen pa t’ reyisi byen akonpli devwa mwen ki se konnen Ou e mwen te manke fidèl nan chemen lanmou Ou.

#7715
- The Báb

 

Glwa pou Ou, O Bondye. Kòman mwen ta kapab pale sou Ou pandan Ou menm Ou sanntifye pi wo pase lwanj tout limanite. Louwe Non Ou, O Bondye, se Ou menm Ki Wa, Laverite Etènèl la; Ou konnen tout sa ki nan syèl la ak sou tè a, e tout kreyasyon an dwe retounen jwenn Ou. Ou te voye desann Revelasyon diven Ou daprè yon limit klè Ou te fikse. Se Ou menm ki louwe, O Senyè! Ou bay viktwa daprè kòmandman Ou pou nenpòt moun Ou vle, avèk sipò lame yo ki nan syèl la ak sou tè a e nan tout sa ki egziste nan mitan yo. Se Ou menm Souveren an, Laverite Etènèl la, Senyè Ki posede yon pisans ki toujou gen viktwa.

Glorifye se Ou menm, O Senyè! Nan tout moman Ou padone peche pou sila pami sèvitè Ou yo ki sipliye padon Ou. Lave peche mwen yo ak peche moun ki chèche padon Ou nan chak douvanjou, moun ki priye Ou pandan jounen an e pandan lanwit, ki pa anvi jwenn anyen esepte Bondye, ki sakrifye tout sa Bondye te voye pou yo avèk gras Li, moun ki chante lwanj Ou nan maten yo ak nan lanjelis yo, e ki pa neglijan nan devwa yo.

#7716
- The Báb

 

O Bondye Senyè nou! Pwoteje nou avèk gras Ou kont tout bagay Ou rayi, e voye pou nou sa ki t’ap diyn pou grandè Ou. Ban nou plis nan bonte Ou, epi beni nou. Efase tout bagay nou te fè yo, lave nou retire tach peche nou yo, epi padone nou avèk padon Ou ki plen gras. An verite, se Ou menm Ki Pi Egzalte a, K’ap Rete pou kont Ou.

Pwovidans Ou ki plen lanmou an te antoure tout bagay ki te kreye nan syèl la ak sou tè a, epi padon Ou te depase tout kreyasyon an. Souverènte se pou Ou; Wayòm Kreyasyon ak Wayòm Revelasyon yo chita nan men Ou; men dwat Ou kenbe tout bagay ki kreye, epi Ou genyen anba kontwòl Ou mezi padon ki etabli yo. Ou padone nenpòt pami sèvitè Ou yo Ou deside padone. An verite, se Ou menm Ki Toujou Padone, Sila a Ki Plen Lanmou pou tout kreyati Li yo. Pa gen anyen ditou k’ap sove anba konesans Ou, epi okenn bagay egziste ki kapab kache pou Ou.

O Bondye Senyè nou an! Pwoteje nou avèk pouvwa pisans Ou, epi pèmèt nou plonje nan oseyan mèveye Ou k’ap monte a, e ban nou sa k’ap parèt kòrèk pou Ou.

Se Ou menm Dirijan Souveren an, Sila a Ki fè zèv avèk pisans, Egzalte a, Li menm K’ap Toujou Bay Lanmou.

#7717
- The Báb

 

O Ou menm Senyè mizèrikòdye a! Nou se sèvitè devan Papòt Ou, k’ap chèche abri nan Pòt sakre Ou a. Nou pa chèche lòt refij sof nan vwazinaj pilye solid sa a, nou pa gade okenn lòt kote pou jwenn sekirite nou esepte anba pwoteksyon Ou. Pwoteje nou, beni nou, ban nou sipò, fè nou devlope pou nou kapab renmen sèlman bon plezi Ou, jiskaske se sèlman lwanj Ou nou chante, jiskaske se sèlman chemen laverite nou swiv, pou nou kapab vin ase rich pou nou abondone tout bagay esepte Ou menm, epi jwenn favè nou yo nan lanmè bonte Ou a, pou nou kapab toujou travay pou egzalte Koz Ou a ak gaye dous pafen Ou yo toupatou, pou nou kapab bliye tèt nou e vin okipe sèlman avèk Ou menm, pou nou mete akote tout lòt bagay e vin enterese nan Ou menm sèlman.

O Ou menm Ki Satisfè Bezwen yo, O Ou menm Ki Padone! Ban nou gras Ou ak jantiyès Ou ki plen lanmou, ban nou kado Ou ak favè Ou, epi soutni nou, pou nou kapab rive jwenn objektif nou. Se Ou menm Ki Gen Pouvwa, Ki Kapab, Ki Konnen, Ki Wè; e, an verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, e, an verite, se Ou menm Ki Pi Mizèrikòdye a, e, an verite, se Ou menm K’ap Toujou Padone, Li menm nou tout dwe repanti devan Li, Sila a K’ap Padone menm peche ki pi grav yo.

#7718
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè K’ap Padone! Se Ou menm Ki sèvi kòm pwoteksyon pou tout sèvitè sa yo. Ou konnen tout sekrè yo epi Ou konprann tout bagay. Nou tout fèb, se Ou menm Ki Pisan an, Sila a Ki Gen Tout Otorite. Nou tout se pechè, e se Ou menm Ki Padone peche yo, Ki Mizèrikòdye a, Ki Plen Pitye. O Senyè! Pa gade defo nou yo. Trete nou daprè gras ak bonte Ou. Defo nou yo anpil, men oseyan padon Ou pa gen limit. Feblès nou yo grav, men siyn èd ak sipò Ou yo klè. Poutèt sa, O Senyè, fè nou fidèl e ranfòse nou. Pèmèt nou fè sa ki diyn nan Papòt sakre Ou a. Limen kè nou yo, ban nou je ki wè klè ak zòrèy ki tande byen. Resisite mò yo, geri malad yo. Voye richès sou malere yo, bay lapè ak sekirite pou moun ki gen laperèz. Asepte nou nan wayòm Ou an e klere nou avèk limyè direksyon an. Se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Ki Gen Tout Otorite. Se Ou menm Ki Renmen Bay. Se Ou menm Ki Mizèrikòdye. Se Ou menm Ki Bon.

#7719
- `Abdu'l-Bahá

 

Paran yo

O Senyè! Ou asepte, nan Pi Gran Epòk sa a, pou pitit yo sipliye Ou nan non paran yo. Sa a se youn nan benediksyon espesyal ki pa gen limit Ou te bay nan Pi Gran Epòk sa a. Poutèt sa, O Ou menm Senyè Ki Bon, asepte demann sèvitè Ou sa a nan papòt linite Ou e plonje papa li nan oseyan gras Ou a, paske pitit sa a te leve pou rann Ou sèvis epi l’ap fè efò nan tout moman nan chemen lanmou Ou. An verite, se Ou menm Ki Bay, Ou menm Ki Padone, e se Ou menm Ki Bon!

#7721
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè Fanm pou Mari li

O Bondye, Bondye mwen! Sèvant sa a ap rele Ou, li mete konfyans li nan Ou, li vire figi li nan direksyon Ou, l’ap sipliye Ou pou gaye bonte selès Ou yo sou li, devwale pou li mistè espirityèl Ou yo, epi voye sou li limyè ki soti nan Divinite Ou Menm menm.

O Senyè mwen! Fè je mari mwen wè. Fè kè li kontan avèk limyè konesans Ou, atire lespri li pou jwenn bèlte Ou ki klere, epi revele pou li glwa Ou yo ki byen klè k’ap fè nanm li rejwi.

O Senyè mwen! Retire vwal la k’ap bloke je espirityèl li. Fè gran bonte Ou yo desann sou li tankou lapli, fè li soule avèk koup diven lanmou pou Ou, fè li youn nan zanj Ou yo k’ap mache sou tè sa a pandan nanm yo ap vole nan gran espas syèl la. Fè li tounen yon lanp briyan k’ap klere avèk limyè sajès Ou pami pèp Ou yo.

An verite, se Ou menm Ki Gen Anpil Valè pou nou, K’ap Toujou Bay, Sila a Ki Renmen Bay

#7726
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou Fanm

Glwa pou non Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen mande Ou pou temwaye je mwen k’ap espere gade mèvèy mizèrikòd Ou yo, ak zòrèy mwen ki anvi tande dous melodi Ou yo, ak kè mwen k’ap chèche jwenn dlo konesans Ou yo k’ap bay lavi. Ou wè sèvant Ou an, O Bondye mwen, k’ap kanpe devan abitasyon mizèrikòd Ou a, k’ap rele non Ou te chwazi mete pi wo pase tout lòt non yo epi domine sila yo ki nan syèl la e ki sou latè. Voye desann sou li souf mizèrikòd Ou yo, pou pèmèt li konplètman detache li ak pwòp tèt pa li, e avanse konplètman nan direksyon syèj k’ap klere depi yon gran distans avèk limyè pouvwa Ou ki soti nan glwa vizaj Ou a, yon syèj ki etabli kòm twòn Ou an. Ou gen pisans pou fè tout sa Ou deside. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Tout-Gloriye a, Sila a Ki Gen Plis Bonte a.

O Senyè mwen, mwen sipliye Ou pou pa mete deyò sila yo ki t’ap chèche Ou, e pa refize yo menm ki te dirije pa yo nan direksyon Ou, e, pou tout moun ki gen lanmou pou Ou nan kè yo, pa anpeche yo jwenn gras Ou. Se Ou menm, O Senyè mwen, Ki te rele tèt Li Bondye a Ki Gen Mizèrikòd, Sila a Ki Gen Plis Konpasyon. Poutèt sa, O Senyè, voye mizèrikòd Ou sou sèvant Ou an ki te chèche nich Ou a, e ki te vire figi li nan direksyon Ou.

An verite, se Ou menm Ki Toujou Padone, Ki Pi Mizèrikòdye a.

#7722
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, Bondye mwen! Ranpli pou mwen tas lespri ki detache ak tout bagay, e rejwi mwen nan asanble glwa ak bonte Ou avèk bwason diven lanmou Ou. Libere mwen anba atak pasyon ak dezi yo, kase pou mwen chenn lemonn materyèl sa a, atire mwen avèk gran kontantman pou wayòm Ou ki anwo a, epi rafrechi mwen, pami sèvant yo, avèk souf sentete Ou yo.

O Senyè, limen figi mwen avèk limyè benediksyon Ou yo, klere je mwen pandan m’ap gade siyn pisans Ou yo ki domine tout bagay, rejwi kè mwen avèk glwa konesans Ou ki antoure tout bagay, O Ou menm Ki Wa mond sa a ak Wayòm anwo a, O Ou menm Senyè pouvwa ak pisans, fè nanm mwen kontan avèk bòn nouvèl Ou sou gran lajwa k’ap rebay nanm yo lavi, pou pèmèt mwen gaye siyn ak prèv Ou yo toupatou, epi pwoklame Koz Ou, pataje Ansèyman Ou yo, rann sèvis ak Lwa Ou e egzalte Pawòl Ou.

An verite, se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Ki Toujou Bay, Ki Kapab, Ki Gen Otorite sou tout bagay.

#7723
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou Fanm Ansent

Senyè mwen! Senyè mwen! Mwen louwe Ou epi mwen remèsye Ou poutèt benediksyon Ou te voye pou sèvant Ou sa a ki gen yon kè ki dou, pou mwen menm ki tankou yon esklav dedye pou Ou k’ap priye Ou ak sipliye Ou, paske Ou te gide li, an verite, pou jwenn vrè Wayòm Ou an, epi Ou te fè li tande Apèl egzalte Ou nan mond materyèl la, Ou te fè li wè Siyn Ou yo ki gen tan parèt e ki pwouve souverènte viktorye Ou a ki domine tout bagay.

O Senyè mwen, mwen dedye pou Ou sa ki nan matris mwen an. Fè li vin yon timoun ki merite lwanj nan Wayòm Ou an ak yon moun ki gen anpil chans akoz favè Ou ak jenewozite Ou; fè li devlope epi grandi anba swen edikasyon Ou. An verite, se Ou menm Ki Plen Gras! An verite, se Ou menm Ki Senyè Gran Bonte a!

#7725
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou Fanm ki Mouri

O Bondye mwen, O Ou menm Ki padone peche yo e Ki elimine soufrans yo! O Ou menm Ki toujou padone e Ki plen mizèrikòd! Mwen leve men mwen k’ap sipliye Ou, e avèk dlo nan je mwen m’ap priye fò nan direksyon lakou Lespri diven Ou an pou mande Ou, poutèt mizèrikòd Ou ak padon Ou, pou efase peche sèvant Ou an ki te monte nan syèj verite a. O Senyè, fè nyaj bonte ak favè Ou yo kouvri li, plonje li nan oseyan padon ak gras Ou, e pèmèt li antre nan abitasyon sanntifye a, Paradi selès Ou a.

An verite, se Ou menm Ki Pisan, Ki Gen Konpasyon, Ki Renmen Bay, Ki Plen Mizèrikòd.

#7731
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè Ki Gen Kè Dou! Sèvant Ou sa a ki chè pou nou te vle avanse nan direksyon Ou, e li te sèvi avèk panse li ak jijman li pou chèche jwenn prezans Ou e antre nan wayòm Ou yo. Avèk dlo nan je li, li te vire rega li sou Wayòm Mistè a. Li te pase anpil nwit nan fon lapriyè avèk Ou, e li te viv anpil jou avèk panse li yo ki plen lanmou fikse sou Ou. Chak maten li t’ap sonje Ou, epi chak lanjelis li t’ap mete panse li yo sou Ou. Li te chante vèsè sakre yo tankou yon wosinyòl, e li te chèche reflete limyè Ou tankou yon glas.

O Ou menm Ki Padone peche yo! Ouvri chemen an pou pèmèt nanm ki reveye sa a ta kapab antre nan Wayòm Ou an, e fè zwazo sa a Ou te antrene avèk men Ou reyisi vole nan jaden woz ki p’ap janm fini an. Li gen gran anvi pou avanse pi pre Ou; pèmèt li rive jwenn prezans Ou. Li twouble e li ajite nan separasyon li ak Ou menm; ba li dwa antre nan Kay Selès Ou a.

O Senyè! Nou se pechè, men se Ou menm Ki Padone. Nou plonje nan oseyan defo nou yo, men se Ou menm Ki Eskize, Ki Janti. Efase peche nou yo e beni nou avèk gras Ou k’ap debòde a. Pèmèt nou jwenn bonte gade Figi Ou, epi ban nou bwè nan kalis jwa ak kontantman an. Nou prizonye nan pwòp erè nou yo, e se Ou menm Ki Wa favè yo ki plen bonte. N’ap nwaye nan lanmè dezobeyisans nou yo, e se Ou menm Ki Senyè mizèrikòd ki pa gen limit la. Se Ou menm Ki Bay, Ki Gloriye, K’ap Kontinye Egziste pou Tout Tan, Ki Plen Bonte; e se Ou menm Ki Gen Tout Gras, Ki Plen Mizèrikòd, Ki Gen Tout Pouvwa, Sila a K’ap Voye Favè yo e K’ap Padone peche yo. An verite, se Ou menm nou tout ap vire jwenn pou chèche padon Li poutèt mankman nou yo, Sila a Ki Senyè senyè yo.

#7732
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou Moun ki Mouri

Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Pa abese moun Ou te egzalte avèk pouvwa souverènte Ou k’ap kontinye pou tout tan, epi pa repouse lwen Ou li menm Ou te fè antre nan tabènak etènite Ou a. O Bondye mwen! Èske Ou pral mete deyò li menm Ou te pwoteje anba lonbraj Otorite Ou? O Dezi mwen! Èske Ou pral voye ale sila a Ou te bay refij? Èske Ou kapab imilye moun Ou te fè leve, oubyen èske Ou kapab bliye li menm Ou te pèmèt sonje Ou?

Glorifye, Ou konplètman glorifye! Se Ou menm Ki te Wa tout kreyasyon an, Gran Mèt li depi tout tan, e Ou pral kontinye Senyè tout bagay ki te kreye ak Chèf yo pandan tout etènite. Ou glorifye, O Bondye mwen! Si Ou sispann gen mizèrikòd pou sèvitè Ou yo, alò kiyès ki pral montre mizèrikòd pou yo; e si Ou refize soutni byeneme Ou yo, kiyès k’ap egziste pou soutni yo?

Glorifye, Ou pi glorifye pase tout bagay ki kapab mezire! Nou adore Ou nan verite Ou, e, vrèman, se Ou menm nou tout adore; Ou klè nan jistis Ou, e, an verite, nou tout bay temwayaj sou Ou. An verite, se Ou menm Ki byeneme nan gras Ou. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Sekou nan Danje a, Sila a Ki Egziste pou Kont Li.

#7727
- Bahá'u'lláh

 

Se Li menm Ki Bondye, Sila a Ki egzalte, Senyè a Ki gen yon jantiyès ki plen lanmou ak bonte!

Glwa pou ou, O Bondye mwen, Ou menm Senyè Siprèm nan. Mwen temwaye Ou gen tout otorite ak pisans, Ou gen souverènte ak jantiyès ki plen lanmou, Ou plen gras ak pouvwa, Lespri Ou rete pou kont Li e linite Ou pa kapab divize, Ou sanntifye e Ou pi wo pase tout mond kreyasyon an ak tout sa ki egziste anndan li.

O Bondye mwen! Ou wè jan mwen detache ak tout bagay esepte Ou menm, jan m’ap kenbe fèm ak Ou menm e m’ap vire nan direksyon oseyan bonte Ou, ak syèl favè Ou, ak Solèy gras Ou a.

Senyè! Mwen bay temwayaj Ou te mete Trezò Ou nan sèvitè Ou a, e se avèk menm Lespri sa a Ou te bay lemonn lavi.

Mwen mande Ou poutèt gran limyè ki soti nan Solèy Revelasyon Ou an, pou asepte avèk mizèrikòd Ou tout sa li te akonpli nan jou Ou yo. Asepte pou li vin abiye avèk glwa bon-plezi Ou a epi pou tèt li ta kouwone avèk siyn rekonesans Ou.

O Senyè mwen! Mwen menm ak tout bagay ki te kreye bay temwayaj sou pisans Ou, e mwen priye Ou pou pa refize bay akèy Ou pou nanm sa a ki te monte pou jwenn Ou, li menm k’ap chèche kote selès Ou a, Paradi egzalte Ou a ak azil ki nan vwazinaj Ou, O Ou menm Ki Senyè tout lèzòm.

Poutèt sa, O Bondye mwen, asepte pou sèvitè Ou a ta kapab rankontre avèk yo menm Ou te chwazi yo, ak sen Ou yo ak Mesaje Ou yo nan kote selès yo okenn plim pa kapab rakonte e pèsonn moun pa kapab esplike.

O Senyè mwen, li menm ki pòv la te vrèman prese pou jwenn Wayòm richès Ou a, e etranje sa a ap chèche antre lakay li nan lakou Ou, li menm ki te swaf la vle jwenn rivyè selès bonte Ou. O Senyè, pa anpeche li jwenn pòsyon pa li nan fèt gras Ou a ak nan favè bonte Ou yo. An verite, se Ou menm Ki Toupisan, Ki Plen Gras, Ki Gen Tout Bonte a.

O Bondye mwen, Trezò Ou a gen tan retounen al’ jwenn Ou. Gras Ou ak bonte Ou ki te antoure wayòm Ou yo sou tè a e nan syèl la mande pou Ou akeyi nouvo vini sa a avèk favè Ou yo ak benediksyon Ou yo, e pataje avèk li fwi pyebwa gras Ou a! Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle, pa genyen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Plen Gras, Ki Gen Plis Bonte a, Ki Gen Konpasyon, Ki Toujou Bay, Ki Padone, Ki Gen Anpil Valè, Ki Konnen Tout Bagay.

Mwen temwen, O Bondye mwen, Ou te bay lòd pou lèzòm bay onè pou moun k’ap vizite lakay yo, epi li menm ki te monte pou jwenn Ou an te vrèmen rive devan Ou epi li te antre nan Prezans Ou. Poutèt sa, trete li daprè gras ak bonte Ou! Avèk glwa Ou, mwen sèten Ou pa pral neglije fè sa Ou te mande sèvitè Ou yo fè, ni Ou p’ap manke bay favè Ou pou sila a ki te kenbe fèm nan kòd bonte Ou a e ki te monte nan Sous richès Ou a.

Pa genyen lòt Bondye pase Ou menm, Sila a Ki pa gen parèy, Ki pou kont Li, Ki Plen Pouvwa, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Plen Bonte.

#7728
- Bahá'u'lláh

 

O Ou menm, Senyè K’ap padone!

Malgre kèk nanm te pase tout jou lavi yo nan inyorans, e yo te vin separe e viv nan yon gran dezobeyisans, men, avèk yon sèl vag nan oseyan padon Ou, tout moun sa yo ki antoure ak peche pral libere. Nenpòt moun Ou chwazi, Ou fè li tounen yon moun ki jwenn konfyans Ou, e nenpòt moun Ou pa chwazi pral konte pami pechè yo. Si Ou ta trete nou tout avèk jistis Ou, nou tout t’ap merite bloke kòm pechè ki p’ap janm jwenn Ou, men si Ou ta aji ak mizèrikòd, sa t’ap pwòpte chak pechè fè li vin san tach e fè chak etranje tounen yon zanmi. Poutèt sa, voye padon Ou, efase peche nou yo, e bay mizèrikòd Ou pou tout moun.

Se Ou menm Ki Padone, Ki Bay Limyè, Ki Gen Tout Otorite.

#7729
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye mwen! O Ou menm Ki padone peche yo, Ki bay favè yo, Ki fè soufrans yo disparèt!

An verite, mwen sipliye Ou pou padone peche sila a yo ki kite kò materyèl yo, ki monte nan mond espirityèl la.

O Senyè mwen! Lave peche yo, elimine tristès yo, epi chanje fènwa yo nan limyè. Fè yo rantre nan jaden kontantman an, pwòpte yo avèk dlo ki pi klè a, e pèmèt yo gade gran limyè Ou yo pandan yo nan otè ki pi wo a.

#7730
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou moun ki mouri

O Bondye mwen! O Bondye mwen! An verite, sèvitè Ou, ki bese li devan majeste otorite siprèm Ou, ki mete li ba devan pòt linite Ou, te kwè nan Ou e nan vèsè Ou yo, li te bay temwayaj sou pawòl Ou, li te limen ak dife lanmou Ou, te plonje nan pwofondè oseyan konesans Ou, te atire ak briz Ou yo, te konte sou Ou, te vire figi li nan direksyon Ou, te ofri lapriyè li yo pou Ou, e li te gen konfyans nan padon ak gras Ou. Li te abandone lavi materyèl sa a e li te vole ale nan wayòm lavi etènèl la, avèk gran espwa l’ap jwenn favè rankontre Ou.

O Senyè, glorifye ran li, pwoteje li anba tant mizèrikòd siprèm Ou, fè li antre nan paradi gloriye Ou a, epi pwolonje egzistans li nan jaden woz Ou ki egzalte a, pou li kapab plonje nan lanmè limyè a ki nan lemonn mistè yo.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay, Ki Plen Pouvwa, Ki Padone, Ki Bay Favè yo.

#7781
- `Abdu'l-Bahá

 

Pwoteksyon

Lwanj pou Ou menm, O Senyè Bondye mwen! Sa a se sèvitè Ou ki te bwè nan men Ou yo ki plen gras bwason diven dous mizèrikòd Ou a, e ki te goute savè lanmou Ou nan jou Ou yo. Mwen sipliye Ou, poutèt sila yo ki montre kalite Ou yo nan lavi yo e ki pa kite okenn chagren anpeche yo rejwi nan lanmou Ou ni anpeche yo gade figi Ou - mwen sipliye Ou, poutèt yo menm ki pa vire kite chemen bon plezi Ou malgre tout pouvwa foul neglijan yo - mwen sipliye Ou pou vide sou sèvitè Ou a tout bon bagay Ou posede, e leve li nan otè yo ki si tèlman wo sa pral pèmèt li wè lemonn tankou yon lonbraj k’ap disparèt pi vit pase yon batman je.

O Bondye mwen! Pwoteje li osi, avèk pouvwa majeste Ou ki depase tout sa nou kapab mezire, kont tout sa Ou rayi. An verite, se Ou menm Ki Senyè li ak Senyè tout mond yo.

#7733
- Bahá'u'lláh

 

Se pou non Ou louwe, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou avèk Non Ou ki te fè Jou a sone, e ki te fè Rezireksyon an rive, epi perèz ak boulvès domine tout sila yo ki nan syèl la ak tout sa yo ki sou latè, mwen sipliye ou pou voye desann sou nou, soti nan syèl mizèrikòd Ou ak nyaj dous jantiyès Ou yo, sa ki pral rejwi kè sèvitè Ou yo, sila yo ki te vire nan direksyon Ou e ki te ede Koz Ou a.

Pwoteje sèvitè Ou yo ak sèvant Ou yo, O Senyè mwen, kont atak panse initil ak imajinasyon yo ki san valè, e ba yo bwè nan men Gras Ou yo, yon tas nan dlo konesans Ou yo k’ap koule dousman.

An verite, se Ou menm Ki Toupisan, Pi Egzalte a, Sila a K’ap Toujou Padone, Ki Renmen Bay pase tout moun.

#7734
- Bahá'u'lláh

 

O Dye, Bondye mwen! Mwen te kite lakay mwen, pandan mwen t’ap kenbe fèm fil lanmou Ou, epi mwen te mete tèt mwen konplètman anba swen Ou ak pwoteksyon Ou. Mwen sipliye Ou, avèk pouvwa a Ou te sèvi pou pwoteje byeneme Ou yo kont moun ki pèdi chemen an ak moun imoral yo, kont chak opresè rebèl, e kont chak mechan dezobeyisan ki rete byen lwen Ou, mwen sipliye Ou pou kenbe mwen an sekirite avèk bonte Ou ak gras Ou. Epi, pèmèt mwen retounen lakay mwen akoz pouvwa Ou ak pisans Ou. Vrèman, se Ou menm Ki Toupisan an, Sila a Ki Pote Sekou Nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.

#7735
- Bahá'u'lláh

 

Nan Non Bondye, Senyè a Ki gen yon majeste k’ap domine tout bagay, Sila a Ki Dirije Tout Bagay.

Sanntifye se Senyè a Ki kenbe nan men Li sous tout otorite. Li kreye tout sa Li vle avèk pouvwa kòmandman Pawòl Li; Li bay lòd pou li “Fèt,” epi vrèman li fèt. Se Li menm Ki te gen pouvwa otorite anvan an, epi pouvwa sa a pral rete pou Li pou tout tan. Li bay laviktwa ak nenpòt moun Li vle, avèk pisans lòd Li. Li se vrèman Sila a Ki Plen Pouvwa a, Toupisan an. Se Li Ki posede tout glwa ak majeste nan wayòm Revelasyon ak Kreyasyon yo ak nan tout sa ki egziste nan mitan yo de a. An verite, se Li menm Ki Pisan an, Tout Gloriye a. Depi tout etènite se Li Ki te Sous pouvwa viktorye a epi Li pral rete menm jan an pandan tout etènite. Li se vrèman Senyè pisans ak pouvwa a. Tout wayòm syèl la ak tè a ak kèlkeswa sa ki nan mitan yo de a se pou Bondye, epi pouvwa Li domine tout bagay. Tout trezò sou tè a ak nan syèl la ak nan kèlkeswa sa ki nan mitan yo de a se pou Li, epi pwoteksyon Li kouvri tout bagay. Li se Kreyatè syèl la ak tè a ak kèlkeswa sa ki egziste nan mitan yo, vrèman Li se temwen tout bagay. Li se Senyè Jijman an pou tout sa ki rete nan syèl la ak sou tè a ak tout sa ki rete nan mitan yo de a, vrèman Bondye rapid nan jijman Li. Li fikse mezi ki etabli a pou tout sa ki nan syèl la ak sou tè a ak tout sa ki nan mitan yo. An verite, se Li menm Ki Pwotektè Siprèm nan. Li kenbe nan men Li kle ki pou syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan mitan yo. Daprè pwòp plezi pa Li, Li voye favè Li yo, avèk pouvwa kòmand Li. Vrèman gras Li antoure tout bagay, epi se Li menm Ki Konnen Tout Bagay.

Se pou nou di: Bondye sifi pou mwen; se Li menm sèl Ki kenbe anba kontwòl Li wayòm tout bagay. Li pwoteje tout sèvitè Li yo Li vle avèk pouvwa lame Li yo ki nan syèl la e ki sou tè a e ki nan tout sa ki nan mitan yo de a. An verite, je Bondye fikse sou tout bagay.

Ou egzalte pi wo pase sa ki kapab mezire, O Senyè! Pwoteje nou kont sa ki rete devan nou, dèyè nou, sou tèt nou, nan men dwat nou, nan men goch nou, anba pye nou ak nan tout lòt direksyon kote ki gen danje. An verite, pwoteksyon Ou sou tout bagay pa kapab echwe.

#7736
- The Báb

 

Voye pou mwen, O Senyè mwen, ak pou moun ki kwè nan Ou, sa Ou estime k’ap pi bon pou nou, jan li prezante nan Manman Liv la, paske Ou kenbe anba kontwòl Ou pòsyon ki etabli pou tout bagay.

Ou voye desann bon kado Ou yo san rete sou tout moun ki vrèman apresye lanmou Ou, e Ou bay avèk jenewozite siyn mèveye bonte selès Ou yo sou tout moun ki kwè nan Linite diven Ou. Nou mete anba swen Ou tout sa Ou te chwazi pou lavni nou, epi nou priye Ou pou deside voye pou nou tout bon bagay konesans Ou posede.

Pwoteje mwen, O Senyè mwen, kont tout mechanste konesans Ou ki san limit kapab pèmèt Ou wè, paske pa gen okenn pouvwa ni fòs esepte sa Ou genyen, okenn viktwa p’ap posib sof sa ki soti nan prezans Ou, e se Ou menm sèl ki kòmande. Tout sa Bondye te deside te rive fèt, e sa Li pa deside p’ap fèt.

Pa gen okenn pouvwa ni fòs esepte nan Bondye, Pi Egzalte a, Pi Pisan an.

#7737
- The Báb

 

Glwa pou Ou, O Bondye! Se Ou menm Bondye Ki te egziste anvan tout bagay, Ki ap egziste aprè tout bagay e Ki pral kontinye pi lontan pase tout bagay. Se Ou menm Bondye Ki konnen tout bagay, Ki gen otorite sou tout bagay. Se Ou menm Bondye Ki trete tout bagay avèk mizèrikòd, Ki jije ant tout bagay e Ki gen yon konesans ki anbrase tout bagay. Se Ou menm Bondye Senyè mwen, se Ou menm Ki konprann pozisyon mwen, se Ou menm Ki temwaye egzistans espirityèl ak materyèl mwen an.

Voye padon Ou pou mwen e pou kwayan yo ki te reponn ak Apèl Ou. Bondye, se pou rete sipò a k’ap sifi pou mwen kont mechanste nenpòt moun ki ta vle voye tristès sou mwen oubyen ki espere malè rive sou mwen. An verite, se Ou menm Ki Senyè pou tout bagay ki te kreye. Se Ou menm Ki sifi pou tout moun, men pèsonn moun pa sifi pou kont li san Ou menm.

#7738
- The Báb

 

O Bondye, Bondye mwen! Defann sèvitè fidèl Ou yo kont mechanste egoyis ak pasyon, pwoteje yo avèk je bonte Ou ki plen lanmou e k’ap veye sou tout bagay pou yo pa gen gwo kè, oubyen tonbe nan rayisman ak jalouzi, ba yo azil nan fòterès swen Ou pèsonn moun pa kapab vyole a, fè yo montre siyn gloriye Ou yo byen lwen flèch dout yo, limen figi yo avèk reyon briyan yo ki soti nan Solèy linite diven Ou an, rejwi kè yo avèk vèsè Ou te revele yo depi nan Wayòm sakre Ou a, ranfòse rèn yo avèk pouvwa Ou ki soti nan syèl glwa Ou a ki domine tout bagay. Se Ou menm Ki Gen Tout Bonte a, Pwotektè a, Toupisan an, Sila a Ki Plen Gras.

#7739
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè mwen! Ou konnen pèp yo ansèkle ak doulè ak kalamite epi soufrans ak difikilte ap antoure yo. Chak eprèv ap atake lòm epi chak malè difisil ap frape li tankou atak yon sèpan. Pa gen okenn abri oubyen refij pou li esepte anba zèl pwoteksyon Ou, defans Ou, siveyans Ou ak swen Ou.

O Ou menm Sila a Ki Mizèrikòdye a! O Senyè mwen! Fè pwoteksyon Ou tounen defans mwen, fè swen Ou sèvi boukliye mwen, fè soumisyon mwen devan pòt linite Ou a sèvi gadyen mwen, e siveyans ak sekirite Ou yon fòterès pou mwen ak domisil mwen. Pwoteje mwen kont tout tantasyon egoyis ak dezi mwen, epi defann mwen kont chak maladi, eprèv, difikilte ak soufrans.

An verite, se Ou menm Ki Pwotektè a, Gadyen an, Siveyan an, Sila a Ki Sifi pou tout moun, e an verite, se Ou menm Ki Mizèrikòdye a pou Li menm Ki Pi Mizèrikòdye a.

#7740
- `Abdu'l-Bahá

 

Pwoteksyon nan Evènman Natirèl yo

Nan moman evènman natirèl yo k’ap fè nou pè, sonje pisans ak grandè Senyè nou an, Sila a Ki tande e Ki wè tout bagay, epi di:

Otorite se pou Bondye, Senyè a pou tout sa nou kapab wè ak tout sa nou pa kapab wè, Senyè pou tout kreyasyon an.

#7741
- Bahá'u'lláh

 

Rankont yo

O Ou menm Bondye Ki plen mizèrikòd la! O Ou menm Ki rete pisan e plen pouvwa! O Ou menm Papa Ki pi janti a! Sèvitè sa yo reyini ansanm, yo vire nan direksyon Ou, y’ap sipliye nan papòt Ou a, yo anvi jwenn favè san limit Ou yo ki soti nan gran garanti Ou. Yo pa gen okenn objektif sof bon plezi Ou. Yo pa gen okenn dezi esepte sèvi limanite.

O Bondye! Fè reyinyon sa a klere. Fè kè yo plen mizèrikòd. Voye sou yo bonte ki soti nan Lespri Sen an. Fè yo jwenn yon pouvwa ki soti nan syèl la. Beni yo avèk entlijans selès yo. Ogmante senserite yo, pou pèmèt yo vire nan direksyon wayòm Ou an epi okipe yo nan sèvi lemonn imen an avèk tout sajès ak repanti. Fè chak nan yo tounen yon chandèl k’ap klere. Fè chak nan yo vin yon zetwal briyan. Fè chak nan yo parèt nan wayòm Bondye a avèk bèl koulè e byen pafime.

O Ou menm Papa Ki byen janti! Voye benediksyon Ou yo. Pa gade defo nou yo. Ban nou abri anba pwoteksyon Ou. Pa sonje peche nou yo. Geri nou avèk mizèrikòd Ou. Nou fèb; Ou pisan. Nou pòv; Ou rich. Nou malad; se Ou menm Ki Doktè a. Nou nan nesesite; se Ou menm vrèman Ki plis renmen bay.

O Bondye! Voye pou nou swen diven Ou an. Se Ou menm Ki Plen Pouvwa. Se Ou menm Ki Renmen Bay. Se Ou menm Ki Byenfezan an.

#7742
- `Abdu'l-Bahá

 

O Pwovidans Diven an! Rankont sa a regwoupe zanmi Ou ki atire ak bèlte Ou e k’ap boule ak dife lanmou Ou. Fè nanm sa yo tounen zanj syèl la, resisite yo avèk souf Lespri Sen Ou an, ba yo don lapawòl ak kè ki fèm, voye sou yo yon pouvwa selès ak lespri mizèrikòdye, fè yo vin zouti pou linite limanite, koz lanmou ak antant nan mond imen an, pou pèmèt fènwa danjere ki nan prejije inyoran yo kapab disparèt akoz limyè Solèy Verite a, pou pèmèt mond tris sa a kapab klere, pou wayòm materyèl sa a kapab bwè reyon ki soti nan wayòm lespri a, pou divès koulè sa yo kapab reyini nan yon sèl koulè, epi pou melodi lwanj la kapab monte jis nan wayòm sentete Ou a.

An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Otorite, Ki Toupisan an!

#7743
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè Ki gen kè sansib! Sèvitè Ou sa yo te reyini nan rankont sa a, yo te vire nan direksyon wayòm Ou an e yo bezwen sipò Ou ak benediksyon Ou. O Ou menm Bondye! Devwale epi fè siyn linite Ou yo vin klè - siyn Ou te mete nan tout reyalite lavi a. Revele epi devlope tout kalite Ou te etabli yo e kache nan reyalite imen sa yo.

O Bondye! Nou tankou plant yo, e bonte Ou tankou lapli; rafrechi plant sa yo e fè yo grandi avèk favè Ou yo. Nou se sèvitè Ou; libere nou anba chenn egzistans materyèl la. Nou manke konprann; ban nou sajès. Nou tankou mò yo; soufle souf lavi a nan nou menm. Nou se kreyati materyèl; ranpli nou ak lespri a. Nou malere; devwale sekrè Ou pou nou. Nou nan nesesite; anrichi nou e beni nou ak trezò Ou ki pa gen limit la. O Bondye! Resisite nou; fè nou wè; fè nou tande; fè nou aprann mistè lavi a, pou pèmèt sekrè wayòm Ou an vin revele pou nou nan mond materyèl sa a, pou nou kapab rekonèt Ou se youn sèl. Tout bonte soti nan Ou menm; chak benediksyon se pou Ou.

Ou pisan. Ou plen pouvwa. Se Ou menm Ki Bay, e se Ou menm Ki Toujou Plen Bonte.

#7744
- `Abdu'l-Bahá

 

Rankont yo

O Bondye mwen! O Bondye mwen! An verite, sèvitè sa yo ap vire nan direksyon Ou, y’ap sipliye wayòm mizèrikòd Ou. An verite, sentete Ou atire lespri yo e yo limen ak dife lanmou Ou, y’ap chèche fèmte depi nan wayòm mèveye Ou a, e y’ap espere jwenn mond selès Ou a. An verite, yo anvi wè benediksyon Ou yo desann, yo vle limen ak Solèy Reyalite a. O Senyè! Fè yo vin lanp ki klere, siyn mizèrikòd yo, pyebwa ki bay anpil fwi ak zetwal k’ap klere. Pèmèt yo soti nan sèvis Ou e vin konekte avèk Ou ak lyen e kòd lanmou Ou, toujou plen anvi pou jwenn limyè favè Ou yo. O Senyè! Fè yo vin siyn direksyon Ou yo, drapo pou wayòm etènèl Ou, vag nan lanmè mizèrikòd Ou, glas k’ap reflete limyè majeste Ou.

An verite, se Ou menm Ki Renmen Bay. An verite, se Ou menm Ki Mizèrikòdye. An verite, se Ou menm Ki Gen Anpil Valè, Byeneme a.

#7780
- `Abdu'l-Bahá

 

Sèvis

O Bondye mwen! Nan Non Ou ki genyen tout glwa, mwen mande Ou pou ede mwen fè zafè sèvitè Ou yo mache ak vil Ou yo devlope. An verite, Ou gen pouvwa sou tout bagay!

#7745
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, Bondye tout Non yo, ak Kreyatè syèl yo! Mwen sipliye Ou avèk Non Ou te sèvi pou fè Sous pisans Ou ak Douvanjou pouvwa Ou parèt, Non Ou te sèvi pou fè tout bagay solid tounen likid e koule, pou fè chak kadav jwenn lavi, e pou fè chak lespri ki an mouvman jwenn fidelite - mwen sipliye Ou pou pèmèt mwen elimine nan mwen menm tout atachman ak tout moun, pou mwen atache sèlman ak Ou menm, e pou mwen sèvi Koz Ou a, epi vle sa Ou te vle avèk pouvwa otorite Ou, e pou mwen akonpli sa ki mache avèk bon plezi volonte Ou.

Anplis, mwen priye Ou fò, O Bondye mwen, pou chwazi pou mwen sa ki pral fè mwen ase rich pou mwen endepandan ak tout moun e pou mwen depann sèlman sou Ou menm. Ou wè mwen, O Bondye mwen, avèk figi mwen fikse nan direksyon Ou, avèk men mwen yo k’ap kenbe fèm ak kòd gras Ou a. Voye desann mizèrikòd Ou sou mwen, epi ekri pou desten mwen sa Ou te ekri kòm desten pou yo menm Ou te chwazi yo. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Gen Tout Bonte a.

#7746
- Bahá'u'lláh

 

O Senyè, Bondye mwen ak Fòterès mwen nan soufrans mwen! Defans mwen ak Abri mwen nan difikilte mwen yo! Azil mwen ak Refij mwen lè mwen nan nesesite e Konpayon mwen lè mwen chagren! Soulajman mwen lè mwen nan gran doulè, e Zanmi mwen Ki plen lanmou lè mwen pou kont mwen! Sila a K’ap elimine doulè tristès mwen e Li menm K’ap padone peche mwen yo!

Mwen vire mwen konplètman nan direksyon Ou, e m’ap priye Ou fò ak tout kè mwen, lespri mwen, ak lang mwen, pou mande Ou pwoteje mwen kont tout sa ki opoze ak volonte Ou nan epòk sa a, epòk linite diven Ou an, e m’ap sipliye Ou pou pwòpte mwen elimine tout salte nan mwen ki t’ap anpeche mwen chèche lonbraj nan pyebwa gras Ou a, san tach e konplètman pwòp.

O Senyè, gen mizèrikòd pou moun fèb yo, retabli malad yo, epi satisfè gwo swaf yo.

Rejwi chak kè kote chalè lanmou Ou ap chèche pran dife, epi limen li avèk flanm lanmou Ou ak lespri selès Ou a.

Abiye tabènak linite diven Ou yo avèk kostim sentete Ou a, e poze sou tèt mwen kouwòn favè Ou a.

Limen figi mwen avèk limyè a ki klere soti nan kò selès bonte Ou, epi ranfòse mwen avèk gras Ou pou pèmèt mwen bay sèvis nan papòt sakre Ou a.

Fè kè mwen vin debòde avèk lanmou pou kreyati Ou yo epi asepte pou mwen tounen yon siyn mizèrikòd Ou, yon prèv gras Ou, yon travayè pou antant pami byeneme Ou yo, pou mwen kapab dedye mwen konplètman nan Ou menm, chante lwanj pou Ou e bliye tèt mwen pandan m’ap toujou sonje sa ki pou Ou menm.

O Bondye, Bondye mwen! Pa sispann voye sou mwen dous briz padon ak gras Ou yo, e pa anpeche mwen jwenn sous èd ak favè Ou yo.

Kite mwen repoze nan lonbraj ki anba pwoteksyon zèl Ou yo, e voye sou mwen rega je Ou k’ap bay tout sekirite.

Libere lang mwen pou li kapab louwe non Ou pami pèp Ou yo, pou pèmèt vwa mwen leve nan gran asanble yo e kite yon inondasyon lwanj pou Ou koule soti nan bouch mwen.

An verite, se Ou menm Ki Plen Gras, Glorifye a, Pisan an, Sila a Ki Gen Tout Otorite.

#7747
- `Abdu'l-Bahá

 

Sèvis - Priyè pou Fanm

O Senyè mwen, Byeneme mwen an, Dezi mwen! Rete yon zanmi pou mwen lè mwen santi mwen pou kont mwen, epi akonpanye mwen nan egzil mwen. Elimine tristès mwen. Fè mwen dedye tèt mwen ak bèlte Ou. Retire mwen nan tout bagay ki pa Ou menm. Atire mwen avèk pafen sentete Ou yo. Fè mwen asosye mwen nan Wayòm Ou an avèk sila yo ki te detache yo ak tout bagay esepte Ou menm, yo menm ki anvi sèvi papòt sakre Ou a e ki kanpe pou travay nan Koz Ou a. Pèmèt mwen vin youn nan sèvant Ou yo ki te rive jwenn bon plezi Ou. An verite, se Ou menm Ki Plen Gras, Ki Renmen Bay.

#7724
- `Abdu'l-Bahá

 

Sipò

Glwa pou Ou, O Bondye, poutèt Siyn Lanmou Ou bay limanite! O Ou menm, Ki se Lavi nou ak Limyè nou, gide sèvitè Ou yo pou yo kapab jwenn Chemen Ou, rann yo rich nan Ou menm epi libere yo ak tout bagay esepte Ou menm.

O Bondye, fè yo konnen Ou se yon Sèl, e fè yo rekonèt Linite Ou; pou pèmèt yo pa wè pèsonn lòt pase Ou menm. Se Ou menm Ki Plen Mizèrikòd, Sila a Ki Bay ak Bonte!

O Bondye, limen nan kè byeneme Ou yo dife Lanmou Ou, pou li ta kapab boule panse sou tout lòt bagay sof Ou menm.

Revele pou yo, O Bondye, Etènite Ou Ki Pi Wo a; sa vle di, Ou te toujou egziste epi Ou pral toujou egziste, e pa gen lòt Bondye esepte Ou menm. An verite, se nan Ou menm yo pral jwenn konsolasyon ak fòs!

#7748
- Bahá'u'lláh

 

Se Ou menm Ki Gloriye, O Senyè Bondye mwen! Chak fwa mwen eseye site Non Ou, mwen gen yon anpechman poutèt gwo peche mwen yo ak dezobeyisans grav mwen fè kont volonte Ou, e mwen remake mwen anpeche tèt mwen jwenn gras Ou, e sa fè mwen vrèman manke fòs pou selebre lwanj Ou. Kanmenm, akoz mwen gen anpil konfyans nan bonte Ou, sa renouvle espwa mwen nan Ou, ak fèm konesans mwen genyen Ou pral trete mwen avèk bonte Ou, ki ban mwen kouraj pou chante lwanj Ou, epi mande Ou voye pou mwen bagay Ou posede yo.

Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, poutèt mizèrikòd Ou ki depase tout bagay ki te kreye - yon mizèrikòd ki jwenn temwayaj tout moun ki plonje nan oseyan non Ou yo - mwen sipliye Ou pou pa abandone mwen pou kont mwen, paske kè mwen kapab tonbe nan mechanste. Pwoteje mwen, poutèt sa, nan fòterès pwoteksyon Ou e nan abri swen Ou. Se mwen menm, O Bondye mwen, ki gen dezi pou wè sèlman sa Ou te deside avèk pouvwa pisans Ou. Sèl bagay mwen te chwazi pou pwòp tèt mwen se pou jwenn sipò ki soti nan chwa Ou fè yo avèk gras Ou e avèk desizyon volonte Ou, e pou mwen jwenn èd nan siyn yo ki soti nan lòd Ou ak jijman Ou.

O Ou menm Byeneme tout kè k’ap soufri nan absans Ou, mwen priye Ou fò poutèt Manifestasyon Koz Ou yo ak Sous limyè Ou yo, poutèt Egzanp grandè Ou yo, ak Trezò konesans Ou yo, pou pa kite mwen rete lwen Abitasyon sakre Ou, Tanp Ou ak Tabènak Ou. Ede mwen, O Senyè mwen, pou mwen rive jwenn lakou sanntifye Li a, e pou mwen fè pati antouraj Li, e pou mwen kanpe tèt bese devan pòt Li a.

Se Ou menm Sila a Ki gen pouvwa depi tout etènite jiska tan nan lavni a ki pa gen fen. Pa gen anyen ki chape anba konesans Ou. An verite, se Ou menm Bondye pouvwa a, Bondye glwa ak sajès la.

Lwanj pou Bondye, Senyè tout mond yo!

#7749
- Bahá'u'lláh

 

Bondye mwen, Sila a mwen Adore a, Wa mwen, Dezi mwen! Ki lang ki kapab esplike rekonesans mwen genyen pou Ou? Mwen te neglijan, Ou te reveye mwen. Mwen te vire do ba Ou, Ou te ede mwen avèk gras Ou pou tounen nan direksyon Ou. Mwen te tankou yon mò, Ou te ban mwen lavi avèk dlo lavi a. Mwen te deseche, Ou te resisite mwen avèk sous selès diskou Ou ki te koule soti nan Plim Tout Mizèrikòdye a.

O Pwovidans Diven an! Tout egzistans lan fèt akoz favè Ou; pa retire sou li dlo bonte Ou yo, ni pa anpeche li jwenn oseyan mizèrikòd Ou a. Mwen sipliye Ou pou ede mwen ak kore mwen nan tout moman e nan tout sikonstans, epi mwen chèche nan syèl gras Ou a ansyen favè Ou yo. An verite, Ou se Senyè bonte a, ak Souveren an pou wayòm etènite a.

#7750
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye, se figi Ou ki objektif lwanj mwen, se bèlte Ou ki azil mwen, se abitasyon Ou ki bi mwen, se rive adore Ou ki espwa mwen, se pwoteksyon Ou ki konpayon mwen, se lanmou Ou ki sous egzistans mwen, se site Non Ou ki soulajman mwen, se rete pre Ou ki dezi mwen, se prezans Ou ki pi gran anvi mwen genyen ak pi gwo anbisyon mwen; mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn sa sila yo Ou te chwazi pami sèvitè Ou yo te jwenn daprè kòmand Ou. Poutèt sa, voye pou mwen sa ki bon nan mond sa a ak nan lòt mond la tou.

An verite, se Ou menm Ki Wa tout lèzòm. Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

#7751
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Non Ou, O Senyè Bondye nou! Se sèl Ou menm vrèman Ki konnen bagay ki kache yo. Chwazi pou nou sa ki bon daprè sa sèl Ou menm kapab estime poutèt konesans Ou ki antoure tout bagay. Se Ou menm Senyè souveren an, Toupisan an, Pi Byeneme a.

Tout lwanj pou Ou, O Senyè! Nou pral chèche gras Ou nan Jou Jijman an e nou pral mete tout konfyans nou nan Ou menm, Sila a Ki Senyè nou. Glwa pou Ou, O Bondye! Voye pou nou sa ki bon e sa ki kòrèk pou pèmèt nou detache nou ak tout bagay esepte Ou menm. An verite, se Ou menm Ki Senyè a pou tout mond yo.

O Bondye! Bay sila yo ki reziste avèk pasyans nan Jou Ou yo yon bon rekonpans, ranfòse kè yo pou yo kapab mache dwat san dètou nan chemen Laverite a. O Senyè! Voye yo tout favè sa yo ki pral pèmèt yo jwenn posibilite antre nan Paradi Ou k’ap debòde avèk lajwa a. Se Ou menm Ki Egzalte, O Senyè Bondye. Fè benediksyon selès Ou yo desann sou tout kay kote abitan yo te kwè nan Ou. An verite, Ou pa gen youn ki parèy Ou nan voye benediksyon diven yo desann. O Bondye, mete nan chan travay la lame zanj Ou yo ki pral rann sèvitè fidèl Ou yo viktoriye. Avèk pouvwa kòmandman Ou, Ou fòme tout bagay ki kreye daprè volonte Ou. Se Ou menm vrèman Ki Souveren an, Sila a Ki te kreye tout bagay, Sila a Ki Gen Tout Sajès la.

Se pou nou di: An verite se Bondye Ki Atizan tout bagay. Li bay sekou an kantite pou tout moun Li vle. Li se Kreyatè a, Sous tout kreyati yo, Sila a Ki te fè tout bagay parèt, Toupisan an, Atizan an, Sila a Ki Gen Tout Sajès la. Se Li Ki Posede tout tit ki pi bon yo nan tout syèl la ak sou tè a e nan tout sa ki rete nan mitan yo de a. Nou tout fè volonte Li, epi tout abitan sou latè e nan syèl la chante lwanj Li, e nan Li menm nou tout pral retounen.

#7752
- The Báb

 

sipò

O Bondye, Bondye mwen, Byeneme mwen, Dezi kè mwen.

#7779
- The Báb

 

Gran Mèt! Nou merite pitye, ban nou favè Ou; nou pòv, ban nou yon pòsyon nan oseyan richès Ou a; nou nan nesesite, satisfè bezwen nou yo; nou imilye, ban nou nan glwa Ou. Zwazo ki nan syèl la ak bèt ki nan patiraj yo jwenn manje chak jou nan men Ou, e tout kreyati yo jwi swenyaj ak bonte lanmou Ou.

Pa anpeche moun fèb sa a jwenn gras mèveye Ou a e, avèk pisans Ou, voye bonte Ou pou nanm sa a ki san pouvwa.

Ban nou pen chak jou a, ban nou pi plis pase sa nou bezwen nan lavi a, pou nou kapab pa konte sou yon lòt esepte Ou menm, pou nou kabap rantre nan kominikasyon avèk Ou, mache nan chemen Ou ak devwale mistè Ou yo. Se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Plen Lanmou, Sila a K’ap bay limanite tout sa li bezwen.

#7753
- `Abdu'l-Bahá

 

Timoun

O Bondye! Edike timoun sa yo. Timoun sa yo se plant nan jaden fwi Ou, flè nan plèn Ou, woz ki nan lakou Ou. Fè lapli Ou tonbe sou yo; pèmèt Solèy Reyalite a klere yo avèk lanmou Ou. Pèmèt ti briz Ou rafrechi yo pou yo kapab fòme, grandi ak devlope, e parèt nan pi gran bèlte a. Se Ou menm Ki Bay. Se Ou menm Ki Gen Konpasyon.

#7754
- `Abdu'l-Bahá

 

Se Li menm Ki Bondye! O Bondye, Bondye mwen! Voye sou mwen yon kè ki san tach, tankou yon bijou ki gen anpil valè.

#7755
- `Abdu'l-Bahá

 

O Ou menm Senyè Ki janti! Bèl timoun sa yo se rezilta travay dwèt pisans Ou yo, e yo se siyn mèveye ki montre grandè Ou. O Bondye! Pwoteje timoun sa yo, ede yo avèk gras Ou pou yo jwenn edikasyon e fè yo kapab rann sèvis pou mond imen an. O Bondye! Timoun sa yo se bijou lanmè, fè yo jwenn swen anndan koki dous jantiyès Ou a.

Se Ou menm Ki Plen Bonte, Ki Gen Lanmou pou Tout Bagay.

#7756
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye, gide mwen, pwoteje mwen, limen lanp kè mwen e fè mwen tounen yon zetwal briyan. Se Ou Ki Fò, se Ou Ki Pisan.

#7757
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè! Fè timoun sa yo vin tankou bèl flè yo. Pèmèt yo pouse ak devlope nan Jaden Alyans Ou an, epi fè yo fre e bèl avèk gwo lapli ki soti nan nyaj Wayòm Abhá a.

O Ou menm Senyè Ki janti! Mwen se yon timoun piti, leve mwen fè mwen antre nan wayòm nan. Mwen se yon kreyati tèrès, fè mwen tounen yon kreyati selès; mwen fè pati lemonn anba a, pèmèt mwen fè pati wayòm anwo a; mwen chagren, pèmèt mwen vin kontan; mwen materyèl, fè mwen vin espirityèl, epi pèmèt mwen reyisi montre bonte Ou yo ki pa gen limit.

Se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Ki Toujou Bay Lanmou.

#7758
- `Abdu'l-Bahá

 

O Bondye mwen! O Bondye mwen! Ou wè timoun sa yo ki se tij nan pyebwa lavi a, zwazo nan forè delivrans lan, koki nan lanmè gras Ou, ak woz nan jaden flè konsèy Ou.

O Bondye, Senyè nou an! Nou chante lwanj Ou, nou bay temwayaj sou sentete Ou epi nou sipliye Ou nan paradi mizèrikòd Ou pou fè nou tounen limyè k’ap gide, ak zetwal k’ap klere limanite pi wo syèl glwa etènèl yo, e pou Ou anseye nou yon konesans ki soti nan Ou menm. Yá Bahá’u’l-Abhá!

#7759
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè mwen! O Senyè mwen!

Mwen se yon timoun ki pa gen anpil laj. Nouri mwen nan tete mizèrikòd Ou, fòme mwen nan kè lanmou Ou, edike mwen nan lekòl volonte Ou, e fè mwen devlope anba lonbraj bonte Ou. Delivre mwen nan fènwa, fè mwen tounen yon limyè briyan; libere mwen anba tristès, fè mwen vin yon flè nan jaden woz la; pèmèt mwen vin yon sèvitè nan papòt Ou a e fè mwen devlope atitid ak karaktè tankou moun ki mache nan ladwati; fè mwen vin yon koz bonte pou mond imen an, epi kouwone tèt mwen avèk kouwòn lavi etènèl la.

An verite, se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Ki Pisan an, Sila a Ki Wè, Ki Tande.

#7760
- `Abdu'l-Bahá

 

O Senyè! Mwen se yon timoun; pèmèt mwen grandi anba lonbraj jantiyès Ou an ki plen lanmou. Mwen se yon nouvo plant; fè mwen nouri nan lapli k’ap soti nan nyaj bonte Ou yo. Mwen se yon jèn pyebwa nan jaden lanmou; fè mwen vin yon pyebwa ki chaje ak fwi.

Se Ou menm Ki Pisan e Ki Plen Pouvwa, se Ou menm Ki gen lanmou pou tout bagay, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Wè Tout Bagay.

#7761
- `Abdu'l-Bahá

 

Timoun - Fi

O Ou menm Senyè Ki pi gloriye a! Fè jèn sèvant Ou sa a beni e kontan; fè moun apresye li nan papòt linite Ou, e fè li bwè jiskaske li satisfè nan tas lanmou Ou pou pèmèt li ranpli ak lajwa e gran kontantman, pou li kapab gaye yon dous pafen. Se Ou menm Ki Pisan e Plen Pouvwa, se Ou menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Wè Tout Bagay.

#7762
- `Abdu'l-Bahá

 

Viktwa Fwa a

Glwa pou Ou, O Senyè, Ou menm Ki te fè tout bagay ki te kreye parèt avèk pouvwa volonte Ou.

O Senyè! Asiste sila yo ki te renonse ak tout bagay esepte Ou menm, e ba yo yon gran viktwa . Voye desann sou yo, O Senyè, asanble zanj ki nan syèl la e ki sou tè a, e ki nan tout sa ki nan mitan yo, pou ede sèvitè Ou yo, pou soutni yo ak ranfòse yo, pou pèmèt yo jwenn siksè, pou ba yo sipò, pou plen yo ak glwa, pou ba yo onè ak lajwa, pou anrichi yo e pou fè yo viktorye ak yon viktwa mèveye.

Se Ou menm Ki Senyè yo, Senyè pou syèl la ak tè a, Senyè pou tout mond yo. Ranfòse Fwa sa a, O Senyè, avèk pouvwa sèvitè sa yo, e fè yo jwenn viktwa sou tout pèp ki sou latè; paske, an verite, yo se sèvitè Ou ki te detache yo ak tout bagay esepte Ou menm, e, an verite, se Ou menm Ki pwotektè a pou vrè kwayan yo.

O Senyè, pèmèt kè yo vin fò, poutèt atachman yo genyen ak Fwa Ou ki pa kapab domaje - fè kè yo vin pi fò pase tout lòt bagay ki nan syèl la e sou tè a e ki nan tout sa ki nan mitan syèl la ak tè a; ranfòse men yo, O Senyè, avèk siyn pouvwa mèveye Ou yo pou yo kapab montre pouvwa Ou devan rega tout limanite.

#7766
- The Báb

 

O Senyè! Pèmèt tout pèp ki sou latè antre nan Paradi Relijyon Ou, jiskaske pa gen yon sèl kreyati ki rete deyò limit Ou fikse pou li ta teyisi jwenn bon plezi Ou.

Depi nan tan lontan, Ou te toujou pisan pou fè sa ki fè Ou plezi e Ou rete pi wo pase tout sa Ou vle.

#7767
- The Báb

 

Occasional

Priyè Obligatwa Pou Moun Ki Mouri

Priyè pou moun ki mouri a se sèl pami priyè obligatwa Bahá’í yo nou sipoze resite nan gwoup; yon kwayan ap resite li pandan tout lòt moun ki prezan yo kanpe an silans. Bahá’u’lláh te di priyè sa a obligatwa sèlman lè Bahá’í ki mouri an gen omwen kenz an; nou dwe resite li jis anvan nou antere moun nan, e, pandan n’ap resite li, pa gen obligasyon pou nou vire nan direksyon Qiblih a (Tonbo Bahá’u’lláh). Di ‘Alláh’u’Abhá’ yon fwa; epi premye nan sis vèsè yo ap resite diznèf fwa. Answit di ‘Alláh’u’Abhá’ yon fwa ankò, epi di dèzyèm vèsè a ki repete diznèf fwa, epi kontinye konsa.

Si moun ki mouri a se yon fanm, se pou moun k’ap resite priyè a di: ‘Sa a se sèvant Ou ak pitit sèvant Ou, …’

O Bondye mwen! Sa a se sèvitè Ou ak pitit sèvitè Ou* ki te kwè nan Ou ak nan siyn Ou yo, li te fikse je li nan direksyon Ou, detache nèt ak tout bagay esepte Ou menm. An verite, pami sila a yo ki montre mizèrikòd, se Ou menm Ki pi mizèrikòdye.

O Ou menm Ki padone peche lèzòm e Ki kache defo yo, trete li jan syèl bonte Ou ak oseyan gras Ou merite. Fè li antre nan lakou mizèrikòd Ou ki pi wo a ki te la deja menm anvan fondasyon mond la ak syèl la te kreye. Pa genyen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a K’ap Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

Epi, se pou li repete salitasyon “Alláh-u-Abhá,” sis fwa e answit repete diznèf fwa chak nan vèsè sa yo:

An verite, nou tout adore Bondye.

An verite, nou tout bese nou devan Bondye.

An verite, nou tout dedye nou pou Bondye.

An verite, nou tout louwe Bondye.

An verite, nou tout rekonesan devan Bondye.

An verite, nou tout pasyan nan Bondye.

#7614
- Bahá'u'lláh

 

Priyè pou Ayyám-i-Há

Priyè pou Ayyám-i-Há

Li ta kòrèk pou pèp Bahá a, pandan tout jou [Ayyám-i-Há] sa yo, fè kè yo ak kè fanmi yo kontan, anplis mete lajwa nan kè malerè yo ak moun ki nan nesesite yo, epi, avèk jwa ak anpil kontantman, louwe ak glorifye Senyè yo, chante lwanj pou Li epi bay onè pou Non Li; e lè jou pataj sa yo gen tan fini - jou ki vin anvan jou pou disipline tèt nou yo, se pou yo antre nan Jèn nan. Sa a se lòd Senyè Ki pou tout limanite te bay.

… lè lòm fè priyè obligatwa a ak jèn nan, yo ede li konprann e yo reveye li, epi yo ede li jwenn sekirite e yo pwoteje li kont eprèv yo.

Bondye mwen, Dife mwen ak Limyè mwen! O Ou menm Ki Wa tout Non yo, jou Ou yo Ou te rele Ayyám-i-Há gen tan kòmanse, e Plim Ou Ki Pi Egzalte a te bay tout sa yo ki viv nan wayòm kreyasyon Ou an lòd pou yo swiv jou Jèn yo k’ap rive a. Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, poutèt jou sa yo e poutèt tout moun ki te kenbe kòd kòmandman Ou yo pandan epòk sa a, e ki te rale manch lwa Ou yo, mwen sipliye Ou pou Ou ta pèmèt chak nanm jwenn yon kote anndan lakou Ou, ak yon plas pou li ta chita devan revelasyon limyè ki soti nan figi briyan Ou an.

O Senyè mwen! Sila a yo se sèvitè Ou ki pa t’ kite okenn move dezi separe yo ak sa Ou te voye desann pou yo nan Liv Ou a. Yo te bese tèt yo devan Koz Ou a, e yo te resevwa Liv Ou a avèk yon fèm desizyon ki soti nan Ou menm. Yo te fè sa Ou te mande yo fè, e yo deside swiv lwa Ou te voye desann yo.

Ou wè, O Senyè mwen, jan yo te rekonèt epi asepte tout sa Ou te revele nan Ekri Ou yo. Kite yo bwè nan men gras Ou, O Senyè mwen, dlo etènite Ou a. Epi, ekri pou yo rekonpans Ou te chwazi pou moun ki te plonje nan lanmè prezans Ou an - moun ki te rive jwenn vrè bwason diven Ou te chwazi a ki soti nan rankont avèk Ou menm.

Mwen priye Ou fò, O Ou menm Ki Wa pou tout wa yo, Sila a Ki Gen Pitye pou tout moun ki sibi enjistis yo, pou sere pou yo sa ki bon nan lemonn sa a ak nan lòt mond k’ap vini an. Anplis, ekri pou yo sa okenn nan kreyati Ou yo pa te janm dekouvri, epi konte yo pami moun ki te antoure Ou, e ki te viv pre twòn Ou an nan chak mond pami tout mond Ou yo.

An verite, Ou se Toupisan an, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès.

#7768
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè pou Jèn nan

Premye Jou Jèn nan

O Bondye mwen! Sa a se premye jou nan Jèn nan Ou te bay lòd pou byeneme Ou yo swiv. Mwen mande Ou poutèt Ou Menm epi poutèt li menm ki te jene akoz lanmou li gen pou Ou e poutèt l’ap chèche bon plezi Ou - li menm ki pa te fè Jèn nan poutèt egoyis li ak dezi li, ni pa paske li pè kolè Ou - mwen mande Ou poutèt pi bèl non Ou yo ak pi wo kalite Ou yo, pou pwòpte sèvitè Ou yo kont lanmou pou tout bagay ki pa Ou menm, fè yo avanse pi pre Sous-Douvanjou a pou limyè ki nan figi Ou ak pre Syèj twon linite Ou a. Limen kè yo, O Bondye mwen, avèk limyè konesans Ou epi klere figi yo avèk reyon Solèy la ki briye nan syèl volonte Ou. Ou gen pouvwa pou fè tout sa ki fè Ou kontan. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Tout-Gloriye a, Sila a tout moun ap sipliye èd Li a.

Ede yo, O Bondye mwen, pou rann Ou viktoriye epi egzalte Pawòl Ou a. O Bondye! Kite yo vin tankou men nan Koz Ou a pami sèvitè Ou yo, fè yo devwale relijyon Ou ak siyn Ou yo pami limanite, jiskaske tout mond la ap kouvri avèk souvni Ou ak lwanj pou Ou, avèk prèv ak siyn Ou yo. An verite, se Ou menm Ki Gen Tout Bonte a, Ki Pi Egzalte, Ki Genyen Tout Pouvwa, Toupisan an, Mizèrikòdye a.

#7769
- Bahá'u'lláh

 

Priyè pou Fèmen Jèn nan

Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Nou te swiv Jèn nan daprè kòmand Ou epi nou fini li kounyeya akoz lanmou Ou e daprè bon plezi Ou. O Bondye mwen, nou priye Ou pou asepte, avèk gras Ou, aksyon nou fè nan chemen Ou poutèt bèlte Ou sèlman, avèk figi nou fikse nan direksyon Koz Ou a, detache ak tout bagay esepte Ou menm. Epi, voye padon Ou sou nou, sou zansèt nou yo, ak sou tout moun ki te kwè nan Ou e nan trè gran siyn Ou yo nan pi pisan, pi gloriye Revelasyon Ou sa a. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou chwazi. An verite, Ou se Pi Egzalte a, Pi Pisan an, Sila a Ki Pa Gen Okenn Kontrent.

- Bahá’u’lláh

#7770
- Bahá'u'lláh

 

Priyè pou Tout Jèn nan

Nan Non Sila a Liv Sen Bondye yo te pwomi, Li menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Okouran Tout Bagay! Jou yo pou fè jèn nan gen tan rive, jou kote sèvitè yo ki antoure Twòn Ou, sila yo ki te rive jwenn prezans Ou an, ap jene. Se pou nou di: O Bondye tout non yo, O Kreyatè syèl la ak tè a! Mwen sipliye Ou poutèt Non Ou, Pi Gloriye a, pou asepte jèn sila yo ki jene poutèt lanmou yo genyen pou Ou e poutèt y’ap chèche bon plezi Ou, sila yo ki te fè sa Ou te kòmande yo fè nan Liv Ou yo ak Epit Ou yo. Mwen sipliye Ou, poutèt yo menm, pou ède mwen avanse Koz Ou a e pou fè mwen fidèl nan lanmou Ou, epi anpeche pye mwen yo glise akoz bwi kreyati Ou yo ap fè. An verite, Ou gen pouvwa sou tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Bay Lavi a, Ki Genyen Tout Pouvwa, Ki Gen Tout Bonte a, Ansyen nan Jou yo.

#7771
- Bahá'u'lláh

 

Lwanj pou Ou, O Bondye, Bondye mwen! Sa yo se jou Ou te kòmande sila yo Ou te chwazi, byeneme Ou yo ak sèvitè Ou yo pou yo swiv Jèn nan - Ou te fè Jèn nan yon limyè pou pèp yo nan wayòm Ou an, menm jan an Ou te fè priyè obligatwa a yon nechèl pou moun ki rekonèt linite Ou ta kapab monte. Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, poutèt de poto pisan sa yo, poto Ou te kòmande kòm yon glwa ak yon onè pou tout limanite, pou pwoteje relijyon Ou kont dezòd moun ki pèdi chemen an e kont konplo mechan yo. O Senyè, pa kache limyè a Ou te revele avèk pouvwa Ou ak pisans siprèm Ou an. Daprè kòmand Ou ak souverènte Ou, asiste moun ki vrèman kwè nan Ou avèk lame nou kapab wè a ak lame zanj envizib la. Pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Toupisan an, Li menm Ki Gen Plis Pouvwa.

#7772
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye mwen! Jou sa yo se jou kote Ou te mande sèvitè Ou yo pou yo fè Jèn nan. Ou te fè kòmansman Liv Lwa Ou a bèl avèk lwa Jèn nan, yon Liv Ou te revele pou kreyati Ou yo, e, nan lide tout sa yo ki nan syèl la ak tout sa yo ki sou latè, Ou te dekore Trezò kòmandman Ou yo avèk lwa sa a. Ou te bay chak moman nan Jou sa yo yon bonte espesyal, yon bonte pèsonn pa kapab dekouvri, se sèl Ou menm, O Ou menm Ki gen yon konesans ki antoure tout bagay ki te kreye. Ou te mete pou chak nanm yon pòsyon nan bonte sa a daprè Epit lwa Ou a ak Pawòl jijman Ou yo ki pa kapab chanje. Anplis, Ou revele chak fèy nan Liv sa yo e chak paj nan Pawòl sa yo pou chak nan pèp ak tribi ki sou tè a.

O Ou menm Ki Dirijan dirijan yo! Ou te sere pou byeneme devwe Ou yo, daprè lòd Ou, pou yo sonje Ou chak lè solèy la leve. Nanm sa yo se yo menm ki te tèlman soule avèk bwason gran sajès Ou a, yo kite kabann yo nan dezi pou yo chante lwanj Ou ak rakonte kalite Ou yo, e yo prese kite dòmi yo poutèt tout anvi yo genyen pou avanse pi pre Ou ak pataje nan bonte Ou yo. Nan tout moman, je yo fikse sou Solèy jantiyès Ou a ki plen lanmou, e figi yo vire bò kote sous Fontèn revelasyon Ou an. O Bondye mwen! Fè mizèrikòd Ou desann tankou lapli sou nou e sou nanm sa yo, fè li soti nan nyaj mizèrikòd Ou yo daprè sa k’ap diyn pou syèl bonte ak gras Ou.

Lwanj pou non Ou, O Bondye mwen! Sa a se lè kote Ou te detake pòt bonte Ou devan figi kreyati Ou yo, e Ou te fè baryè dous mizèrikòd Ou ouvri byen laj pou tout abitan ki viv sou tè Ou a. Mwen priye Ou fò, poutèt tout moun ki te asepte san yo koule nan chemen Ou an - moun ki te tèlman anvi jwenn Ou, yo te elimine tout atachman yo te genyen pou tout kreyati Ou yo, moun ki te tèlman soule avèk dous pafen revelasyon Ou, sa te fè chak manm nan kò yo chante lwanj pou Ou epi vin jwenn lavi lè yo te sonje Ou - mwen sipliye Ou, poutèt moun sa yo, pou pa anpeche nou jwenn tout sa Ou te deside pou Revelasyon sa a - yon Revelasyon ki tèlman pisan nan Jou sa a li fè chak pyebwa fè apèl menm jan an Bwison Adan an nan tan lontan an te anonse mesaj devan Moyiz, Li menm Ki te pale avèk Ou. Pisans Revelasyon sa a tèlman fò nan Jou sa a li fè chak gravye sone ankò avèk lwanj pou Ou, menm jan an wòch yo te glorifye Ou pandan tan Mahomè yo, Zanmi Ou.

O Bondye mwen! Sila yo se moun Ou te bay sipò avèk gras Ou pou yo jwenn zanmitay Ou e kominike avèk Sila a Ki Revele Ou menm menm. Van volonte Ou yo te gaye yo toupatou nan lemonn jiskaske Ou te rasanble yo ansanm anba lonbraj Ou, e Ou te fè yo antre nan lakou twòn Ou an. Kounyeya, depi Ou te fè yo viv anba lonbraj tant mizèrikòd Ou a, mwen mande Ou pou asiste yo rive jwenn sa ki merite yon ran ki wo konsa. O Senyè mwen, pa kite yo konte pami moun ki te rive devan Ou, men ki pa t’ reyisi rekonèt figi Ou, pa kite yo konte pami moun ki te rankontre Ou, men ki pa t’ reyisi jwenn prezans Ou.

Moun sa yo se sèvitè Ou, O Senyè mwen, ki te antre avèk Ou nan Pi Gran Prizon sa a, ki te kenbe Jèn nan anndan mi li yo daprè regleman Ou te kòmande nan Epit lòd Ou yo ak nan Liv volonte Ou yo. Poutèt sa, voye desann sou yo sa ki pral konplètman pwòpte yo elimine nan yo tout sa Ou rayi, pou yo kapab konplètman devwe pou Ou, e pou pèmèt yo konplètman detache yo ak tout bagay esepte Ou menm.

Epi, voye desann sou nou, O Bondye mwen, sa ki diyn pou gras Ou, sa ki kòrèk pou bonte Ou. Epi, fè nou sonje Ou pandan n’ap viv, O Bondye mwen, e fè nou mouri nan lanmou nou pou Ou. Ban nou favè prezans Ou nan lòt mond yo - mond pèsonn moun pa kapab dekouvri yo, sof Ou menm. Ou se Senyè nou e Senyè tout mond yo, Ou se Bondye pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou latè.

O Bondye mwen! Ou wè sa ki te rive byeneme Ou yo nan jou pa Ou yo. Glwa Ou pote mwen temwayaj! Vwa soufrans moun Ou te chwazi yo te leve toupatou nan wayòm Ou an. Kèk pami yo te tonbe nan pyèj enkredil yo nan peyi Ou, e sa te anpeche yo jwenn kontak avèk Ou e rive nan lakou glwa Ou. Genyen lòt pami yo ki te reyisi avanse pi pre Ou, men yo pa t’ gen chans gade figi Ou. Genyen lòt ankò ki te tèlman antouzyas pou wè Ou, yo te reyisi jwenn posibilite antre nan lakou twòn Ou, men yo te kite vwal ki genyen yo separe yo ak Ou menm - vwal ki se lide san valè kreyati Ou yo genyen ak enjistis opresè yo pami pèp Ou yo te fè Ou.

O Bondye mwen! Sa se epòk la Ou te fè pi bon pase tout lòt epòk yo, epi Ou te rakonte li pou kreyati Ou te chwazi yo. Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, poutèt Ou menm, e poutèt kreyati Ou te chwazi yo, pou kòmande sa ki pral egzalte byeneme Ou yo pandan ane sa a. Anplis, mwen mande Ou deside pandan ane sa a, O Bondye mwen, sa ki pral pèmèt Solèy pisans Ou klere fò nan syèl glwa Ou a, e pou li limen tout latè daprè pouvwa souveren Ou.

Bay Koz Ou laviktwa, O Bondye mwen, e bese enmi Ou yo. Epi, ekri pou nou tout sa k’ap bon nan lavi sa a ak nan lòt lavi a. Ou se Laverite, Sila a Ki konnen bagay ki sekrè yo. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a K’ap Toujou Padone, Ki Gen Tout Bonte a.

#7773
- Bahá'u'lláh

 

O Bondye Mizèrikòdye a, Ou menm Ki genyen pouvwa ki antoure tout bagay ki kreye, Ou wè sèvitè sa yo ki koube yo nèt devan Ou, ki, daprè bon plezi Volonte Ou, ap swiv pandan jounen an jèn nan Ou te kòmande a. Yo leve menm anvan douvanjou a pou site Non Ou, e pou chante lwanj Ou, avèk espwa y’ap jwenn pòsyon pa yo nan bon bagay Ou te sere nan trezò gras ak bonte Ou yo. O Ou menm Ki kenbe nan men Ou kòd k’ap dirije tout kreyasyon an, O Ou menm Ki sere tout wayòm non Ou yo ak kalite Ou yo, mwen sipliye Ou, nan Jou Ou a, pou pa kite sèvitè Ou yo manke jwenn lapli k’ap soti nan nyaj mizèrikòd Ou yo, ni pa anpeche yo pran pòsyon pa yo nan oseyan bon plezi Ou a.

Tout bagay ki tou piti sou latè bay temwayaj sou grandè pouvwa Ou ak souverènte Ou, O Senyè mwen; e tout siyn nan linivè a pwouve glwa majeste Ou ak pisans Ou. O Ou menm Ki se Senyè souveren tout bagay, Ou menm Ki Wa jou ki p’ap fini yo, ak Dirijan tout nasyon yo! Mwen lapriyè Ou, O Senyè, pou genyen mizèrikòd pou sèvitè sa yo, yo menm ki te kenbe fèm ak kòd kòmandman Ou an, yo menm ki te bese tèt yo devan revelasyon lwa Ou yo ki te desann nan syèl Volonte Ou.

Ou wè, O Senyè mwen, fason je yo fikse nan direksyon douvanjou jantiyès Ou ki plen lanmou, e fason kè yo atache ak oseyan bonte Ou yo, e jan yo bese vwa yo devan dous melodi Vwa Ou, k’ap chante non Ou ki Pi Gloriye a depi nan Otè ki pi Wo a. Ede byeneme Ou yo, O Senyè mwen, yo menm ki te abandone tout sa yo posede, pou yo kapab jwenn sa Ou posede. Se yo menm ki te antoure ak eprèv e difikilte poutèt yo te renonse ak lemonn, e yo te fikse afeksyon yo sou wayòm glwa Ou a. Mwen priye Ou, O Senyè mwen, pou pwoteje yo kont atak pasyon mechan yo ak move dezi yo, e ede yo jwenn sa ki pral bon pou yo nan lemonn sa a ak nan lòt mond la tou.

Mwen lapriyè Ou, O Senyè mwen, poutèt Non Ou ki kache, ki genyen anpil valè, k’ap fè apèl byen fò nan wayòm kreyasyon an, e k’ap envite tout pèp yo pou jwenn Pyebwa ki pa kapab depase a (Mesaje a) - syèj glwa selès la - mwen lapriyè Ou pou fè desann sou nou, e sou sèvitè Ou yo, lapli mizèrikòd Ou k’ap debòde a, pou li kapab pwòpte nou pou nou pa sonje anyen esepte Ou menm, e atire nou nan bòrivaj lanmè gras Ou a. Avèk Plim Ou ki pi egzalte a, O Senyè, chwazi sa ki pral fè nanm nou kontinye viv pandan tout etènite nan Wayòm glwa Ou a, sa ki pral byen ekri non nou yo pou tout tan nan Paradi Ou a, epi ki pral defann lavi nou nan trezò pwoteksyon Ou e pwoteje kò nou nan fòterès Ou ki pa kapab vyole. Ou genyen pouvwa sou tout bagay, kit se nan tan pase, kit se nan lavni. Pa genyen lòt Bondye pase Ou, Ou menm Pwotektè a Ki genyen tout pouvwa a, Sila a Ki Egziste Pou Kont Li a.

Ou wè, O Senyè, men nou ki leve, y’ap sipliye bò kote syèl favè ak bonte Ou. Asepte pou yo kapab ranpli ak trezò benediksyon Ou yo ak gran favè Ou yo. Padone nou, padone papa nou, ak manman nou, e fè nou jwenn tout sa nou t’ap chèche nan oseyan gras Ou ak jenewozite Diven Ou. O Byeneme kè nou, asepte tout travay nou te fè nan chemen Ou. An verite, se Ou Ki Genyen Plis Pouvwa, Ki Pi Egzalte, Ki Pa Gen Parèy, Ki Rete Pou Kont Li, Ki Padone, Ki Plen Gras.

#7774
- Bahá'u'lláh

 

Glwa pou Ou, O Senyè, Bondye mwen! Men jou Ou te kòmande pou tout moun swiv jèn nan, pou li ta kapab pwòpte nanm yo epi fè yo detache ak tout bagay esepte Ou menm, e pou li ta fè monte nan syèl la sa ki ta merite lakou grandè Ou ak sa ki ta kòrèk pou Syèj revelasyon inite Ou a. Asepte, O Senyè mwen, pou jèn sa a kapab tounen yon rivyè dlo lavi e pou li bay rekòlt tout bonte Ou te fè li posede. Fè jèn nan pwòpte kè sèvitè Ou yo, yo menm ki pa t’ kite mechanste nan mond sa a anpeche yo vire nan direksyon Non Ou ki genyen tout glwa a. Se sèvitè sa yo ki te rete fèm malgre tout bwi ak konfizyon ki te soti nan moun ki te rejte pi gran siyn Ou yo. Siyn sa yo te parèt lè Manifestasyon Ou an te parèt, Sila a Ou te bay souverènte Ou, pouvwa Ou, majeste Ou ak glwa Ou. Sèvitè sa yo se yo menm ki te prese pou jwenn mizèrikòd Ou imedyatman aprè yo te tande apèl Ou, e se yo menm ki pa t’ kite okenn chanjman ak chans nan mond sa a ni limit imen yo genyen anpeche yo jwenn Ou.

O Bondye mwen! Se mwen menm ki bay temwayaj sou linite Ou, e mwen rekonèt Ou se sèl Bondye a ki genyen. Mwen koube mwen ak tout sajès devan siyn majeste Ou, epi mwen rekonèt e bese tèt mwen devan gran limyè ki soti nan glwa selès Ou. Mwen te kwè nan Ou depi Ou te ede mwen konnen Manifestasyon Ou, Sila a Ou te revele devan je lèzòm avèk pouvwa souverènte ak pisans Ou. Mwen te vire bò kote Li, mwen konplètman detache ak tout bagay e m’ap kenbe byen fèm ak kòd bonte ak favè Ou a. Mwen atache mwen byen fò ak laverite Li, ak laverite tout lwa ak kòmandman mèveye Ou te voye desann sou Li. M’ap fè jèn nan poutèt lanmou mwen gen pou Ou e pou mwen swiv kòmandman Ou yo, e m’ap kase jèn mwen avèk lwanj pou Ou nan lang mwen e daprè plezi Ou. O Senyè mwen! Pa pèmèt mwen konte pami moun ki te fè jèn nan pandan jounen yo, ki te bese yo atè devan figi Ou pandan nwit yo epi, kanmenm, ki te nye laverite Ou, ki pa te kwè nan siyn Ou yo, ki te opoze ak temwayaj Ou a, e ki te vire tounen pawòl Ou yo.

Ouvri je mwen, O Senyè mwen, e ouvri je tout moun ki te chèche Ou, pou nou kapab rekonèt Ou ak je pa Ou. Sa a se lòd Ou te bay nan Liv la - Liv Ou te voye desann sou Li menm Ou te chwazi daprè volonte Ou, Sila a Ou te seleksyone pami tout kreyati Ou yo pou Li ta jwenn favè Ou, Li menm Ou te deside bay onè pou Li montre pouvwa souverènete Ou, Li menm Ou te bay benediksyon espesyal Ou yo e Ki te jwenn konfyans Ou pou pote Mesaj Ou a pou pèp Ou yo. Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, paske Ou te pèmèt nou rekonèt Li poutèt gras Ou e paske Ou te pèmèt nou rekonèt tout sa Ou te voye desann sou Li, e paske Ou te ban nou onè pou nou rive jwenn prezans Sila a Ou te pwomèt nan Liv Ou a ak nan Epit Ou yo.

Ou wè mwen, O Bondye mwen, jan figi mwen vire nan direksyon Ou, e jan m’ap kenbe fèm ak kòd bonte Ou ak jenewozite Ou ki plen gras, e jan m’ap kenbe ke wòb dous mizèrikòd Ou yo ak favè Ou yo ki plen bonte. Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, pa detwi espwa mwen genyen pou rive jwenn sa Ou te chwazi pou sèvitè Ou yo ki te vire bò kote lakou Ou a e bò kote tanp prezans Ou an, e ki te swiv jèn nan poutèt lanmou yo gen pou Ou. Mwen bay temwayaj, O Bondye mwen, tout sa ki soti nan mwen menm ap konplètman manke diyn pou souverènte Ou e li p’ap rive jwenn majeste Ou. Malgre sa, mwen lapriyè Ou, poutèt Non Ou te sèvi pou revele devan tout bagay ki te kreye yo pwòp Lespri pa Ou nan glwa tit Ou yo ki pi bon, e poutèt Revelasyon sa a kote Ou te montre bèlte Ou avèk Non Ou ki pi klere a, mwen lapriyè Ou pou fè mwen bwè nan koup diven mizèrikòd Ou a ak bèl bwason gras Ou a, ki te koule soti nan men dwat volonte Ou, pou pèmèt mwen tèlman fikse je mwen sou Ou, e tèlman detache mwen ak tout bagay esepte Ou menm, l’ap fè mwen wè lemonn ak tout sa ki te kreye ladann li parèt tankou yon jou ki trè kout Ou pa t’ menm te deside kreye.

Anplis, mwen priye Ou, O Bondye mwen, pou fè desann sou nou tankou lapli, soti nan syèl volonte Ou ak nyaj mizèrikòd Ou, sa ki pral pwòpte nou elimine move odè peche nou yo, O Ou menm Ki te pran Non Bondye Ki Mizèrikòdye a! An verite, se Ou Ki Pi Pisan, Ki Pi Gloriye a, Ki Plen Charite.

O Senyè mwen, pa repouse li menm ki te vire nan direksyon Ou, ni pa pèmèt li menm ki te avanse pou jwenn Ou rete elwanye ak lakou Ou. Pa kraze espwa li menm k’ap sipliye èd Ou - li menm ki te lonje men li yo pou chèche gras Ou ak favè Ou yo, e pa anpeche sevitè sensè Ou yo jwenn mèvèy dous mizèrikòd Ou yo ak jantiyès Ou a ki plen lanmou. Se Ou menm Ki Padone e Ki Plen Bonte, O Senyè mwen! Ou gen pouvwa pou fè sa ki fè Ou kontan. Tout lòt bagay ki pa Ou menm manke pouvwa devan revelasyon pisans Ou yo, e yo pèdi valè anfas grandè richès Ou yo, e yo sanble pa anyen lè yo konpare yo ak manifestasyon otorite Ou ki depase tout bagay, e yo manke tout fòs lè yo anfas siyn ak prèv pouvwa Ou. O Senyè mwen, ki lòt kote an sekirite ki egziste pou mwen ta prese ale esepte nan Ou menm, e ki lòt kote mwen ta kouri jwenn pwoteksyon? Okontrè, pouvwa pisans Ou pote mwen temwayaj! Pa gen yon pwotektè aprè Ou menm, pa gen yon kote pou kouri ale esepte bò kote Ou menm, pa gen okenn sekirite pou chèche sof nan Ou menm. O Senyè mwen! Fè mwen goute dousè sakre ki chita nan souvni Ou ak nan ba Ou lwanj. Mwen temwen sou pisans Ou! Nenpòt moun ki goute nan dousè sa a pral elimine nan li menm tout atachman ak lemonn ak tout sa ki ladann li, e li pral vire figi li nan direksyon Ou, avèk panse li yo tou pwòpte pou sonje sèl Ou menm.

Poutèt sa, voye souvni mèveye Ou sou nanm mwen, O Bondye mwen, pou mwen kapab glorifye non Ou. Pa konte mwen pami moun ki li pawòl Ou yo men ki echwe nan efò y’ap fè pou jwenn kado Ou ki kache ladann li daprè kòmand Ou - yon kado ki fè nanm kreyati Ou yo viv e ki fè kè sèvitè Ou yo bat. O Senyè mwen, fè mwen vin konte pami zanmi yo ki te si tèlman vin viv akoz dous pafen yo k’ap gaye nan jou Ou yo, sa te fè yo ofri lavi yo pou Ou, e prese pou rive kote yo t’ap jwenn lamò yo, poutèt gran dezi yo te genyen pou gade bèlte Ou e poutèt gran anvi yo te genyen pou jwenn prezans Ou. E si yon moun ta mande yo, pandan yo te sou wout yo, “Ki kote nou pr’ale?” yo t’ap di, “Nou pral jwenn Bondye, Li menm Ki Posede Tout Bagay, Ki Pote Sekou nan Danje, Sila a Ki Egziste Pou Kont Li!”

Peche moun ki te vire do ba Ou e ki te pote yo avèk ògèy devan Ou pa te reyisi anpeche zanmi sa yo renmen Ou, oubyen anpeche yo chèche wè Ou, oubyen anpeche yo vire nan direksyon mizèrikòd Ou. Zanmi sila yo se yo menm Lame Zanj anwo a ap beni, yo menm abitan Site lavi etènèl yo ap glorifye, e aprè sa, yo jwenn lwanj nan men moun plim Ou ki pi egzalte te ekri sou fon yo: “Sila yo! Pèp Bahá a. Akoz yo menm, ekla limyè direksyon an te gaye.” Se konsa Ou te deside, daprè kòmandman Ou ak volonte Ou, nan Epit Ou ki pa kapab chanje a.

Poutèt sa, O Bondye mwen, gaye nouvèl grandè zanmi sa yo ak grandè moun ki antoure yo pandan yo vivan oubyen aprè yo mouri. Ba yo sa Ou te chwazi pou sila yo pami kreyati Ou yo ki mache nan ladwati. Ou gen pouvwa pou fè tout bagay. Pa gen lòt Bondye sof Ou menm, Sila a Ki Genyen Tout Pouvwa, Ki Sekoure nan Danje, Toupisan an, Ki Gen Plis Bonte.

O Senyè mwen, pa kite jèn nou yo fini ak jèn sa a, ni pa kite alyans Ou yo fini ak alyans sa a. Nou mande Ou pou asepte tout sa nou te fè akoz lanmou nou pou Ou, e pou nou kapab fè Ou kontan, ak tout sa nou te manke fè akoz soumisyon nou anba dezi nou yo ki mechan ak move. Epi, ede nou kenbe fèm ak lanmou Ou ak bon plezi Ou, e pwoteje nou kont mechanste moun ki te nye Ou e ki te rejte siyn Ou yo ki pi klere. An verite, Ou se Senyè pou mond sa a ak lòt mond la tou. Pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Egzalte a, Sila a Ki Pi Wo a.

O Senyè Bondye mwen! Glorifye Li menm Ki se Premye Pwen an (Le Báb), Siyn Selès la nou pa kapab konprann, Lespri Envizib la, Solèy Diven an, ak Manifestasyon Otorite Ou. Se Li menm Ki te devwale byen klè tout konesans ki te genyen nan tan pase yo ak tout konesans ki pral genyen nan lavni; se Li menm Ki te dekouvri bijou lanmè sajès Ou yo ki te kache, e Ki te devwale sekrè a sou non Ou ki te sere a; se Li menm Ki te anonse Sila a Ki te mete ansanm epi ini lèt P, A, R, È e T yo ; se Li menm Ki te fè tout moun konnen majeste Ou, souverènte Ou ak pisans Ou; se Li menm Ki te fè pawòl Ou yo desann nan syèl la, e Ki te revele lwa Ou yo san konfizyon, e Ki te pibliye siyn Ou yo, e etabli Pawòl Ou; se Li menm Ki te devwale kè moun Ou te chwazi yo, e Ki te reyini ansanm tout sila yo ki nan syèl la ak tout sila yo ki sou latè; se Li menm Ou te rele ‘Alí-Muhammad nan wayòm non Ou yo, e Lespri tout Lespri yo nan Epit lwa Ou yo ki pa kapab chanje; se Li menm Ou te bay pwòp tit pa Ou; se nan non pa Li Ou te fè tout lòt non yo retounen; se nan Li menm Ou te fè tout kalite ak tit Ou yo rive jwenn pi wo nivo yo. Pou Li menm tou se tout lòt non yo ki te rete kache anndan tabènak Ou yo ki san tach, nan mond envizib Ou a ak nan site sanntifye Ou yo.

Glorifye anplis, O Bondye, moun ki te kwè nan Li e nan siyn Li yo, e ki te vire bò kote Li, pami moun ki te rekonèt linite Ou nan Manifestasyon Li Ki te parèt aprè a - yon Manifestasyon Li te ekri sou Li nan Epit Li yo, nan Liv Li yo, ak nan Ekri Li yo, e nan tout vèsè mèveye e tout diskou Li yo ki tankou bijou Ou te fè desann sou Li. Se te menm Manifestasyon sa a Ou te mande Li etabli alyans Li an anvan Li te etabli pwòp alyans pa Li. Se Li menm Liv Bayán nan te louwe. Liv sa a te chante lwanj sou glwa Li, etabli verite Li, anonse souverènte Li, e rann Koz Li a pafè. Beni se moun nan ki te vire bò kote Li, e ki te akonpli bagay Li te kòmande yo, O Ou menm Ki Senyè tout mond yo ak Dezi tout moun ki te konnen Ou!

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, paske Ou te ede nou rekonèt e renmen Li. Poutèt sa, mwen sipliye Ou nan non Li menm e nan non Yo menm Ki se Solèy Divinite Ou yo, ak Manifestasyon Otorite Ou yo, ak Trezò Revelasyon Ou yo, ak Bwat Sekrè pou fòs lespri Ou a, pou pèmèt nou sèvi Li ak obeyi Li, e pou ban nou pouvwa pou vin moun k’ap ede Koz Li a e pote laviktwa sou enmi Li yo. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Toupisan an, Ou menm Ki Genyen Tout Glwa a, Sila a tout moun ap chèche sekou Li!

#7775
- Bahá'u'lláh

 

Priyè pou Naw-Rúz

Priyè pou Naw-Rúz

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, paske Ou te chwazi Naw-Rúz kòm yon festival pou tout moun ki te fè Jèn nan poutèt lanmou yo genyen pou Ou, moun ki te rete lwen ak tout sa Ou rayi. O Senyè mwen! Fè flanm lanmou Ou ak chalè ki soti nan Jèn Ou te kòmande a byen chofe kè adèp ki nan Koz Ou a, fè yo angaje yo nan ba Ou lwanj, e nan sonje Ou.

Pliske Ou te abiye kwayan yo, O Senyè mwen, avèk bijou Jèn nan Ou te kòmande a, abiye yo tou avèk bèlte a ki nan bijou bon plezi Ou, poutèt gras Ou ak favè Ou ki plen bonte. Paske, tout aksyon lèzòm sou kont bon plezi Ou, epi Ou asepte yon aksyon sèlman daprè bon volonte Ou. Si yon moun pa te fè Jèn nan, e Ou menm, daprè volonte Ou, ta deside mete moun sa a pami moun ki te swiv li, konsa tout moun t’ap asepte li kòm yon moun ki te fè Jèn nan depi tout tan. E si Ou ta bay lòd pou yon moun ki te fè Jèn nan konte pami moun ki te kase li, lè sa a tou, tout moun t’ap konsidere moun sa a tankou yon moun ki te mete tach pousyè sou Wòb Revelasyon Ou an, e pami moun ki te elwanye yo ak dlo klè a ki soti nan Fontèn sa a k’ap bay lavi.

Se Ou menm Ki te monte drapo pawòl sa yo ki di: “Ou merite lwanj pou tout sa Ou fè,” e se Ou menm Ki te dewoule bandwòl pawòl sa yo: “Tout moun obeyi ak volonte Ou.” O Bondye mwen! Fè tout sèvitè Ou yo rekonèt grandè ran Ou ki parèt nan pawòl sa yo pou yo kapab konprann se desizyon Ou ak pawòl Ou ki bay tout bagay valè, e se pèmisyon Ou ak bon plezi volonte Ou ki deside ki valè chak aksyon pral genyen, epi fè yo rekonèt se Ou menm Ki kenbe nan men Ou kòd desten an ki gen kontwòl sou aksyon lèzòm daprè volonte Ou ak kòmandman Ou. Fè yo konnen sa, O Bondye mwen, pou pa gen anyen ditou k’ap egziste pou anpeche yo wè Belte Ou nan jou sa a yo. Nan jou sa a, Jezi Kri di: “Tout otorite se pou Ou, O Ou menm Ki te Sous la pou Lespri a (Jezi Kri).” E nan jou sa a Zanmi Ou (Mahomè) di: “Glwa pou Ou, O Ou menm Ki Pi Byeneme a, paske Ou te devwale Bèlte Ou, e Ou te ekri pou moun Ou te chwazi yo sa ki pral fè yo rive jwenn syèj revelasyon Pi Gran Non Ou an. Se Pi Gran Non sa a ki te fè tout pèp yo boulvèse, sof sila yo ki te detache ak tout bagay esepte Ou menm, e ki te vire bò kote Li menm Ki Revele Ou Menm menm, e Ki Manifeste kalite Ou yo.”

O Senyè mwen, Li menm Ki se Branch Ou ak tout lòt zanmi Ou yo te mete fen nan jèn pa yo jodiya, aprè yo te fin swiv li bò kote lakou Ou, e daprè dezi yo te genyen pou fè Ou plezi. Chwazi pou Li menm, ak pou yo menm, e pou tout moun ki te antre nan prezans Ou pandan jounen sa yo tout sa ki bon Ou te sere pou yo nan Liv Ou a. Epi, O Senyè mwen, fè yo jwenn tout sa ki pral ba yo avantaj ni nan lavi sa a, ni nan lavi aprè a.

An verite, se Ou menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la.

#7776
- Bahá'u'lláh

 

Priyè pou tout Jèn nan

Jèn nan

Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou poutèt Revelasyon sa a ki te fè fènwa tounen limyè, yon Revelasyon ki te konstwi Tanp Ki Byen Frekante a, revele Epit Ekri a epi devwale Pachemen Ouvè a, mwen sipliye Ou pou voye desann sou mwen ak sou sila yo ki nan prezans mwen an sa ki pral pèmèt nou vole nan syèl glwa Ou ki pi wo a, e ki pral lave epi retire tach dout yo ki te anpeche moun ki pa vle kwè yo antre nan tabènak linite Ou a.

O Senyè mwen, mwen se li menm ki te kenbe fèm kòd jantiyès Ou ki plen lanmou, e ki te rale ke rad mizèrikòd ak favè Ou yo. Bay lòd pou mwen menm ak pou byeneme mwen yo jwenn tout sa ki bon nan mond sa a ak nan lemonn k’ap vini an. Epi, tanpri, fè nou jwenn Kado ki Kache a Ou te sere pou kreyati Ou chwazi yo.

O Senyè mwen! Jou sila a yo se jou Ou te mande sèvitè Ou yo swiv Jèn nan. Benediksyon se pou li menm k’ap swiv Jèn nan sèlman poutèt Ou menm e ki pa gen okenn enterè esepte Ou menm. Ede mwen epi asiste yo menm, O Senyè mwen, pou nou obeyi Ou ak swiv kòmandman Ou yo. An verite, Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle.

Pa gen lòt Bondye aprè Ou menm, Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la. Tout lwanj pou Bondye, Senyè tout mond yo.

#7778
- Bahá'u'lláh

 

Tablets

Epit Dife a

Nan Non Bondye, Sila a Ki Pi Ansyen an, Pi Gran an.

Vrèman kè moun sensè yo ap dechire ak dife separasyon: Kote ekla limyè ki parèt nan Figi Ou, O Byeneme mond yo?

Sila yo ki pwòch Ou rete abandone nan fènwa dezolasyon an: Kote limyè maten an ki soti nan rankont avèk Ou, O Dezi tout mond yo?

Kò moun Ou te chwazi yo ap tranble sou sab nan peyi lwen yo: Kote lanmè prezans Ou, O Ou menm Ki Chame kè yo nan tout mond yo?

Men ki gen gran anvi leve nan lapriyè nan direksyon syèl gras ak bonte Ou a: Kote lapli benediksyon Ou yo, O Ou menm Ki Reponn tout mond yo?

Enkredil yo leve pou fè opresyon toupatou: Kote pouvwa k’ap domine a ki soti nan plim Ou k’ap bay lòd yo, O Ou menm Ki Pote Viktwa sou tout mond yo?

Chen yo ap jape fò nan tout direksyon: Kote lyon ki nan forè pisans Ou an, O Ou menm K’ap Bay Chatiman nan mond yo?

Maladi kè glase te tonbe sou tout limanite: Kote chalè lanmou Ou, O Dife tout mond yo?

Kalamite te rive nan pi wo nivo li: Kote siyn sipò Ou yo, O Sovè tout mond yo?

Fènwa te vlope pi fò nan pèp yo: Kote limyè glwa Ou a, O Ekla tout mond yo?

Venn kou lèzòm ap pete nan chèche fè mechanste: Kote epe vanjans Ou yo, O Ou menm K’ap Detwi mond yo?

Imilyasyon te desann nan pi ba nivo li: Kote prèv glwa Ou yo, O Glwa mond yo?

Tristès te atake Sila a Ki Pote Non Ou, Tout-Mizèrikòdye a: Kote lajwa ki nan Douvanjou Revelasyon Ou an, O Sous Kontantman mond yo?

Gran chagren te tonbe sou tout pèp ki sou latè: Kote banyè satisfaksyon Ou yo, O Jwa tout mond yo?

Ou wè Solèy siyn Ou yo vwale anba kritik mechan yo: Kote dwèt pisans Ou an, O Pouvwa mond yo?

Yon gran swaf te akable tout lèzòm: Kote rivyè bonte Ou a, O Mizèrikòd mond yo?

Gran anvi pou byen materyèl te mete tout limanite nan prizon: Kote moun k’ap bay egzanp detachman an, O Senyè tout mond yo?

Ou wè Mwen menm yo te maltrete a pou kont Mwen nan egzil: Kote lame selès la ki anba Zòd Ou, O Souveren mond yo?

Lemonn bliye Mwen nan yon peyi etranje: Kote modèl fidelite yo, O Konfyans mond yo?

Soufrans lamò te mete men sou tout moun: Kote lanmè lavi etènèl Ou k’ap monte a, O Lavi mond yo?

Satan te lage nan zòrèy tout kreyati souf sijèsyon li yo: Kote dife zetwal filant Ou an, O Limyè tout mond yo?

Pasyon fè preske tout limanite soule, fè yo vire do bay sa ki kòrèk: Kote sous sentete yo, O Dezi mond yo?

Ou wè Mwen menm lemonn te maltrete a kache anba vwal opresyon yo pami pèp peyi Lasiri: Kote ekla solèy Ou k’ap leve a, O Limyè mond yo?

Ou wè y’ap anpeche Mwen lanse mesaj la: Alò, ki kote melodi Ou yo pral soti, O Wosinyòl mond yo?

Pi fò nan pèp yo vlope nan sipèstisyon ak imajinasyon initil: Kote moun Ou yo k’ap bay egzanp fèmte, O Garanti mond yo?

Bahá a ap nwaye nan yon oseyan tribilasyon: Kote Lach delivrans Ou an, O Sovè tout mond yo?

Ou wè Douvanjou diskou Ou a nan fènwa kreyasyon an: Kote solèy ki nan syèl gras Ou a, O Ou menm Ki Pote Limyè pou tout mond yo?

Lanp laverite ak sentete yo, lanp lwayote ak onè yo, te etenn: Kote siyn kolè Ou k’ap vanje a, O Ou menm K’ap fè mond yo Bouje?

Èske Ou kapab wè menm yon moun k’ap pran ka Manifestasyon Ou an, oubyen ki reflechi sou sa ki te rive Li nan chemen lanmou Ou? Kounyeya men plim Mwen an sispann ekri, O Byeneme mond yo.

Branch ki pou Pyebwa Diven an kase tonbe atè akoz fòs van tanpèt desten an: Kote bandwòl sipò Ou yo, O Defansè tout mond yo?

Figi Bahá a kache nan pousyè medizans: Kote briz konpasyon Ou yo, O Mizèrikòd mond yo?

Kostim ladwati a te vin sal nan men pèp malonèt yo: Kote abiman sentete Ou a, O Bèlte mond yo?

Lanmè gras la sispann fè mouvman akoz tout sa men lèzòm te fè: Kote vag bonte Ou yo, O Dezi tout mond yo?

Pòt k’ap mennen nan Prezans Diven an vin fèmen akoz opresyon enmi Ou yo: Kote kle benediksyon Ou an, O Ou menm Ki Detake mond yo?

Van opozisyon kont otorite yo te soufle pwazon li, fè fèy yo vin jòn: Kote gwo lapli ki soti nan nyaj bonte Ou yo, O Ou menm Ki Bay pou tout mond yo?

Linivè a fènwa ak pousyè peche yo: Kote dous briz padon Ou yo, O Ou menm K’ap Padone tout mond yo?

Jèn sa a chagren nan yon peyi sech: Kote lapli gras selès Ou a, O Ou menm Byenfetè tout mond yo?

O Plim Siprèm nan, Mwen te tande apèl Ou ki pi dous la nan Wayòm etènèl la: Vire zòrèy Ou pou tande sa Lang Grandè a ap di, O Ou menm mond yo te maltrete a.

Si se pa t’ pou fredi a, kijan chalè pawòl Ou yo t’ap fè gen viktwa, O Ou menm Ki Esplike mond yo?

Si se pa t’ pou kalamite yo, kijan solèy pasyans Ou an t’ap fè klere, O Limyè mond yo?

Ou pa dwe tris poutèt mechan yo. Bondye te kreye Ou pou fè fas e reziste, O Pasyans mond yo?

Sa te dous lè douvanjou Ou te parèt nan syèl Alyans lan pami moun ki revolte kont otorite a, epi anvi Ou genyen pou jwenn Bondye te dous osi, O Lanmou tout mond yo.

Poutèt Ou menm, drapo endepandans lan te plante sou tèt mòn ki pi wo yo, epi lanmè bonte a te monte, O Ou menm Ki Gran Kontantman lemonn yo.

Poutèt separasyon Ou, Solèy Linyon an te reyisi klere, epi peyi Linite a te vin bèl akoz egzil Ou yo. Rete pasyan, O Ou menm Ki Egzile a pou mond yo.

Mwen te fè imilyasyon sèvi kòm kostim glwa a, epi soufrans sèvi kòm dekorasyon an bò tanp Ou, O Fyète mond yo.

Ou wè kè yo ranpli ak lahèn, men pito Ou fè tankou Ou pa wè sa, O Ou menm Ki Kache peche mond yo.

Lè ou wè epe yo soti nan fouwo yo, avanse devan! Lè flèch yo ap file, mache an anvan! O Sakrifis mond yo.

Èske Ou ap rele, oubyen èske Mwen pral rele? Pito Mwen pral kriye poutèt ti kantite moun ki pran ka Ou, O Ou menm Ki te fè rèl yo parèt nan mond yo.

An verite, Mwen te tande apèl Ou, O Byeneme Tout-Gloriye a; e kounyeya figi Bahá a anflame avèk chalè difikilte e avèk dife pawòl Ou k’ap klere; Li te leve avèk fidelite nan lotèl sakrifis la, pandan L’ap gade nan direksyon bon plezi Ou, O Ou menm Ki Bay Lòd nan tout mond yo.

O ‘Alí-Akbar, remèsye Senyè Ou poutèt Epit sa a kote ou kapab respire pafen dousè Mwen an, e kote ou kapab konprann sa ki te rive Mwen sou chemen Bondye, Sila a yo Adore a nan tout mond yo.

Si tout sèvitè yo ta li epi reflechi sou Epit sa a, pral gen yon dife ki limen nan venn yo ki pral mete dife nan tout mond yo.

#7616
- Bahá'u'lláh

 

Priyè Ahmad la

Se Li Ki Wa, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Saj la!

Men Wosinyòl Paradi a K’ap chante melodi yo ki sen e dous sou branch ki nan Pyebwa Etènite a, K’ap anonse moun sensè yo bòn nouvèl la ki di Bondye tou pre nou, K’ap envite kwayan nan Linite Diven yo rantre nan lakou Prezans Sila a Ki Renmen Bay la, K’ap fè nanm ki detache yo konnen mesaj Bondye te revele a, Li menm Ki Wa a, Ki Gloriye a, Ki Pa Gen Parèy, K’ap gide amoure yo rive nan syèj sentete a e jwenn Bèlte eklere sa a.

An verite, sa a se Pi Gran Bèlte a, Sila a Ki te anonse nan Liv Mesaje yo, se Li menm Ki pral fè diferans ant laverite ak erè e Ki pral teste sajès ki genyen nan chak kòmandman. An verite se Li Ki Pyebwa Lavi a K’ap bay fwi Bondye yo, Sila a Ki Egzalte a, Ki Pisan, Ki Gran.

O Ahmad! Temwaye pou di se Li, an verite, Ki Bondye e pa gen lòt Bondye pase Li, Wa a, Pwotektè a, Li menm Ki Pa Gen Rival la, Ki Gen Tout Pisans lan. E anplis, Sila a Ki te vini sou non Ali a se te vrè Mesaje Bondye, e se kòmandman Li yo nou tout ap chèche swiv.

Se pou nou di: O pèp rete obeyisan ak lwa Bondye yo, sa ki te kòmande nan Liv Bayán nan daprè Gloriye a, Sila a Ki Saj la. An verite se Li Ki Wa Mesaje yo epi Liv Li a se Manman Liv la si sèlman nou ta konprann sa.

Se konsa Wosinyòl la ap lanse apèl Li depi nan prizon sa a. Li sèlman gen pou delivre mesaj klè sa a. Nenpòt moun ki vle kapab vire do bay konsèy sa a e nenpòt moun ki vle kapab chwazi chemen Senyè li a.

O pèp, si nou rejte vèsè sa yo, sou ki baz nou pral di nou kwè nan Bondye? Bay prèv la, O asanble ipokrit yo.

Okontrè, Mwen sèmante sou Sila a Ki kenbe nanm mwen nan men Li, menm si yo t’ap mete ansanm pou tante akonpli zak sa a, yo pa t’ap kapab, e yo p’ap janm kapab fè li.

O Ahmad! Pa bliye bonte Mwen yo pandan Mwen absan an. Sonje jou Mwen yo pandan jou pa ou yo, ansanm ak soufrans ak egzil Mwen nan prizon lwen sa a. Kè ou dwe tèlman fidèl nan lanmou Mwen, li p’ap ezite, menm si epe enmi yo ap frape ou san rete, menm si tout syèl la ak tè a leve kont ou.

Rete tankou yon flanm dife pou enmi Mwen yo ak yon sous lavi etènèl pou byeneme Mwen yo, e pa mete ou pami moun ki doute yo.

E si ou jwenn difikilte nan chemen Mwen, oubyen imilyasyon ta tonbe sou ou poutèt Mwen menm, pa kite sa twouble ou.

Mete konfyans ou nan Bondye, Bondye ou ak Senyè zansèt ou yo. Paske pèp la pèdi nan fo chemen yo, epi yo manke kapasite pou wè Bondye ak pwòp je pa yo, oubyen tande Melodi Vwa Li ak pwòp zòrèy yo. Jan ou kapab konstate li tou, se konsa Mwen te jwenn yo.

Se konsa sipèstisyon pèp yo vin tounen yon vwal ki separe yo ak pwòp kè yo, ki anpeche yo mache nan chemen Bondye, Egzalte a, Sila a Ki Gran an.

Rete konfyan nan ou menm, an verite, nenpòt moun ki vire do bay Bèlte sa a se tankou li te vire do bay tout Mesaje Ki te vini nan tan pase yo tou epi li montre ògèy li devan Bondye depi nan kòmansman ki pa gen kòmansman an jiska lavni an ki pa gen fen.

Grave Priyè sa a nan kè ou, O Ahmad. Chante li pandan jou pa ou yo e pa ekate li. Paske an verite, Bondye te rezève pou moun k’ap chante Priyè sa a yon rekonpans ki egal ak san mati avèk yon sèvis nan tou de mond yo. Mwen te ofri favè sa yo kòm yon bonte Mwen ba ou ak yon mizèrikòd ki soti nan prezans Mwen, pou pèmèt ou fè pati moun ki gen rekonesans.

Mwen pran Bondye kòm temwen! Si yon moun ki nan difikilte oubyen chagren ta resite Priyè sa a avèk yon senserite total, Bondye pral chanje tristès li, rezoud problèm li yo epi elimine soufrans li yo.

An verite, se Li menm Ki Mizèrikodye a, Ki Gen Yon Kè Sansib. Lwanj pou Bondye, Senyè tout mond yo.

#7615
- Bahá'u'lláh

 

Priyè Vizitasyon pou ‘Abdu’l-Bahá

Priyè Vizitasyon pou ‘Abdu’l-Bahá

Priyè sa a se pou resite nan Tonbo ‘Abdu’l-Bahá; se Li ki te revele li. Moun konn sèvi avèk li tou nan lapriyè yo fè pou kont yo.

Nenpòt moun ki koube li byen ba pou resite priyè sa a avèk chalè ap pote kontantman ak lajwa nan kè sèvitè sa a; se pral tankou ou rankontre li fasafas.

Se Li menm Ki Tout-Gloriye a!

O Bondye, Bondye mwen! Avèk tèt bese e avèk dlo k’ap soti nan je mwen, mwen leve men mwen yo nan direksyon Ou e mwen bese tèt mwen nan pousyè Papòt Ou a, Papòt ki egzalte pi wo pase konesans moun edike yo, e pi wo pase lwanj tout sila yo k’ap glorifye Ou. Gade sèvitè Ou a, ki koube li e mete li ba devan pòt Ou a, gade li avèk gras Ou, ak rega je mizèrikòd Ou, e plonje li nan Oseyan bonte etènèl Ou a.

Senyè! Li se yon sèvitè Ou ki pòv e piti, kè li chame pou Ou e l’ap sipliye Ou, li anchenen nan men Ou, l’ap lapriyè Ou avèk devouman, avèk konfyans nan Ou, se avèk dlo k’ap soti nan je li devan figi Ou, l’ap rele Ou e l’ap sipliye Ou, pandan l’ap di:

O Senyè, Bondye mwen! Ban mwen gras Ou pou mwen kapab sèvi byeneme Ou yo, ranfòse mwen nan sèvis mwen pou Ou; nan lakou sentete Ou a, limen fon mwen avèk limyè ki soti nan adore Ou e nan priyè pou wayòm grandè Ou a. Ede mwen elimine ego mwen devan baryè selès Ou a, e ede mwen detache mwen ak tout bagay anndan vwazinaj sakre Ou a. Senyè! Pèmèt mwen bwè nan kalis sakrifis la; avèk wòb li abiye mwen, e nan oseyan li plonje mwen. Fè mwen vin tankou pousyè nan chemen byeneme Ou yo, epi asepte pou mwen ofri nanm mwen pou tè a ki te beni avèk mak pye moun Ou te chwazi yo te fè nan chemen Ou, O Senyè Glwa a Ki Pi Wo.

Avèk priyè sa a sèvitè Ou a rele Ou pandan douvanjou a e pandan lanwit. Satisfè dezi kè li, O Senyè! Klere lespri li, fè kè li kontan, limen limyè li, pou li kapab sèvi Koz Ou a ak sèvitè Ou yo.

Se Ou menm Ki Bay, Ki Plen Pitye, Ki Gen Plis Bonte, Ki Plen Gras, Ki Plen Mizèrikòd, Ki Plen Konpasyon.

#7619
- `Abdu'l-Bahá

 

Priyè Vizitasyon pou Bahá’u’lláh e Le Báb

Priyè Vizitasyon pou Bahá’u’lláh e Le Báb

Priyè Vizitasyon an se mo Bahá’u’lláh te revele nan plizyè moman diferan pou moun ki te lwen Li, se Nabil ki te chwazi yo mete yo ansanm daprè direksyon li te jwenn nan men ‘Abdu’l-Bahá aprè Asansyon Bahá’u’lláh a.

- yon korespondans ekri pou Shoghi Effendi

Moun resite priyè sa a nan Tonbo Bahá’u’lláh e nan Tonbo Le Báb. Anplis, gen moun ki konn resite li nan Jou Sen yo ki mache ak lavi Pèsonaj sa yo.

Lwanj ki te soti nan pi wo Lespri Ou a, e glwa ki te klere depi Bote Ou ki pi briyan, rete sou Ou, O Ou menm Ki se Manifestasyon Grandè a, ak Wa Etènite a, ak Senyè pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a! Mwen bay temwayaj se Ou menm Ki te revele souverènte Bondye ak pouvwa Li, majeste Bondye ak otorite Li, epi Solèy ansyen glwa yo te gaye limyè yo nan paradi desizyon Ou ki pa kapab chanje a. Se Ou Ki te revele nan syèl kreyasyon an Bèlte Envizib la. Anplis, mwen temwen se te yon sèl mouvman Plim Ou te fè ki te akonpli lòd Ou ki te di kreyasyon an: “Parèt,” e ki te fè Sekrè Bondye ki te kache a devwale, e ki te fè apèl pou kreye tout sa ki egziste, e ki te voye desann tout Revelasyon Bondye yo.

Mwen temwen toujou se bote Ou ki te devwale bote Sila a Tout Moun Adore a, e se figi Ou ki te klere figi Li menm Tout Moun Dezire a. Avèk yon sèl mo, Ou te deside sò tout sa ki kreye - Ou voye tout sa ki dedye yo pou Ou menm fè yo monte nan pi wo otè glwa a, epi Ou voye tout enkredil yo tonbe nan fon ki pi ba a.

Mwen temwen moun ki te rekonèt Ou te rekonèt Bondye, e sila yo ki te jwenn prezans Ou te rive jwenn prezans Bondye. Poutèt sa, benediksyon yo gran pou sila a ki te kwè nan Ou, e ki te kwè nan siyn Ou yo, e ki te mete li ba devan souverènte Ou, e ki te gen onè rankontre Ou, ki te rive jwenn bon plezi volonte Ou, ki te mache nan alantou kote Ou ye a, e ki te kanpe devan twòn Ou an. Malè ap tonbe sou li menm ki dezobeyi ak Ou, ki nye Ou, ki rejte siyn Ou yo, ki opoze ak souverènte Ou, ki leve kont Ou, ki rete ògeye devan figi Ou, ki diskite prèv Ou yo, ki kouri kite otorite Ou ak pouvwa Ou, e ki mete li pami enkredil yo ki te genyen non yo byen ekri nan Liv Sen Ou yo ak dwèt volonte Ou.

O Bondye mwen, Byeneme mwen! Voye sou mwen souf favè sakre Ou yo, ki soti nan men dwat mizèrikòd Ou ak dous jantiyès Ou, pou yo kapab ede mwen kite mwen menm ansanm ak lemonn, e chèche jwenn vwazinaj Ou ak lakou prezans Ou. Ou posede pouvwa pou fè tout sa Ou vle. An verite, Ou rete siprèm sou tout bagay.

Souvni Bondye ak lwanj Li, glwa Bondye ak gran limyè Li, rete sou Ou, O Ou menm Bèlte Li! Mwen temwen je kreyasyon an pa te janm gade yon lòt moun ki te maltrete tankou Ou menm. Chak jou nan lavi Ou, Ou te benyen nan yon oseyan mizè. Yon lè Ou te mare nan chenn; yon lòt lè, epe enmi Ou yo te menase Ou. Malgre sa, Ou te bay lòd pou lèzòm swiv preskripsyon Ou te jwenn nan men Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la.

Mwen ofri lespri mwen kòm sakrifis pou lenjistis Ou te soufri, epi mwen ofri nanm mwen kòm ranson pou difikilte Ou te rankontre. Mwen sipliye Bondye - poutèt Ou menm e poutèt yo menm ki te reyisi gen figi yo limen avèk limyè ki te klere nan vizaj Ou, moun ki te swiv tout sa yo te jwenn lòd pou yo fè daprè lanmou yo te genyen pou Ou - mwen sipliye Bondye, pou Li retire vwal ki te separe Ou menm ak kreyati Ou yo, e pou Li ban mwen tout sa ki bon nan lemonn sa a ak nan mond k’ap vini an. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Pi Egzalte a, Ki Tout Gloriye a, Ki Toujou Padone, Ki Genyen Plis Konpasyon.

O Senyè, Bondye mwen! Beni Pyebwa Diven an ak fèy li yo, ak twon li, ak branch li yo, ak tij li yo, ak boujon li yo, toutotan tit Ou ki pi bon yo ap kontinye e toutotan kalite mèveye Ou yo ap egziste. Epi, pwoteje li kont mechanste moun agresif yo e kont asanble opresè yo. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Genyen Plis Pouvwa. O Senyè, Bondye mwen! Beni anplis, sèvitè ak sèvant Ou yo ki te rive jwenn prezans Ou. Vrèman, Ou Genyen Tout Bonte, e gras Ou p’ap janm fini. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

#7618
- Bahá'u'lláh